Se yon vwayaj pèsonèl men ki kolektif tou, nan inyon, pataj, ak lapè, pou transfòmasyon ak devlopman Ayiti, epi pou pwogrè pèp li a.
Lè m fè yon ti bak nan refleksyon ak gwo doulè mwen yo pou mwen konprann epi depase trajedi sanglan ki te pase desanm 2024 la, pandan m te Minis Sante e nou t ap pare pou relouvri Lopital Inivèsite Leta Ayiti (HUEH), Vizyon sa a pou transfòme Ayiti nou an sou baz yon desten ki ka reyèl, pa sispann boulvèse lespri mwen.
M pa sispann panse ni espere nou tout ka kwè ak fèmte reyalite nou ap viv jodi a — ki se yon aberasyon nan listwa nou , pa defini nou kòm pèp, epi li pa dwe, nan okenn fason, fè nou pèdi wout nou sou chimen destine nou. Yon destine kote nou se yon pèp fyè, kè kontan, pezib, nan sekirite, edike, ak an sante, k ap viv nan yon peyi ki gen cham, ki ap devlope akoz yon anviwònman sosyal ak ekonomik ki estab e ki bay lespwa.
Lè m te aksepte dirije MSPP, mwen te gen yon konviksyon solid m te kapab fè diferans lan, repare imaj ministè a ki te febli, epi pote chanjman pozitif ak dirab pou amelyore disponibilite, aksè, ak itilizasyon bon jan kalite sèvis sante nan benefis kominote a. Mwen te detèmine pou m mete fen nan move pratik ki ap detwi sektè a, defye sa yo ki panse yo pa ka manyen yo, atake dosye sansib tankou anplwaye ki pa janm prezan, lopital ki fèmen, direktè ki pa efikas, mank pèsonèl ki responsab. Mwen te vle mete fòs nou ansanm, mobilize resous nou ak patnè nou yo sou yon vizyon klè, k ap priyorize enterè kominote a anfen.
Mwen te kwè, e mwen toujou kwè, pi gwo defi nou pou devlopman Ayiti se pa mank resous, jan anpil moun renmen repete l pou jistifye tèt yo, men pito mank vizyon, lanmou pou peyi a, kouraj, konpasyon pou frè ak sè nou yo ki ap viv nan lamizè, mank detèminasyon pou fè diferans, ak mank lidèchip ki klè.
Chans pou nou, anpil zanmi, kolaboratè, ak patnè te kwè chanjman sa yo posib, e yo te mete tèt ansanm ak Ministè a pou apiye l e avanse.
Se konsa, malgre mank kolaborasyon nan kèk sektè ki konsène dirèkteman, ak anpil obstak nou te rankontre, nou te rive lanse kèk gwo chanjman malgre tout risk ki te genyen. Nou te relouvri matènite Isaïe Jeanty (Chancerelles), ki sèvi anpil fanm ak tibebe nan yon zòn ki an danje e anpil moun te deja bay li kòm yon ka pèdi. Epi, 24 desanm, jou lavèy Nwèl, nou te sou wout relouvri Lopital Jeneral — pi gwo lopital peyi a — ki, malgre li tou pre Palè Nasyonal la, te toujou fèmen depi plis pase yon lane, sa ki te anpeche tout yon popilasyon jwenn laswenyay esansyèl san okenn lòt rekou. Sa se te yon absidite ak yon wont pou nou tout ki ap travay nan sante!
Inogirasyon sa, ki te dwe make yon vèy Nwèl kè kontan, yon tounan pozitif ak senbolik, te fini nan trajedi lè nèg ame yo te kanpe sa ak gwo kout zam e sa te lakoz lanmò de jounalis ak yon polisye ki t ap fè travay yo.
Ak foug mwen kòm yon jèn doktè, ak pasyon mwen pou peyi m ak pèp mwen, petèt mwen te twò prese, twò enpasyan, e pou kèk moun, mwen te vin deranjan ak enkontwolab. Kidonk, yo te oblije asasinen mwen moralman, menase m, e finalman mete m sou kote.
Jou 24 desanm sa a pa t sèlman yon jou kote nou rate relouvèti yon lopital oswa yon rèv ki kanpe bridsoukou. Li pa t non plis — jan kèk moun te swete l — destriksyon yon moun ki te sakrifye tout bagay, men pito li te konfime enkonsekans nou yo, jalouzi nou, pwoblèm nou yo, sistèm nou ki pa fonksyone, e echèk kolektif nou pou soutni yon pèp ki pa gen anpil, men ki merite tèlman anpil.
Jou 24 desanm sa a, lavèy nwèl sa, pou mwen, se te plis pase tout lòt bagay, konfimasyon valè m, konviksyon m, ak lafwa m ki rete fèm nan peyi sa a. Si sa pa t ase, li te fè m vin pi detèmine pou m kontinye sèvi Ayiti ak pèp la, epi mache ak jèn yo sou chimen kolektif sa a pou nou chèche idantite nou ki pèdi ak destine ki fèt pou nou an.
M deside pou m pa dekouraje, pou m pa abandone, epi pi enpòtan, pou m pa janm, menm yon moman, kwè tout bagay fini oubyen anyen pa posib. Non! M kontinye kwè nan jenès sa a, nan kapasite l, e nan destine l, ki tèlman gen lespwa. Mwen kwè pèp sa a ap leve, ap mete Ayiti sou ray devlopman, Ayiti ap leve, ap viv, epi l ap briye.
M ap kontinye jwe wòl pa m nan, m ap kontinye angaje m nan mach sa a, menm si m konnen li ap difisil, tris, e fatigan pafwa. Men, jan lòt la di l… N ap gen viktwa ! Wi, Nou kapab!
Se pou sa, mwen envite nou, jenès Ayiti, leve kanpe! Rantre nan batay la ak mwen, ak tout lòt ki kwè toujou. Pa rete kòm senp espektatè ki pa ka fè anyen. Vin jwe wòl nou kòm aktè konnen risk yo la, angaje nou, epi deside mete men. Ansanm, nou ka konbat move tradisyon sa yo, e fè diferans lan.
Angaje fanmi nou, zanmi nou, pwofesè nou, rankontre anba pye Zanmann yo, nan lakou yo, nan katye yo, epi pale sou tout sijè sosyal, ekonomik, politik ak sekirite ki konsène nou.
Brase lide, respekte lide chak moun, aprann youn nan men lòt, mete tèt nou an kesyon. Pa chwazi wout ki pi fasil la! Pèfeksyon pa objektif la, aksyon se objektif la. Se sa n ap chèche ak imilite, pou nou ka chanje lè nou fè erè oswa pran move wout.
Chache pataje enèji nou, pasyon nou pou Ayiti, refleksyon nou yo ak dirijan nou yo, sosyete sivil la, patnè entènasyonal yo, donatè yo… Fè yo pran responsabilite yo, fòse yo reponn ak devwa yo! Patisipe nan tout deba, paske, anvan tout bagay, se nou, se peyi nou, se lavni nou!!!
Pran l an men ! Pa kite zòt panse pou ou, fè pou ou, li pap nan enterè w !
Konte sou mwen, mwen la pou sipòte nou, ankouraje nou, e menm, mache ansanm ak nou!
“Mach pou desten an” se yon vwayaj pèsonèl ak kolektif, yon wout pou transfòmasyon ak pwogrè pèp Ayisyen an. Mwen kwè ladan l ak tout kè m…
M se yon moun ki gen lafwa, e m santi m espesyal nan plan Bondye. Mwen kwè chak moun gen yon apèl, chak nasyon, menm lè li blese, ka releve. Sonje pwofèt Jeremi, li te defini lavi li daprè laj li, ak sitiyasyon politik peyi l. Men, Seyè a te ba li de gwo revelasyon:
1. Li di l malgre li te jèn, sa pa t chanje plan Bondye te trase pou lavi li.
2. Seyè a te ba li yon vizyon ekstraòdinè: «Seyè a di m: Jeremi, kisa w wè? Mwen reponn: Mwen wè yon branch Zanmann.» (Jeremi 1:11)
Pye Zanmann sa se premye pyebwa ki fleri lè prentan rive. Apre yon sezon fredi di kote nèj te rache tout bagay, tout te sanble mouri. Men, yon tij Zanmann leve, se te siy ki montre gen lavi toujou. Nèj la, kèlkeswa jan li pwès, pa ka anile plan Bondye sou lavi w. Plan sa a siyen, sele pou letènite.
« Lòt Ayiti a pa lwen ». Nou se yon pèp beni.
Mwen wè Ayiti tou nèf sa. Mwen reve li, mwen prepare li, epi m ap tann li ak lafwa. Yon Ayiti ki kanpe, ini, diy, k ap taye banda. Yon Ayiti k ap siprann mond lan nan jan li leve tèt li, ak kalm li, ak entèlijans kolektif li, ak kreyativite li, ak bèlte li. Yon Ayiti kote timoun ap aprann san danje, jwenn swen jan sa dwe fèt, travay ak espwa, epi viv ak fyète. Yon Ayiti kote jistis pa yon privilèj, men yon baz. Yon Ayiti kote lapè pa eksepsyon, men règ la.
Men, rèv sa pap reyalize nan solitid. Li ap konstwi nan inyon, paske fòs se nan linyon. Se sèl yon nasyon ini ki ka geri anba efè blese pase l yo. Inyon sa a kòmanse ak jès senp: koute lòt la, respekte diyite li, sispann rayi, chwazi fè efò, bati ansanm. Linyon sa ap ranfòse nan mitan fanmi yo, nan lekòl, nan katye, nan enstitisyon. Li konstwi nan volonte met tèt ansanm pou n chanje, rebati, geri.
Ayiti pa kondane pou l echwe. Li la pou etone mond lan. Mond lan ap gade nou, pafwa ak pitye, souvan ak dout. Men, ap gen yon jou kote menm mond sa a ap di ak admirasyon: “Pèp sa leve kanpe. Pèp sa bati. Pèp sa gen viktwa.”
Jou sa a ap rive si, e sèlman si, nou kanpe ansanm.
Wi, leve kanpe! Pote kwa w, men kontinye mache! Pote blese w, men geri yo. Pa dakò viv ajenou, pa lage tè nou, kilti nou, lafwa nou.
Lòt Ayiti a pa lwen. Li pa yon blòf. Se yon promès. Se pou nou pran l ak lafwa, kouraj, ak lanmou.
Nou se yon pèp beni. E benediksyon yo pa fèt pou gaspiye, men pou byen jere, epi pou pataje yo.
LACH PA EKRI ISTWA… Se sèlman brav ki gen kouraj sa!
E mwen, m chwazi rete nan mitan sila yo ki kontinye kwè, ki kontinye oze, ki kontinye mache.
Dr Duckenson Lorthé BLEMA
Ansyen Minis Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP)