Nou pa ka toujou fè konplis, lè vòlè ak bandi tounen ofisyèl…
« Chita Anfas Yo »
Refrain
Chita anfas yo…
San w pa di anyen…
Se tankou w dakò
Pou y’ap nwaye espwa nou…
Chita anfas yo…
Pandan yo bay manti…
Pèp la ap kriye
Men yo ap fè bèl diskou…
—
**[Kouplè 1]**
Yo mete kostim, yo mete souri
Men se vòlè kè yo k’ap mache libi
Yo fè konferans, yo fè pale pale
Men Savien boule, timoun pa ka jwe.
Yo pale de plan, yo pale avni
Men se pòch pa yo ki toujou ranpli
Yo fè nou kwè gen lespwa demen
Men tout sa se pawòl san pwen.
—
**Refrain **
Chita anfas yo…
San w pa leve vwa…
Se tounen do bay tout
Sak mouri pou drapo sa…
Chita anfas yo…
Men kè pèp la brize…
W’ap suiv malfektè
Pandan y’ap kale la vèrite…
—
Kouplè 2
Yo di referandòm, men dat pa janm kenbe
Yo di gen akò, men Monitor pa janm mete
Yo pale fò, men nou wè klè sa yo kache
Se imaj y’ap vann, pandan pèp la ap plonje.
—
**Pon**
Nou pa ka toujou fè silans
Lè sa ki dwòl tounen nòmal…
Nou pa ka toujou fè konplis
Lè vòlè tounen ofisyèl…
—
Refrain final
Chita anfas yo…
San janm poze kesyon…
Se bay pouvwa
A tout zak san padon…
Chita anfas yo…
Men dyòb pa janm fèt…
Se vwa pèp la
Yo bouche ak bèl mo chèch…
audio