30 décembre 2025
Zak sabotaj kont Santral idwoeletrik Pélig : nou pran nan mouvman enfiltrasyon, dapre Stephen William Phelps
Actualités Société

Zak sabotaj kont Santral idwoeletrik Pélig : nou pran nan mouvman enfiltrasyon, dapre Stephen William Phelps

Zak sabotaj kont Santral Idwoeletrik Pélig, pran nan mouvman enfiltrasyon, selon Stephen William Phelps

Zak sabotaj anti-nasyonal Santral Idwoelektrik Pélig la ak destriksyon gwo poto (pylônes) ki pote kouran elektrik tansyon wo yo.

Pa okipe yo, se pa tout moun ki egare. Se pa okenn swadizan « òganizasyon sosyete sivil Mirebalais » ki fè zak sabotaj detwi gwo pylônes elektrik yo pou swadizan mande Leta bayo sekirite ! Se menm ekip teworis ki gen plan pou kraze plat atè dwa grandèt majè Ayiti a ki enfiltre mouvman revandikatif popilè sa a nan Mirebalais pou fè ajanda politik ak ekonomik boss yo mache !

Ou pa kapab ap detwi yon enfrastrikti enèjetik estratejik nasyonal epi pou ou pran pòz ou ap revandike pou sekirite ! Mouvman sa a se yon mouvman krab, etranje finanse, pou ti nèg tèt fèb kontinye patisipe nan detwi Ayiti pou yon flè monnen ! Yo tout se konze, yo tout se trèt !

Onè ak respè pou tout pitit otantik Benoît Batraville yo ki ap chache òganize yo pou libere Mirebalais ak Saut d’Eau anba grif teworis sanginè yo ak tèt frèt, epi ki ap pridan pou move grenn pa vin enfiltre mouvman revandikatif yo a ki lejitim !

Stephen William Phelps, Pòtoprens, 22 jen 2025.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.