4 octobre 2025
Dosye Jovenel | BINUH swete wè reskonsab krim sa a repon’n de zak yo, yon deklarasyon ki rive 7 mwa apre yon similak la jistis aysyèn kot Ariel Henry te mande yon jij enstriksyon vinn tande’l lakay li
Actualités Cas d'assassinat Corruption Esclavage Insécurité|Kidnapping Justice Pages d'Histoire d'Haiti Société

Dosye Jovenel | BINUH swete wè reskonsab krim sa a repon’n de zak yo, yon deklarasyon ki rive 7 mwa apre yon similak la jistis aysyèn kot Ariel Henry te mande yon jij enstriksyon vinn tande’l lakay li

Li sanble ak klè ke chak fwa dat 7 jiyè a rive, se nan moman pou tande anpil diskou de grenn gòch sou « jistis pou Jovenel ». Poutan, dapre yon dirijan dwa zimen nan lakou Boston, Dr Josue Renaud, « pa janm gen anyen serye pou demontre ke enstitisyon yo ke’l te BiNUH, ONU ak Core Group, » li rapouswiv pou’l di « gen yon veleyite pou rann jistis ak fanmi ansyen prezidan an kite asasinen lakay li byen bonè nan nwit 6 pou rive 7 jiyè 2021« .

Si Binuh raple jodi dimanch’ lan ke « 3 zan apre asasina Prezidan Jovenel Moïse, tankou jan Reprezantan Espesyal Sekretè jeneral Nasyonzini nan peyi d Ayiti a @SALVADORMIsabel raplel, fòk responsab krim saa al reponn de zak yo devan lajists komsadwa« , M. Renaud, pandan lap denonse « ipokrizi ak je sèch mounn sa yo, » deklare « ke se menm yo menm ki te ranje similak konparisyon Ariel Henry devan yon jij enstriksyon lakay li, pou fèt tonton Nwèl, ane pase pou retire fokis la sou miche« .

La jistis nan pey Dayiti ki plat a tè sou rejim Ariel Henry-Emmelie Prophète la ke BINUH tap sipòte de je fèmen nan elajisman « tèritwa pèdi yo », pat janm voye yon siyal klè, Renaud, fè remake « pou te pwouve gen volonté reyèl pou te mete anba kòd ‘vrè otè entelèktyèl ki kache dèyè Krim lan« . « Byen okontrè », li ajoute ak anpil regrèt, « yo te Premye minis, yo vinn chèf pati politik, yo gen anpil enfliyans nan gouvènman Conille lan, yo mete moun nan CPT ».

Nap souliye ke jodi dimanch lan fè 3 zan depi Jovenel Moise mouri anba bal e li kite dèyèl yon peyi ke jouk jounen jodia  » yon pey san pyès enstitisyon ki kanpe djanm ak yon peyi ki pap ni dirije ni administre » sinon ke se tatonnen ke mouche Conille ak mouche Leblanc ap fè nan pale anpil ak monte desann alòs ke, dapre anpil obsèvatè ak entènòt, mounn ap mouri pi rèd nan peyi a e koripsyon ap taye banda pli plis.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.