19 janvier 2025
Se pa ti bèl syèl la bèl
Actualités Société

Se pa ti bèl syèl la bèl

Se pa ti bèl syèl la bèl.

Isit la.

Jodi a.

Nan peyi lotbò dlo.

Ayayay !

Nan pwen lè m sonje peyi m konsa.

Ayayay !

Nan pwen lè m sonje lakay konsa.

Ayayay !

Nan pwen lè m sonje Jakmèl konsa.

Ayayay !

Nan pwen lè m sonje Timouyay konsa.

Ayayay !

 Nan pwen lè m sonje Remon Lèben konsa.

Ayayay !

Nan pwen lè m sonje Basen Ble konsa.

Ayayay !

Nan pwen lè m sonje epòk kanaval konsa.

Ayayay ! Ayayay !

Nan pwen lè m sonje plezi vakans konsa.

Ayayay ! Ayayay !

Nan pwen lè m anvi tande System Band konsa.

Lè l fè bèl kalte solèy konsa.

Lè syèl la tou ble konsa.

Lè lanati ap taye banda konsa.

Lè se grann vakans konsa.

Woy! Mezanmi pito m sere kè m tande.

Sèl l bagay m konnen.

Jouva jouvyen.

Anba syel ble sa.

© Arnousse Beaulière

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.