6 décembre 2024
Deklarasyon ak rekòmandasyon plizyè sendika sou Kòmantè Prezidan Emmanuel Macron konsènan Ayiti
Actualités Diplomatie Insécurité|Kidnapping Pages d'Histoire d'Haiti Société

Deklarasyon ak rekòmandasyon plizyè sendika sou Kòmantè Prezidan Emmanuel Macron konsènan Ayiti

Pòtoprens, le 26 novanm 2024

Plizyè sendika Ayisyen, tankou SPEMENFP, CENEH, SHJRH, ANTVH, MEEN, SDE-OAVCT, ANAGH, REPROH, SONHED, ak UNNOH, eksprime pozisyon yo sou deklasyon Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ki fè deklarasyon pèmèt konsènan sityasyon Ayiti aprè revokasyon Gary Conille nan tèt gouvènman an.

Deklarasyon Prezidan Emmanuel Macron

Prezidan fransè a te deklare:

« Se Ayisyen ki detwi, touye Ayiti, »
epi li ajoute:
« Garry Conille se te Premye Minis ‘super,’ li te ‘fòmidab’ epi yo revoke li. »

Deklarasyon sa yo fè Macron prezante Ayisyen yo kòm yon « bann kon, » oswa yon pèp san sèvèl.

Pozisyon Sendika yo

Premye konsiderasyon:
Sendika yo konsidere deklasyon sa kòm yon pratik enjerans abityèl ke puisans enperyalis tankou Lafrans ak Etazini ap fè sou Ayiti pou kontinye plimen peyi a. Deklarasyon sa reflete yon atitid kolonyal epi montre mank respè pou pèp Ayisyen ak lidè li yo.

Dezyèm konsiderasyon:
Sa a reprezante yon vyolasyon nan Konvansyon Vyèn lan, ki entèdi nenpòt peyi foure bouch nan zafè entèn yon lòt peyi.

Twazyèm konsiderasyon:
Si Macron panse Gary Conille te « super, » « fòmidab, » li ta ka enpoze li kòm Premye Minis Lafrans. Nan kondisyon sa yo, Conille t ap ede Macron nan fè fas ak plent yo genyen kont li an Frans.

Katriyèm konsiderasyon:
Macron sanble bliye ke Lafrans toujou pa vle wè Ayiti depi viktwa istorik batay Vètyè a an 1803. Si Lafrans pa vle wè yon Ayiti fò, kòman yo ta ka vle nou gen yon « dirijan fòmidab »? Pou anpil Ayisyen, lè yon dirijan ke puisans yo ap sipòte parèt « bon, » li souvan vle di li pa bon pou Ayiti.

Senkyèm konsiderasyon:
Macron sanble pèdi memwa li konsènan konsekans istorik move politik Lafrans sou Ayiti, tankou:

  1. Eskwokri istorik 1825, kote Lafrans te fòse Ayiti peye yon swadizan « dèt endepandans. »
  2. Vòl resèv lò Ayiti an 1914 pa Etazini.
  3. Dominasyon ekonomik ak politik puisans enperyalis yo.
  4. Plan neolibéral ki fini ak ekonomi Ayiti.
  5. Sipò pou gang ak zam ki anvayi Ayiti.

Sendika yo raple ke tout sa yo ap detwi Ayiti epi Macron pa gen okenn moral pou bay leson sou sa ki detwi peyi a.

Rekòmandasyon Sendika yo

Sendika yo mande ke CPT pran mezi diplomatik pou egzije Macron retounen sou deklasyon li yo epi prezante eskiz piblik bay pèp Ayisyen ak otorite li yo. Deklarasyon sa ta dwe sèvi kòm yon rapèl enpòtan pou tout Ayisyen ki gen san Dessalines nan venn yo pou:

  1. Batay kont enjerans etranje.
  2. Reprann souverènte nasyonal Ayiti.
  3. Goumen kont tout Ayisyen trèt ki kolabore ak etranje yo.
  4. Egzije restitisyon ak reparasyon pou tout zak enperyalis ki detwi peyi a.

Konklizyon

Sendika yo rele pou yon Ayiti granmoun, kote dirijan yo travay pou byenèt tout moun san entèferans etranje.

Viv yon Ayiti granmoun ak dirijan politik granmoun ki gen nen!
Viv yon Ayiti kote byenèt blayi pou tout moun!

Sendika ki siyen:

  1. Garry Lapierre (SPEMENFP)
  2. Bathol Alexis (SDE-OAVCT)
  3. Esther Eloy (ANTVH)
  4. Louiné Joseph (SONHED)
  5. Me Schelomith Dorvil (SHJRH)
  6. Me Ainé Maten (ANAGH)
  7. Ferdinand Jean Marie (CENEH)
  8. Adler Alexis (MEEN)
  9. Gene Gary (REPROH)
  10. Josué Merilien (UNNOH)

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.