« Kè Pèp la Ap Pale »
Ayiti, ou sèch, ou grangou, ou fatige
Men yo vle mete flanm nan lari,
Yon karnaval san konsyans, pou kache doulè nou,
Tankou rad sou blesi ki poko geri.
500 milyon goud pou fè nou danse,
Pandan kris la ap vale nou chak jou,
San kay, san manje, san la vi,
E yo di nou: « Ann chante, ann ri! »
Non, non, non! Nou pa bezwen sa!
Nou pa bezwen mas pou kache verite a!
Kè nou ap kriye, men vwa nou leve,
Anile karnaval la, libète n ap chache!
Geng yo ap tire, timoun ap boule,
Nan flanm dife, nou pèdi lespwa.
Nan lari, kadav ap konte sou beton,
Men yo vle nou danse? Se tròp, se tròp, sa pa dwa!
Gouvènman vire do, li fè bak,
Men se pa pou pèp la li vrèman ap plede.
Yon referandòm bidon ap tann nan kache,
Yon lòt gaspiye, ak lajan k ap disparet.
Non, non, non! Nou pa bezwen sa!
Nou pa bezwen mas pou kache verite a!
Kè nou ap kriye, men vwa nou leve,
Anile referandòm nan, libète n ap chache!
Kisa n ap kite pou timoun yo?
Si se bay manti n ap kontinye fè?
Tèlman nou fatige ak tray,
Nou vle jistis, se sèl sa k ap geri peyi a.
Non, non, non! Nou pa bezwen sa!
Nou pa bezwen mas pou kache verite a!
Anile tout sa ki pa pou nou,
Peyi a bezwen lanmou, li bezwen onè!
Se pa nan danse sou kraze brize nou ap sove…
Men nan leve vwa nou, nan refize fèmen je.
Ayiti, tande kè nou…
Ayiti, se libète n ap chache…
tèks et montage musical : cba
Production Rezo Nòdwès
audio