par Raoul Gérard
Yon tranzisyon pou anyen pa chanje
Rejim PHTK a fin remanbre gang kriminèl pou kenbe pouvwa a. Li fè sa nan pratik masak, vyòl kolektif ak kidnaping epi toufe nan ze tout kontestasyon politik, tout revandikasyon pou transparans nan jesyon byen Leta. Nan sitiyasyon vyolans reyaksyonè ak koripsyon jeneralize sa a, zafè tranzisyon vin alamòd ann Ayiti. Se konsa, apre asasina otokrat Jovenel Moise nan mwa jiyè 2021, Leta meriken ak Nasyonzini te enpoze Ariel Henri kòm premye minis pou mennen tranzisyon an jouk nan swadizan eleksyon. Aprè 30 mwa nan tèt Leta a ak gwo sipò enperyalis lan, Ariel Henri te ranfòse puisans gang yo. Aryèl te fasilite piyaj byen leta piplis toujou. Tout sa tap fèt pandan plizyè santèn milye moun nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ak Latibonit tap mouri masakre, vyole oubyen tounen refijye nan pwòp peyi yo. Trafikan ak kèk fraksyon nan boujwazi a tap fè gwo lajan nan trafik dwòg, trafik ògàn, elatriye, pandan lavi tap vin yon kochma pou klas popilè yo.
Aprè echèk Ariel Henri, SDP, FUSION, INITE, ekip Toutouni an, elatriye, ki te reprezante 3èm vèsyon PHTK a, Leta meriken ak sipò LONI ak CARICOM te deside chanje ekip gouvènans sa a. Se konsa, yo te mete yon Konsèy prezidansyèl nan tèt Leta a ak yon gouvènman ki gen nan tèt li yon premye minis, Gary Conille. 6 mwa apre enstalasyon nouvèl ekip la, ki reprezante 4èm vèsyon PHTK a, bilan yo pa chanje. Men kontrèman ak Ariel Henri, nouvo gouvènman Gary Conille lan pa parèt endiferan devan katastwòf ensekirite ak gwo kriz imanitè nan peyi a. Gouvènman sa a fè anpil pwomès. Li di priyorite li se retablisman lòd ak sekirite. Li fè anpil pwopagann sou zafè chanjman. Li fè anpil kominike nan tout kalite medya sou aksyon lapolis ak misyon militè nan zafè retablisman sekirite. Li tabli etadijans swadizan pou aksyon sa yo ka efikas.
Si anons sa yo te bay lespwa, nan reyalite a, anyen pa chanje. Bagay yo vin pi grav toujou. Olye sekirite koumanse tabli, se pito teritwa gang yo ki elaji, jan sa fèt nan Ganthier ak Gressier. Tout wout ki mennen nan vil pwovens ak gwo rejyon yo bloke. Gang yo tabli pòs peyaj jan yo pito. Nan zafè sante, 31 enstitisyon sante kraze oubyen fèmen akoz sabotaj gang yo. Pami yo gen Lopital jeneral. Malgre tout pwopagann, Gouvènman an pa rive sekirize menm Lopital jeneral ki tou pre palè nasyonal, epi pèmèt li fonksyone. Sa valab tou pou tout lòt sektè tankou edikasyon, transpò, elatriye.
Pandan Konsèy prezidansyèl la ak gouvènman Conille lan ap simen pwomès jan sa ap fèt pou 79vyèm sesyon asanble jenral Nasyonzini an, moun nan popilasyon an ap trepase anba bal. Y ap sibi vyòl kolektif, yap viv nan kondisyon malouk nan kan refijye yo. Pwopagann voye monte yo se demagoji. Se pou sa, nan Ayiti Koupe Fache, nou denonse pil ak pakèt tranzisyon lamayòt sa yo. Tranzisyon sa yo se yon jan pou konsolide dominasyon enperyalis meriken sou peyi a. Se yon mannyè tou pou garanti pouvwa trafikan dwòg, trafikan ògàn, trafikan zam ak rezo ekonomi kriminèl kèk fraksyon nan boujwazi a.
Pa ka gen tranzisyon ak ripti san ranvèsman Leta boujwa a ki mare sosis li ak trafikan transnasyonal yo. Pa ka gen chanjman tout bon san kase sistèm dominasyon an.
Jounen jodiya, gouvènman an plas la ap apiye tèt bese demach enperyalis meriken an pou yon nouvo lokipasyon militè Loni malgre tout echèk ansyen misyon yo. Sa montre ni klas dominan yo, ni enperyalis yo pa gen solisyon vre pou kriz Ayiti a. Tout plan yo chita sou pwogram neyoliberal la. Pwogram yo gen yon sèl resèt : se anrichisman grannèg sou tèt malere, pandan trafikan dwòg transnaysonal yo ap kontinye ravaje peyi a.
Se pou tèt sa, nan Ayiti Koupe Fache, nou apiye devlopman lit otonòm ak òganizasyon otonòm kan mas popilè yo ak travayè kòm potomitan, ann Ayiti.
Aba tout kalite esplwatasyon, dominasyon ak opresyon!
Aba enperyalis, tout plim, tout plimay!
Aba tout tranzisyon lamayòt!
Viv lit liberasyon pèp ayisyen!
Viv lit liberasyon tout pèp sou latè!
NB : Apre nou fin tande Kwonik sa a, Ayiti Koupe Fache mande oditè/telespektatè li yo pou fè kèk aksyon :
1) Klike sou bouton ki di « Subscribe » la, konsa pou nou toujou jwenn Kwonik la.
2) Pataje lyen kwonik la ak fanmi, zanmi ak moun ki nan lis kontak nou.
3) Kite w kòmantè pou nou anba videyo Youtube la.
4) Envite moun nou konnen yon kote an komen, swa lakay nou ou ot pou koute pwogram la ansanm epi diskite l.
Se yon travay kolektif li ye kidonk plis moun ki angaje ladann ak konviksyon, detèminasyon ak abnegasyon, pi vit nap sòti nan twou nou ye la a. Mèsi anpil!
Traduction automatique
Une transition pour que rien ne change
Le régime du PHTK a réorganisé les bandes criminelles pour conserver le pouvoir. Il le fait par la pratique des massacres, des viols collectifs et des enlèvements et étouffe tous les appels politiques, toutes les revendications de transparence dans la gestion des biens de l’État. Dans cette situation de violence réactionnaire et de corruption généralisée, la question de la transition est devenue à la mode en Haïti. Ainsi, après l’assassinat de l’autocrate Jovenel Moise en juillet 2021, l’État américain et les Nations Unies ont imposé Ariel Henri comme premier ministre pour diriger la transition jusqu’aux supposées élections. Après 30 mois à la tête de l’Etat avec le grand soutien de l’impérialisme, Ariel Henri renforce le pouvoir des gangs. Ariel a encore facilité le pillage des biens de l’État. Tout cela se passait alors que des centaines de milliers de personnes dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince et de Latibonite étaient massacrées, violées ou transformées en réfugiés dans leur propre pays. Les trafiquants et certaines fractions de la bourgeoisie gagnaient beaucoup d’argent dans le trafic de drogue, le trafic d’organes, etc., tandis que la vie devenait un cauchemar pour les classes populaires.
Après l’échec d’Ariel Henri, SDP, FUSION, UNITE, l’équipe Toutouni, etc., qui représentaient la 3ème version du PHTK, l’État américain avec le soutien de LONI et CARICOM a décidé de changer cette équipe de gouvernance. Ils ont donc mis un Conseil présidentiel à la tête de l’Etat et un gouvernement dirigé par un premier ministre, Gary Conille. 6 mois après l’installation de la news team, qui représente la 4ème version de PHTK, les bilans n’ont pas changé. Mais contrairement à Ariel Henri, le nouveau gouvernement de Gary Conille ne semble pas indifférent à la catastrophe de l’insécurité et à la grande crise humanitaire que traverse le pays. Ce gouvernement a fait de nombreuses promesses. Il affirme que sa priorité est le rétablissement de l’ordre et de la sécurité. Il fait beaucoup de propagande en faveur du changement. Il a fait beaucoup de communication dans toutes sortes de médias sur les actions de la police et de la mission militaire en matière de rétablissement de la sécurité. Il expose les étiologies alléguées pour que ces actions soient efficaces.
Si ces annonces donnaient de l’espoir, en réalité, rien n’a changé. Les choses empirent encore. Au lieu que la sécurité commence à s’établir, c’est plutôt le territoire des gangs qui s’étend, comme cela se fait chez Ganthier et Gressier. Toutes les routes menant aux villes de province et aux grandes régions sont bloquées. Les gangs installent des péages à leur guise. En matière de santé, 31 établissements de santé ont été détruits ou fermés à cause du sabotage des gangs. Parmi eux se trouvent les hôpitaux généraux. Malgré toute la propagande, le gouvernement n’a pas réussi à sécuriser même l’hôpital général situé près du Palais national et à lui permettre de fonctionner. Ceci est également valable pour tous les autres secteurs comme l’éducation, les transports, etc.
Pendant que le Conseil présidentiel et le gouvernement Conille sèment des promesses comme cela se fait pour la 79ème session de l’Assemblée générale de l’ONU, les gens de la population meurent sous les balles. Elles sont victimes de viols collectifs, elles vivent dans des conditions sordides dans les camps de réfugiés. La propagande est de la démagogie. C’est pourquoi, dans Haïti Koupe Fache, nous dénonçons les tas et les tas de ces transitions. Ces transitions sont un moyen de consolider la domination de l’impérialisme américain sur le pays. C’est aussi une manière de garantir le pouvoir des trafiquants de drogue, des trafiquants d’organes, des trafiquants d’armes et des réseaux économiques criminels de certaines fractions de la bourgeoisie.
Il ne peut y avoir de transition ni de révolution sans le renversement de l’État bourgeois qui lie ses saucisses aux trafiquants transnationaux. Il ne peut y avoir de véritable changement sans briser le système de domination.
Aujourd’hui, le gouvernement actuel soutient la marche impérialiste américaine vers une nouvelle occupation militaire de Loni malgré tous les échecs des anciennes missions. Cela montre que ni la classe dirigeante ni les impérialistes n’ont de véritable solution à la crise en Haïti. Tous les plans sont basés sur le programme néolibéral. Les programmes n’ont qu’une recette : c’est l’enrichissement des riches sur la tête des malheureux, pendant que les trafiquants de drogue transnationaux continuent de ravager le pays.
C’est pourquoi, à Haïti Koupe Fache , nous soutenons le développement de la lutte autonome et l’organisation autonome des masses populaires et des travailleurs comme pototitans, en Haïti.
Abolissez toutes sortes d’exploitation, de domination et d’oppression !
A bas l’impérialisme, toutes plumes, toutes plumes !
A bas toutes les transitions !
Vive la lutte de libération du peuple haïtien !
Vive la lutte de libération de tous les peuples du monde !
NB : Après avoir écouté cette Chronique, Haïti Koupe Fache demande à ses auditeurs/téléspectateurs de poser quelques gestes :
1) Cliquez sur le bouton « S’abonner » pour que nous recevions toujours la Chronique.
2) Partagez le lien de la chronique avec votre famille, vos amis et les personnes figurant dans votre liste de contacts.
3) Laissez-nous un commentaire sous la vidéo YouTube.
4) Invitez des personnes que vous connaissez dans un lieu commun, chez vous ou à l’étranger, pour écouter ensemble le programme et en discuter.
C’est un travail collectif, donc plus il y aura de personnes qui s’y engageront avec conviction, détermination et altruisme, plus vite nous sortirons du trou dans lequel nous nous trouvons. Merci beaucoup!

