« Pa vote lanmò nou »

Yo di nou gen dwa…
Men yo meté dra sou je nou.
Yo di se pou pèp la…
Men pèp la pa t la lè yo t ap ekri.
Yo relé sa Konstitisyon…
Men se pa nou ki te bay yo misión.
[Refrain]
Pa voté lanmò nou, non !
Se pa sa zansèt nou te révé.
Pa siyen pyèj yo, non !
Nou pap viv ak chenn makiyé.
[Couplet 1]
Yo ekri l anwo, men se anba l ap desann,
Se blan ak konplis k ap fè plan.
Yo vle fè nou bliye Konstitisyon mil nèf san katre ven sèt ,
Men san pèp la, sa se nèg k ap trayi nèg.
[Refrain]
Pa voté lanmò nou, non !
Se pa sa libèté vle di.
Pa siyen papye yo, non !
Tout sa fèt san nou, pap kenbe.
[Couplet 2]
Si ou santi ou pè, ou bouke, ou pa kwè,
Sonje : se lè ou pale yo pa ka mete w anba pyè.
Si ou soufri Stockholm, si ou blije fè silans,
Fè tankou Dessalines, montre nou pa nan rans.
[Pont]
Yo mete pitit peyi nan jwèt senatè san vot,
Yo kraze miray pou mete do pèp sou poto.
Men nou pa bèt, nou pa bwouya,
Nou se ras ki fè mirak anba chay kout bwa.
[Refrain final]
Pa voté lanmò nou, non !
Kenbe men frè w, leve tèt w.
Pa siyen pyèj yo, non !
Tout dwa se dwa pèp, pa dwa chef.
Pa voté lanmò nou, non !
Ann mete bouch ansanm pou n di NON !
Ann mete bouch ansanm pou n di NON ak maskarad sa !