Nan koze aktivite kiltirèl, gwo festivite ak kalite pwodiksyon mizikal depatman Nòdwès la te rive plase an twazyèm pozisyon kòm zòn k ap byen travay epi enpoze yon imaj pozitif ak tout valè nesesè sa mande. Se sitou ak prezans 2 gwo djaz konpa : SINIK MIZIK epi ALL STARS. Fòk nou siyale te gen plis pase 5 lòt gwoup ki te nan lòt rejis mizikal ki te jwenn anpil apresyasyon piblik Nòdwès la sitou gwoup Raga yo…
Nòdwès la se te zòn tou ki te konn resevwa tout gwo djaz ki genyen nan Endistri Mizik Ayisyen an (EMA) sou 16 dènye lane sa yo pou plezire kè pleziyis yo. Sa raple nou tout gwo aktivite ki te konn òganize swa nan moman fèt chanpèt yo nan komin Ansafolè nan fèt Sentàn, nan komin Senlwidinò nan fèt Lasenlwi, fèt Nativite sou zile Latòti epi fèt Imakile nan vil nan vil Pòtpe. Se te omwen 4 pwomotè ki te konn reyalize tout gwo festival ak plizyè bal nan okazyon sa yo. San nou p ap bliye festival ladekouvèt ki te konn òganize chak 5 desanm nan komin Mòlsennikola.
Daprè deklarasyon kèk pleziyis, yo menm di nou mizik Nu-Look ki te rele Gran depansè a se sou demann youn yon pwomotè Nòdwès li te fèt… Nòdwès la te peze lou nan mizik la !
Vil Pòdepè te konnen plizyè bèl festival nan okazyon fèt Imakile ak anpil bal anvan jou uit (8) desanm nan rive tou, FESTIVAL IMAKILE/ FESTIIMAKILE. Youn nan moun ki grave nan lespri moun Pòtpe nan mòd òganizasyon ak planifikasyon festivite ak chalè epi koulè nan zòn nan bò isit, ki p ap janm efase se nan lespri yo se Mesye Ceneck Saint Remy ki gen non jwèt li (Nèknèk).
Se li menm ki te Direktè « Radio Sen fm » nan vil Pòdepè ki t ap fè pwomosyon pou mizik la suivan pwogramasyon radyo sa nan epòk sa yo, konpa espesyalman ; se te li menm tou ki te vin prezidan epi premye moun k ap deside pou gwoup mizikal Sinik Mizik/Sinik Music pandan anviwon 5 lane. LÈ SA A SE NOU K T AP FÈ KOZE NAN ÒGANIZE GWO FESTIVAL SOU TÈRITWA AYISYEN DESALIN NAN! Gen moun ki te menm oze konpare FESTIVAL IMAKILE ak sila ki rele « HAÏTIEN COMPAS FESTIVAL ».
Dènye kokennchenn festival Pòdepè te konnen se nan lane 2008, uit (8) desanm ki te fèt nan « Collège Notre-Dame de Lourde (CNDL) ». Mass Compa ki te fèmen festival sa. Jouk jounen jodi a gen yon grenn imaj ki rete nan tèt moun ki te nan festival sila, se lè Gracia Delva te mande tout moun ki vle li kontinye jwe jis aprè 8 è nan maten pou yo chita plat atè a nan labou ki te sou teren an paske lapli t ap tonbe, se sou dwat nou te ka konte dèyè moun ki pa t sal jou sa. Riiiii…
Pòdepè pèdi anbyans sa yo jis jodi a ! Nan lane 2020, yon uit desanm sou gouvènman ansyen Prezidan Jovenel Moïse, pouvwa anplas la ak kèk estrikti te antann òganize yon festival devan plas katedral Pòdepè a, jis jounen jodi pèsonn pa kwaze ak koze konsa ki konn fèt avèk anpil koulè epi lojistik.
Sevre, plizyè lòt antite eseye fè ti zafè yo nan nivo yo kapab nan okazyon fèt Imakile yo men se te toujou nan lojik degoute miyò pase pa pipi a. Plizyè bal konn konn òganize men se pa menm anbyans anvan yo, se pa menm koulè yo, se pa menm efori ak motivasyon anvan yo, se pa menm angouman yo nonplis.
Plizyè gwo bal te anonse nan vil Pòdepè ane sa nan peryòd fèt Imakile a, youn ladan yo ki te deja kreye anpil sansasyon ak emosyon nan mitan kominote a se te ZAFÈM nan. Plizyè antite te mete tèt yo ansanm pou t al reyalize aktivite sila, men pa t rive fèt malerezman lakoz sityasyon politik ak ensekirite malouk peyi a ap travèse depi plizyè lane, se te rezon fondamantal ki fè djaz la pa t ka onore kontra a. Nou tout nou konnen kòman bagay yo ye!
Sa ki te parèt pi grav la ankò nan okazyon fèt Imakile a se te tout lòt aktivite ki te prevwa pou fèt yo te bòykote lakoz lapli ki t ap tonbe san rete sou vil la, sa te lakoz plizyè inondasyon fèt, epi fèt la pase nan fatra ak labou.
E kote Lamèri Pòtpe ?
Sa Leta di nan sa?
Ane sa a fèt Imakile a tèlman pa t anvi selebre menm dat lamès ofisyèl la ki te konn fèt uit (8) desanm, ane a se sèt (7) desanm Evèk Peters Bathélus te selebre li.
Yon fèt Imakile zewo bare nan aktivite popilè yo men ki fèt 100% nan fatra ak labou nan chak kwen vil Pòtpe.
N ap raple pou nou ansyen non vil Pòdepè se te : La vallée des Délices.
Pòdepè swaf yon ansanm aktivite kiltirèl itil pou epanwisman popilasyon an, lajenès sitou.
Jamesky Jeanty
Rèldouvanjou.
