14 janvier 2026
James Saint Germain : Pou Delma 19, zòn mwen pase 5 lane ap viv
Actualités Société

James Saint Germain : Pou Delma 19, zòn mwen pase 5 lane ap viv

Chak plenn ou toufe anba kalib,

Ou ta vle rele,

Men gòj ou anglouti nan lapèrèz,

Nwaye nan lanm san

Ki pete e ki koule san rete,

Tankou yon flèv ki pèdi rivaj li,

Yon dlo wouj k ap vale lari.

Malandren yo mete pye sou lestomak ou,

Yo peze, yo kraze,

Yo fè rèv ou tounen drivay,

Yon mòso rèv fann poupi,

Nan fant kilòt pafiman mizè,

Kote soufrans kenbe tanperati l ak swe.

Malandren yo ale ak pwojè ou,

Yo fini nèt ak ayayay ou,

Chire vwa w an miyèt moso,

Jete li nan lari san non,

Kote menm echo pè retounen.

Lari a tounen yon senfoni laterè,

Bòt frape tankou tanbou lagè,

Vit pete,

Moto file,

Zam chante ak flanm dife,

Yon kout bal fè repons ak yon lòt,

Yon rèl koupe van,

Yon bouch fèmen san dènye mo.

Bal fè lavi pè,

Menm solèy fè bak nan syèl la,

Li kache figi l anba yon rido lafimen,

Jou a bloke ant de kout zam,

Lavi kouri al kache nan fant mi.

Siflèt yon bal pase tou pre,

Li danse sou miray,

Li bay rit,

Trotwa yo reponn ak plenn,

Kout rèl dechire lannwit,

Lavi koupe an moso

Sou beton ki souke anba dega.

Ou goumen ase pou ou te rete kanpe,

Men pye ou trebiche anba tònad Viv nan san,

Trotwa a twò glise ak kras doulè,

Lari a tounen kadriyaj tou mantò,

Chak kwen yon pyèj san fen,

Yon lari kote lespwa trennen

Ak lestomak kole sou do li.

Tout figi ou se mak laterè,

Je w boule ak douk soufrans,

Chak souf ou se chalè fènwa

K ap bwase ak lespwa kase,

Tande rèl w koupe an mwatye,

Disparèt nan vwa zam k ap bat tanbou.

Pa lontan, ou te gen yon bote lalin

Ki pentire limyè sou tout mi ou,

Rèv yo t ap vole sou dra nwit la

Tankou zwazo ki pa t pè lannwit.

Men jodi a, se lannwit san fen

Ki wouze ou ak laperèz,

Yon lannwit ki vale chak flanm

Anvan li menm gen tan limen.

James Saint Germain

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.