11 septembre 2025
Mèt Dorval !
Actualités Culture Kreyòl Opinions Politique

Mèt Dorval !

Mèt Dorval,
Pa mande m
Nouvèl sou peyi a
Peyi sa a pa ekziste
Wi li pa ekziste ni nan lalwa ni nan fè yo

Mwen sonje w anpil
Tankou yon nonm dwat
Yon entèlektyèl tout longè
Ki pat pè di sal panse

Wi mwen pap ka bliye w
Menmsi sila ki asasinen w yo
Toujou ap taye banda
Yo pa konn ki moun yo te touye a

Si m ta vle ba w nouvèl Ayiti
Kote w kouche an ou tap di ak pi plis fòs : “le pays n’est ni administré et ni dirigé”

Ou te lanse kri sa a maten
Jou ki te 28 dawou 2020 an
Si m ta di w menm Jovenel ki tap minimize asasina w lan pat epaye

Jovenel li menm li gen 4 lane depi li al jwenn ou
Kanta pou Jovenel pa pale
7 jiyè 2025 lan – sa a pase tankou yon pitimi pat ki gen twòp dlo

Sa a
Se sila
Ki pap tann
Kap kenbe memwa limen
Nan tout rakwen kote nou ap chache libète

Pa fatige w Mèt Dorval
Anyen pa chanje
Pa gen deba
Se bat dada
Ki genyen

Kenbe pouvwa nan tout move kondisyon
Tout moun fèmen bouch yo
Ak yon patat cho

Kanta pou lajistis pa pale
Tout jij ak Komisè Gouvenman
Se yon dyòb fonksyonè yo ap fè
Nan touché lajan san yo pap bay pèp lan jistis

Kanta pou Bawo an
Anpil avoka yonn ap voye toya sou lòt
Menm sitiyasyon ak imaj peyi d’Ayiti
Anyennta sou anyen pap mache
Tout moun sou manti

Sèl nouvèl konkrè ke m ka ba w nan jou anivèsè asasinay ou – gen yon foli ki ap travèse bann vòlò ki mete yo an 9 pou yo fè yon referandòm pou chanje konstitisyon 1987 lan

Dayè lè w te vivan ou te di ke li t merite gen yon pase men – se pa jan  w te di an non lap fèt – se jan BLAN vle li an

Mon chè konfrè e Batonye nou kotinye repoze w an pè – e pa regrèt Ayiti – paske peyi sa pa gen pyès kote li prale

Ma ba w yon ti nouvèl lòt ane de Ayiti si l rele Ayiti toujou

Mèt Elco

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.