Tè a Fin Kriye
Mizik pou Haïti, pou Kenscoff, pou lavi nou pèdi…Lè bandi dirije peyi, se lanfè ki ranplase lavi
audio
Lannuit twò long, solèy pa leve
Lanmisè blayi sou do lavi
Pye bwa frisonnen, van an ap plenyen
Yo boule rèv nou, yo boule lespwa
[Vèsè 1]
Manman kriye, pitit li boule
Nan men yo li te kenbe l’ sere
Men lanmò pi rèd pase lanmou
Yo fòse l’ lage l’ nan dife
Se pa sa li te swete, non
Se pa sa li te mande, non
Men lè bandi dirije peyi
Se lanfè ki ranplase lavi
[Refren]
Tè a fin kriye, dlo pa desann
Nou pèdi chimen, nou pèdi moun
Gouvènman kache, lap fè silans
Se kòmsi nou pa janm egziste
[Vèsè 2]
Lari plen kadav, mo n pa di
Kè nou chaje ak gwo doulè
Yo di se fo nouvèl, nou reve twòp
Men sang ap koule sou twotwa
Ayiti, ou sonje lè ou te bèl?
Lè mizik tap chante sou galri?
Jodi a, nou pè menm lalin
Paske chak lannuit se lanmò ki danse
[Refren]
Tè a fin kriye, dlo pa desann
Nou pèdi chimen, nou pèdi moun
Gouvènman kache, lap fè silans
Se kòmsi nou pa janm egziste
Yo di n’ pa wè sa nou wè
Yo di n’ pa tande sa nou tande
Men dife boule rèv nou
Men dife boule nou nèt…
[Dènye refren]
Tè a fin kriye, dlo pa desann
Nou pèdi chimen, nou pèdi moun
Gouvènman kache, lap fè silans
Se kòmsi nou pa janm egziste
Ayiti…
Ou tande vwa nou?
Ou wè san nou?
Nou pèdi twòp…
Nou pèdi twòp…
texte et arrangements musicaux : cba
Production Rezo Nòdwès