28 octobre 2025
Alix Fils-Aimé pi danje ke yon sèpan ak venen
Actualités Cas d'assassinat Corruption Insécurité|Kidnapping

Alix Fils-Aimé pi danje ke yon sèpan ak venen

L’Edito du Rezo

Alix Fils-Aimé ou deja kanpe nan pa pòt listwa kòm yon politisyen ki vle fè pèp la vale yon pwa bouyi ak fòs. Yon remèd chwal. Ou pran pòz kòm yon stratèj, men an reyalite, ou se yon sèpan ak tout venen ou pote nan politik. Ou konnen byen pèp la di NON ak “référendum-bidon” ou lan, se pasa ki enpòtan konnya a men ou pèsiste tankou ke vwa milyon moun sa yo pa konte. Se pa yon ti gwoup ki kont pwojè remèd chwal sa a, jan mouche Enex ta vle fè kwè i, se mmajorite a ki kanpe fèm, e majorite sa a ap raple w chak jou ke tan esklavaj la ak « Yes Sir » fini. Dessalines te kè sou sa.

Sa ki pi rèd ankò, se fason ou kontinye gaspiye ti rès richès peyi a. Gouvènman Jovenel te deja gaspiye 40 milyon dola nan menm jwèt santi di sa a, epi ou menm ak akolit w yo pare pou boule plis pase 60 milyon. Nan yon peyi kote timoun pa jwenn lekòl, lopital vid, sekirite pa egziste, ou chwazi fè bann zanmi ou rich ak « magouy konstitisyonèl ». Se yon trajedi pou yon peyi ki deja anba labou mizè ak koripsyon nan leta ak gouvènman w lan.

Ou fè kwè ou ka achte tout moun ak lajan. Premye minis ou vin ye a se rezilta lajan, dapre sa yap di deyò a, kounye a ou kwè ou ka fè menm bagay ak manm CEP a, chèche yon prezidan tèt anba ki pi soumèt pou sèvi pwojè w. Menm Baro Pòtoprens deja di pawòl li : se yon fwod konstitisyonèl. Lè ou kontinye malgre tout avètisman sa yo, ou pa sèlman montre move volonte w, ou fè tout nasyon an wè w ap bati pouvwa w sou koripsyon ak trayi.

Men sonje byen, listwa toujou pike pi rèd pase lang moun. Peyi a ap obsève w, epi demen ou pap gen kache. Ou ap fè plis mal pase gang ak zam yo, paske ou mete rad leta sou do w pou detwi nasyon an pi anndan. Lè venenn sèpan gaye, li pa tounen ankò. Men nasyon sa a, menm si l pran kou, gen fòs pou leve, epi lè sa a, jijman an ap tonbe lou sou ou. Sispann fè demagoji yo wè anba w!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.