Mèsi wi Leta, Sebon !
Mèsi Ministè Edikasyon Nasyonal
Pou Bal Koupe Zantray Sa a !
Ministè a Deklare
Sa Pase Sou « Lavwa Piblik »
Kidonk nan Lari, Dèlma 83
Kòmkwa, Li Pa Responsab
Pou Bal Sa a
Ki sòti nan Zam Ajan Sekirite Ministè a
Ki t ap Tire “a wotèdòm”
Dapre sa kèk temwen te deklare
Ministè a Pa Responsab Pou Bal Sa a
Ki soti nan zam Ajan Sekirite Ministè a
Ki t ap repouse Pwofesè estajyè
Ki t ap reklame Lèt Nominasyon yo
Nan men Yon Minis Ki Deklare « Lekòl la Kraze »!
Ministè a Pa Responsab Pou Bal Sa a
Ki sòti nan Zam Sekirite
Ministè Edikasyon Nasyonal epi
Ki Al Rachonnen Zantray
Wanderson Zamy, 19 Lane
Elèv Kolèj Kanado Ayisyen ,Ki t ap pase sou moto.
Mèsi wi , Ministè Edikasyon Nasyonal
Mèsi Leta!
Kadav Wanderson Zamy, Se Kadav Leta!
Leta Kadav la ! Leta Ensekirite a !
Leta ki pa responsab Anyen
Etan Lekòl ak Lopital Ap Boule
Etan Peyi a Gen Sant Kadav !
Minis la Pat Wont Deklare
nan Rankont Ofisyèl ak Laprès :
« Lekòl la Kraze »
Egal: Fòk Yo Detwi LAVI,
Fòk Yo Etenn Souf Tout Elèv ak Tèt Byen Plen
Pou Lespwa Ka Mouri !
Pou Ayiti Fin Detwi Nèt !
Se Pwojè Yo Sa !
Pou tout moun ka konnen Se Yo Ki Fè l
Yo Pa Peye Gang Fè l, Yo Fè l Yo menm
Epi Gran Lajounen !
Sonje : Se Sekirite
Ministè Edikasyon Nasyonal
Ki Tire epi annapre
Yo deklare : yo Pa Responsab,
Sa Pase nan Lari !
Je Chèch pase yo, nanpwen !
Apre bèl mobilizasyon Lajenès
Pou eksprime Endinyasyon Li
Apre anpil jou fin pase
Ministè a lage yon Kominike malatchonn
Pou fè konnen
yo ranmase Zam 15 Ajan Sekirite ki te la pou jou a.
Se pa pou dat Leta Santi Kadav la
Ap pran nou pou makak !
Y ap lolo nou, y ap woule nou nan farin !
Yo kalkile: Apre Lantèman
Wanderson Zamy
Nan Legliz Senpyè demen
Tout Bagay Ap Fini!
Se Toujou Konsa Sa Pase !
Ministè Edikasyon Nasyonal Manje
Wanderson Zamy, Yo Manje l nèt!
Se pap premye vè ki kraze nan gouvènman an !
Annapre : LankètSePouswi !Enpinite Pi rèd !
Nan Peyi Sa a: Lakonesans, Bonte, Lanmou ak Limyè
Poko ka Fè Gany devan
Fòs Lanmò Leta
Ki Degize an Ajan Sekirite
Ki Degize an Minis ,san nen nan figi!
Minis Edikasyon Nasyonal , Minis Jistis
Minis Lajenès
Premye Minis, Konseye Prezidan
Ak Ki Odas n ap ka Gade Fanmi ak Kanmarad
Wanderson Zamy
Je Nan Je
Pou n Di Yo : Se Pa LETA Ki Touye
Wanderson Zamy, 19 lane
Ki te reprezante ak Anpil Anpil lòt Jèn
Yon Lespwa Pou Ayiti ?
Yon Lespwa Ki Te Ka Kontribye Pou Ayiti Chanje !
Lajenès Ayiti Chaje ak Talan,
Li Chaje ak Limyè
Men malerezman Li Gaye !
Si Jèn yo Nan Peyi D Ayiti
Te ka Rasanble epi Oganize Pou Rache
Tout Move Zèb
Ayiti te ka tounen
Yon Bèl Ti Peyi Kote LAVI Fleri
Pou Tout Pitit Li Yo.
Nan jaden Sa a : JISTIS Ta Ka Fleri Pou
Wanderson Zamy ak Pou Tout Lòt Viktim Yo !
Men, Pou Nou Rive La
Gen Anpil Batay Ki Pou Mennen !
Nou Chak ki La ak Tout Lòt Yo,
Nou Dwe Limen nan Lespri Nou
Yon Balenn Ki Pa Dwe Janm Tenyen !
Nou dwe Limen Yon Balenn JISTIS
ki pou Gide Nou nan Gwo Batay Sa a.
JISTIS Pou Wanderson Zamy
ak Pou Tout Lòt Viktim Vyolans Kriminèl la !
Kouraj Pou Tout Fanmi ak Kanmarad Wanderson Zamy !
Yon Ti Mo Pou Tout Pwofesè Ki Te Gide,
Akonpanye Wanderson Zamy Lekòl
depi Lè Li t Ap Fè Ti Klas piti nan Kolèj Sen Jan
Jis Lè Li Fini nan Lekòl Klasik li
Nan Kolèj Kanado Ayisyen :
Bravo Pou Travay Nou Te Fè ak Wanderson Zamy
epi ak Tout Lòt Elèv Yo ak Anpil Lanmou.
Kou a Fè Nou Mal Men Nou Pa Dwe Dekouraje !
Travay la Pa Fasil Men Nou Dwe Kontinye, Nou Dwe Kontinye !
Pou Tout Elèv Kolèj Kanado Ayisyen,
kanmarad Wanderson Zamy
ki nan Gwo Lapenn jounen jodia ,
Nou menm tou, Kou a Fè Nou Mal
Men Nou Pa dwe Dekouraje
Nou Dwe Kontinye Etidye Pou Nou Prepare Lavni Nou !
Pou Nou Tabli Yon Ayiti Tou Nèf Kote
JISTIS ak Libète Blayi toupatou!
Sonje Deviz Lekòl la : Pi Wo , Pi Fò ,Pi Lwen !
Pou Tout Espòtif ki te Konn Ap Jwe Baskèt ak Wanderson
n ap di : Kontinye Antrene ,
Kou a Fè Nou Mal Men Nou Pa Dwe Dekouraje !
JISTIS Pou Wanderson Zamy !
JISTIS POU AYITI !
VOLE WO Wanderson Zamy !
Pi Wo , Pi Fò ,Pi Lwen !
Stephen William Phelps
Pòtoprens, 26 daou 2025.