17 mars 2025
Tapi wouj pou Jan Mapou : Miami Book Fair onore pi ansyen manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen
Actualités Société

Tapi wouj pou Jan Mapou : Miami Book Fair onore pi ansyen manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen

Tapi wouj pou Jan Mapou nan Miami

Miami Book Fair onore Jan Mapou pou enplikasyon li menm kòm kreyatè, patisipasyon Sosyete Koukouy ak kolaborasyon Libreri Mapou nan anbeli Miami Book Fair.

Seremoni omaj sila pase nan lakou Miami, Etazini vandredi 22 novanm 2024 an prezans yon latriye envite. Jan Mapou se yonn nan pi ansyen manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen an ki toujou kanpe kinalaganach malgre peripesi. Pou kèk obsèvatè, kreyatè a resevwa yon omaj byen merite pou rich kontribisyon li non sèlman nan Miami Book Fair, men sitou nan difize zèv, kilti ak literati kreyòl ayisyen. Li fè tout sa  atravè pwodiksyon pèsonèl li, pwomosyon zèv lòt kreyatè, kesevwa manm Sosyete Koukouy oubyen lòt otè nan lòt regwoupman. 

Yon ti tan apre seremoni omaj sila, manm nan diferan branch Sosyete Koukouy toupatou sou latè sonnen lanbi pou Jean Mapou. Men kèk reyaksyon nou rive anrejistre:

Manm Sosyete Koukouy, Kouzin Pascale MILIEN-BASTIEN di: « Kouzen Mapou, chapo ba pou devouman ou ak konstans ou nan pwomosyon lang ak kilti peyi nou Ayiti. Ou merite tout onè, ou ap konbat lontan pou yon literati boujonnen nan pwòp lang li.  

Kenbe la! »

Pou Kouzen Jonathan THERMIDOR li menm: « Bèl omaj, ou merite onè sa a paske travay ou yo  leve eskanp figi peyi a, lang ak literari nou. Kontinye briye Kouzen. »

Kouzen Manno EJÈN: « Felisitasyon kouzen ! Onè respè merite pou wou gason! »

Kouzen Sauluter BEAULIÈRE: « Felisitasyon gran kouzen! »

Kouzen Anivince JEAN-BAPTISTE, yonn nan manm fondatè Sosyete Koukouy Dèlma epi Prezidan Festival Entènasyonal Litetati Kreyòl: « Bon bagay. Felisitasyon kouzen. »

Kouzen Kiki WAINWRIGHT: « Felisitasyon pou ou Jan Mapou, kontinye travay ou! »

Kouzin Hugline LOUIS, manm fondatè Sosyete Koukouy Dèlma epi manm fondatè Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti : « Jan Mapou, ou pote idantite nou, kilti nou, literati nou byen wo. Nou fyè de ou. Kenbe la « 

N ap raple, Jean-Marie Willer DENIS tout moun konnen sou non Jan Mapou se yonn nan majòjon Mouvman Kreyòl Ayisyen. Jan Mapou fèt nan Sid Ayiti. Li se powèt, jounalis kiltirèl, dramatij, pwomotè ak lebrè. Se yon kokonnchenn pwomotè idantite ayisyen toupatou sou latè. Nan nane 1980 yo, nan tèt kole ak divès lòt kamarad, li kreye Sosyete Koukouy nan Miami. Depi lè sa, Sosyete Koukouy pral gaye kò li nan diferan kwen sou latè pou kontinye klere nan fè nwa. Sosyete Koukouy se yonn nan veritab poto mitan kilti ayisyen an ki pote nan djakout anpil gran non nan literati peyi a. Nou ka site : Félix Morisseau LEROY, Émile Célestin MÉGIE, Ernst MIRVILLE, elatriye.

Kèk lòt manm Sosyete Koukouy ki toujou ap feraye: Angelucci MANIGAT, Jean Dédé DORCELLY, 

Michel-Ange HYPPOLITE alyas  Kaptenn Koukouwouj,

Gary S. DANIEL / Nèg Gonbolyen, Jean Robert PLACIDE, Manno EJÈN,

Frantz Wainwright / Kiki WAINWRIGHT, Sandy LAROSE, Anivince JEAN-BAPTISTE, Sagesse MESSERNE, Douglas ZAMOR, Orso A. DORÉLUS, Iléus PAPILLON, elatriye.

Se depi ane 1965 Mouvman Kreyòl Ayisyen(MKA) ap feraye. Yo pral pibliye Kaye #1 Mouvman Kreyòl la nan dat 18 desanm 1965. Rejim bout fè Duvalier a te mete anpil nan manm MKA yo nan prizon an 1968. Gen manm ki menm rive mouri nan prizon. Nou ka pran egzanp : Henry Claude DANIEL (Jan Tanbou) ki pèdi lavi li Fò Dimanch apre diktatè sanginè François DUVALIER te fè yon kòmando tonton makout debake animatè yo tankou krab pandan yo te nan « Emisyon Solèy » nan Radio Caraïbes yon dimanch maten, 6 avril 1968. Ernst MIRVILLE (Pyè Banbou); Henry Claude DANIEL (Jan Tanbou); Jean Mapou pou nou site non sa yo sèlman t al chwe rapid vit nan twou lanmò, twou lanfè Fò Dimanch. 

Jan Mapou t apral chape poul li pou l antre New-York. Se pandan l Etazini (1985) li t apral fonde Sosyete Koukouy ak kèk kolaboratè li, jan nou te sinyale sa piwo a deja.

Kifèla, si jodi a nou alèz, n ap ekri, pale, diskite toupatou an kreyòl, nan lang pèp ayisyen an, toujou sonje gen moun ki fè sakrifis pou sa. 

Jean Mapou se yon mapou nan literati ayisyen an!

Chapo ba pou ou Kouzen!

Iléus PAPILLON

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.