25 septembre 2025
Lib e libè : Ti pwezi lakay 
Actualités Kreyòl Poésie

Lib e libè : Ti pwezi lakay 

Pawòl pale

Pawòl pale
Pawòl konprann 

Tout legim 
Se legim 
Se vre
Men 
Pa janm konfonn
Toufe militon
Ak
Toufe berejèn

Tout vyan griye
Se vyann griye
Se vre
Men
Pa janm konfonn
Taso 
Ak
Griyo

Pawòl pale
Pawòl konprann

© Arnousse Beaulière

« Lib e libè: Ti pwezi lakay » se yon nouvo ribrik pwezi an kreyòl kolaboratè nou, ekriven, powèt, zanmi nou, Dòk Arnousse Beaulière, kreye e ap dirije nan Rezo Nòdwès.  

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.