« Ayiti, Ki Wout N’ap Pran? » Klike anba ‘a pouka tande.
Un chant de résistance et de douleur pour Haïti, face à l’injustice et au chaos.
Refrain :
Ayiti, ki wout n’ap pran?
Se kè m’ap kriye, li pa ka kenbe ankò
Gade jan nou pèdi, gade jan nou tonbe
Lari an flanm, san koule, nasyon an an danje
Yo mete nou sou lis, yo fèmen pòt sou nou
Nou menm ki pèdi lakay, nou pa gen kote pou nou
Gouvènman ap pale, ak odas li panse
Men nou wè sa k’ap pase, masak ap fèt chak jou
Gade enstitisyon nou yo, se dife k’ap boule
Gade timoun yo, san avni, y’ap kouri pou lavi
Men nèg yo chita sou pouvwa, y’ap pale refèrannòm
Pandan gang yo ap mache, ak kout zam, ak kout manchèt
Nou gen gang ak zam, nou gen gang ak kravate
Tout ap fè lajan, sou do pèp kap peri
Kote 87 la, kote n’ap mennen nou?
Si nou pa di anyen, se nasyon an k’ap fini!
Refrain (x2) :
Ayiti, ki wout n’ap pran?
Se kè m’ap kriye, li pa ka kenbe ankò
Gade jan nou pèdi, gade jan nou tonbe
Lari an flanm, san koule, nasyon an an danje
Menm si tout pòt fèmen, men nou poko fin pèdi
Si nou leve vwa nou, si nou mete tèt ansanm
Ayiti ka kanpe, Ayiti ka chanje
Men fòk nou goumen, men fòk nou sonje!
pwodiksyon : cba
audio