12 Janvye 2010 – 12 Janvye 2025: 15 Lane depi Latètranble te mennen aske plis ke 300,000 konpatriyòt, frè ak sè nou mouri, peri ann Ayiti. Ke san yo ak kò yo kontinye sèvi kòm semans ak awozaj pou nou menm ki vivan konstwi peyi nou pou li vin pi bèl, pi jis.
Nou sonje kalite gwo fòs solidarite nan mitan Pèp Ayisyen anba dekonb latètranble a. Kolon enperyalis yo te panike devan nivo solidarite sa a. Sou yon bò, yo te vit vini ak yon taktik pou kraze sa lè, nan endiyite, yo te deside lage manje depi anlè pou moun yo goumen pou rive rale w ti manje. Bagay la te parèt trè klè yo te vle kraze solidarite ki te koumanse manifeste tèt li nan mitan Pèp la. Nou pap janm bliye solidarite sa a nou te wè a paske se li ki baz fòs nou pou nou kontinye viv ak goumen anfas moveje lokal ak entènasyonal yo.
Sou yon lòt bò, anpil peyi te montre solidarite yo tou ak Pèp Ayisyen an nan voye tout kalite sipò, èd, soutyen tankou manje ak lajan. Montan fon solidarite entènasyonal la te rive a $16 milya dola vèt e li te anba kontwòl sa ki te rele CIRH ki te gen ansyen prezidan Bill Clinton ak ansyen premye minis Jean Max Bellerive alatèt li. Sa se anplis de $4.8 milya dola vèt fon Petwokarite peyi Venezwela te akòde a peyi d Ayiti a yon to preferansyèl e ke gouvènman phtk a tap jere.
Enben, de 2010 a 2020, ni $16 milya dola vèt fon CIRH yo, ni $4.8 milya dola vèt fon Petwokaribe yo pase nan gagòt. Ansuit, gen $1.50 frè transfè ak $0.05 apèl telefonik dyaspora a pou fon edikasyon an kap rantre nan pòch vakabon yo. Mafya yo vòlò tout lajan sa a sou do Pèp Ayisyen an. Ala mechan!!!
Pèp Ayisyen an dwe fèmeman fè tout vòlò sa yo remèt ni $16 milya dola vèt lajan latètranble CIRH la, $4.8 milya dola vèt fon Petwokaribe a, ak plizyè milyon dola vèt fon edikasyon dyaspora a, fouke e mennen tout malandren yo bay lajistis epi ba yo sa yo merite. Pa gen wout pa bwa! Se yon sèl fason Pèp Ayisyen kapab rive reyalize objektif reklame lajan sa yo.
Se nan batay òganize. Pèp Ayisyen dwe rantre danble nan konstriksyon lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak Travayè kòm Potomitan.
VIV SOLIDARITE NAN MITAN PÈP AYISYEN!
VIV LIT OTONÒM AK ÒGANIZASYON OTONÒM KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN!