14 janvier 2026
Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè leve vwa l kont movèz jesyon peyi an
Actualités Société

Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè leve vwa l kont movèz jesyon peyi an

Direktwa Konbit Òganizasyon politik sendikal ak popilè leve vwal kont movez jesyon peyi an                           

Pòtoprens 25 fevrye 2025

Not pou Laprès sou konjonti a anpatikilye sou dega, move konsekans ensekite ak  sou desizyon Lakou dapèl sou dosye 3 konseye yo

Dirèktwa Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè salye kouraj pèp Ayisyen ki pa sispann goumen pou yon Ayiti granmoun kote tout moun ka rive viv tankou moun , nan lonè, nan byennèt nan diyite ak nan bonjan sekirite. Yon lòt bò, KONBIT la ap salye memwa tout viktim machin ensekirite pote ale anvan lè epi ap pwofite eksprime endiyasyon ak kòlè li parapò a kalte gwo soufrans kriminèl nasyonal nan tètkole ak kriminèl entènasyonal yo enpoze pèp la depi kèk tan.           

                ,       ,         

 KRIMINÈL YO DETOUNEN PITIT PÈP LA, METE KOSTIM BOUWO SOU YO. Jounen jodiya kriminèl sa yo fè kò sou pèp la kote yo fè anpil pitit pèp la tounen bouwo ak gwo zam nan men yo, y ap kontinye fè popilasyon an monte maswife, fè anpil konpatriyòt nou ap kouri kite lakay yo, katye yo san yo pa konnen ki kote yo pral echwe. Aprè  anpil zak kriminèl kidnaping, vyòl, boule kay moun, boule lokal anpil lekòl, inivèsite biznis  elatriye, nan zòn Kenskòf, yo menm rive rache yon ti bebe nan men manman l epi boule li anba je manman li. Dènye krim sila a revòlte konsyans tout moun ki moun isit Ayiti tankou lòt bò dlo epi soulve kòlè, endiyasyon ak gwo soufrans ki pote ale manman ti bebe a epi pwovoke lanmò lòt konpatriyòt tankou ekriven , atis FRANKETIENNE  ki te fè yon gwo emosyon, gwo kòlè ak endiyasyon kote san ta koule nan nen li tèlman krim sila te sekwe li jouk nan nannan li, daprè enfòmasyon kèk pwòch li bay. KONBIT ap pwofite voye senpati li bay fanmi  tout viktim ensekirite planifye sila a anjeneral  epi fanmi, kòlèg ak zanmi ekriven atis  FRANKETIENNE yo ki nan gwo lapèn ak soufrans.  KONBIT la mande tout pèp la kontinye kale je li, leve kanpe pou ekzije bonjan mezi pran pou kaba ensekirite a nan kontinye trake ni gang teworis ak kòl yo ni gang teworis ak sapat yo nenpòt kote yo  ye.  

  LAPOLIS DWE MAKE TRAS PYE LI PLIS SOU TERITWA A. KONBIT ap pwofite salye ti  jefò tou piti Lapolis ki rive arete Magalie Habitant, Profane Victor,  ki ta sanble bay  enfòmasyon sou rezo gang teworis a kòl ki makònen ak gang teworis a sapat yo k ap travay pou menm mèt kont enterè mas pèp la. Gen sous ki ta fè konnen 2 mesye dam sila a yo ta rive revele alyansay ki genyen ant gang teworis a kravat yo ki nan pouvwa a , ki nan boujwazi pouri kòwonpi kriminèl la ak gang teworis a sapat yo.  Alyansay sila a pèmèt gang teworis a sapat yo rive jwenn ak fasilite gwo zam lou pou kontinye chavire peyi nou, mete pèp la nan kouri tout lajounen ak simen lanmò atravè tout kalte zak kriminèl yo kontinye ap komèt toupatou.  Aksyon kriminèl gang teworis yo  lakoz anpil aktivite bloke, peyi nou bloke, sikilasyon moun ak sikilasyon machandiz bloke, wout gran Nò ak gran Sid toujou bloke malgre tout gwo pwomès deblokaj gwo dirijan nan tèt Leta a pa sispann fè pèp la.  

Kidonk se nan sityasyon blokaj tèrib sila a jounen jodiya Lapolis kòmanse arete kèk konplis ki ta bay yon valè enfòmasyon ki ka pèmèt li fouke anpil gwo chabrak nan pouvwa a , oligak kriminèl nan boujwazi  a ki nan gwo alyansay ak gang teworis a sapat yo. 

     ,                                         ,               

PÈP AYISYEN DWE KALE JE L NAN KALFOU 2 BRANCH TEWORIS A KÒL , TWORIS A KRAVAT SILA  A  LAGE PEYI NOU. Men pou demach sila rapouswiv epi pèmèt yo mete anba kòd lòt gwo chabrak konplis yo fòk  pèp la kale je li sou gouvèneman an ak sou tout lòt aktè k ap fè blokaj pou rive anpeche Lapolis arete tout gang teworis a kravat yo k ap alimante ensekirite a  epi anpeche peyi nou debloke .  Anpil gwo chabrak nan Leta a ak oligak konplis kòmanse gen  gwo kè sote epi kòmanse mete tout grif yo deyò sou tout fòm. Y ap fè gwo traktasyon ak divèsyon pou tante bloke demach Lapolis ki vize arete sou baz enfòmasyon klè tout gwo chabrak ki nan alyansay kriminèl ak gang teworis yo. Yo kòmanse ap  voye devan anpil ti malere lavi ap malmennen al fè deklarasyon pou yo nan lide pou ta anpeche Lapolis rive sou yo.    

         ,                ,    ,               ,                         

 PÈP LA PA DWE KITE OKENN GANG TEWORIS ACHTE BATAY LI. KONBIT la ap raple pou tout  moun anjeneral sitou sila yo ki ap viv sitiyasyon vyolans gang teworis yo, mizè tèrib sila a, se yon obligasyon pou nou batay anpil pou rive soti nan katchouboumbe danjere yo lage nou la ak konkou gang ak kravat plis gang ak sapat yo.  Nou pa dwe kite okenn aktè kriminèl itilize nou  kòm zouti politik yo kont enterè nou. Nou dwe kale je nou kontinye batay pou chanje sitiyasyon malouk ak danjere n ap viv la. Nou dwe itilize entèlijans politik nou pou rive byen konprann jwèt k ap jwe kont nou an kote oligak k’ap batay ak oligak pou rive gen kontwòl Lapolis la, kontwòl gouvènman an ak kontwòl KPT a, yon mannyè  pou rive fasilite biznis zam ak minisyon epi lòt move biznis k’ap ranfòse boulvès la nan peyi nou.   Nou tout k ap soufri anba vyolans gang teworis yo, nou dwe kore tout demach k’ap fèt san demagoji pou ede peyi nou debloke.  

LAPOLIS DWE KENBE VIJILANS LI AK BOUSÒL LALWA. Pou sa ki konsènen demach Lapolis pou rive arete tout gang teworis ak kòl yo pandan y ap trake gang teworis ak sapat yo, KONBIT la ap mande  Lapolis la pou demach sila a fèt ak  anpil  prekosyon, selon sa lalwa trase,  yon mannyè pou evite enjistis ak tout sa ki ta sanble ak zafè pèsekisyon politik.  Men, pa dwe gen okenn moun ki plase anlè tèt lalwa kèlkeswa pozisyon li ta okipe nan tèt Leta a oubyen andedan sosyete a. Nan sans sa a, depi Lapolis jwenn bonjan enfòmasyon ki ta montre yon moun ta nan alyansay  ak gang teworis yo, Lapolis dwe, dapre sa Lalwa trase,  arete li menm lè li ta twouve li andedan gouvèneman an, anndan KPT a, nan boujwazi a  oubyen nan lòt gwo pozisyon.

ANVAN 7 MAS LA, PREZIDAN KPT A LESLY VOLTAIRE DWE PÈP LA EKSPLIKASYON SOU PWOMÈS SEKIRITE LI YO KI PONKO ATERI A. KONBIT la ap pwofite  raple pwomès Konseye Leslie Voltaire te fè nan dat 7 oktòb 2024 la kote li te di li ta pral konbat ensekirite a epi louvri pou pipiti youn nan gwo wout ki bloke yo .  Men kèk jou anvan li pase mayèt la bay Konseye Fritz A Jean ki dwe ranplase li nan dat 07 mas 2025 la, sitiyasyon ensekirite a poko amelyore jan sa te pwomèt la. Jiskaprezan tout gwo wout yo rete bloke. Anvan li pase mayèt la bay Fritz A Jean, Leslie Voltaire ta dwe eksplike pèp la ki sa ki lakòz pwomès sekirite a poko ateri,  okenn nan gwo wout poko debloke   ?

KI SA NOUVO PREZIDAN K AP VINI NAN TÈT KPT A PRAL POTE NAN REZOUD PWOBLÈM ENSEKIRITE A ? Fritz A Jean k ap pare pou li pran tèt KPT a nan dat 7 mas kap vini la a, dwe di aklè ki mezi konkrèt ki pral pran pou kòlte ak ensekirite a  epi ki bonjan solisyon li pote nan djakout li  pou ede pèp la soti nan kalfou danjere yo lage li la a ? Jounen jodiya pèp la pa bezwen  bèl pwomès,  li bezwen sitou aksyon dirèk pou pèmèt li sispann kouri, pou li rive sikile tout kote, pou tout moun rive retounen lakay yo, aksyon ki pou pèmèt  wout yo debloke, tout lekòl retounen fonksyone nan tout zòn kòmsadwa  epi satisfè revandikasyon anseyan yo, paran yo ak elèv yo pou aktivite lekòl reprann nan tout depatman yo.  KONBIT la ap pwofite denonse represyon kèk polisye san konsyans fè sou elèv nan Ansdeno/Grandans kap mande Leta  satisfè revandikasyon jis divès  aktè nan sektè ledikasyon an pou lekòl ka reprann nan tout depatman yo. KONBIT mande tout enstans nan Leta a pran responsabilite yo pou rezoud pwoblèm grèv anseyan  yo                                         ,   

DESIZYON LAKOU DAPÈL PÔTOPRENS SOU DOSYE 3 KONSEYE KPT A KI MELE NAN YON ESKANDAL BNC. Nan sa ki konsènen dènye desizyon Lakou Dapèl pran sou dosye 3 Konseye  : Gérald Gilles, Smith Augustin ak  Emmanuel Vertilaire ki enkilpe nan zafè koripsyon BNC a, jan anpil moun ki konnen lalwa pote presizyon sou li deja, desizyon sila pa blanchi okenn konseye ki enplike nan eskandal sila a, li sèlman di jij la pa ka tande 3 konseye  yo parapò a posizyon yo nan KPT a jounen jodiya.  Sitiyasyon 3 konseye sa yo poko fin eklèsi. Lajistis poko pwononse li sou kilpabilite 3 konseye yo. Sou baz sa a, 3 konseye sila yo : Gérald Gilles, Smith Augustin ak  Emmanuel Vertilaire  pa gen lejitimite pou reklame prezidans KPT a paske  sitiyasyon yo trouve yo ladan li a poko eklèsi toutbon vre.

Konbit la ap pwofite atire atansyon piblik la sou yon lòt aspè trè trè grav ki genyen nan dosye BNC a.Sa tout sitwayen-sitwayèn dwe konnen, BNC a se Bank Nasyonal Kredi, Bank kredi nasyon an. Anreyalite, sou yon popilasyon plis pase 12 milyon Ayisyen-Ayisyèn, se 4 grenn fanmi ki genyen swasant pou san  ( 60%) potfèy kredi BNC ! Ki kont mal taye ki pase ki fè se konsa li ye ? Èske aksyon 3 Konseye yo ak BNC se pou te ranje sa plis anfavè popilasyon an oubyen pou te peze sou maleng nan pi plis ? Annatandan,  KONBIT la ap kontinye mande KPT a panche sou dosye 3 konseye yo yon mannyè pou eskandal sila rive eklèsi pou tout moun. 

 POU KABA ENSEKIRITE A FOK GEN YON VOLONTE POLITIK DJANM DIRIJAN SAN DEMAGOJI KI PA PÈ PRAN BONJAN DESIZYON. Jounen jodIya, pou kaba ensekirite a, KONBIT la rete kwè nan reyalizasyon pwen sa yo :  1) -Dwe gen bonjan estrateji klè  ki dwe devlope ak mwayen nesesè Leta dwe bay Lapolis ak Lame pou yo rive devlope kapasite atak  yo.              2) -Dwe gen bonjan mezi ki adopte pou rive bloke tout sous ak zòn apwovizyònman  rezo kriminèl yo nan  kontwole  lanmè, fwontyè atè,  pò ak ayewopò yo.               3) -KPT a dwe rezoud pwoblèm divizyon ant Primati ak chèf Lapolis la, yon pwoblèm ki bloke anpil operasyon kont gang teworis yo  epi ki sèvi tankou yon po fig anba pye Lapolis la.    4) -Ede mete nan tout pòs estratejik nan Lapolis ak Lame moun ki pa nan konivans ak gang teworis yo,  yon fason pou retire tout blokaj posib. Enterè kolektif la dwe plase anlè tèt enterè endividyèl yo. Nan sans sa a KONBIT envite pèp la kale je li pou fòse yo mete enterè nasyon an anvan enterè klan.

Viv lit mas pèp la !          Viv yon Ayiti granmoun kote byennèt la blayi pou tout moun !

Pou Direktwa KONBIT la :

Jonès JEAN-BATISTE

Frantz BRIZARD

Josué  MERILIEN

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.