2 décembre 2025
Konseye prezidansyèl Leslie Voltaire tal vizite enfrastrikti pou « solda etranje » kap nan « baz Fòs Miltinasyonal la nan zòn Epòt la », daprè yon nòt KPT a
Actualités Insécurité|Kidnapping Pages d'Histoire d'Haiti PHTK autorise l'occupation du pays Société

Konseye prezidansyèl Leslie Voltaire tal vizite enfrastrikti pou « solda etranje » kap nan « baz Fòs Miltinasyonal la nan zòn Epòt la », daprè yon nòt KPT a

Se yon absis ou byen se pou tout bon ke se « solda etranje » e non pa « polisye » kap fè pati Fòs Miltinasyonal la, dapre sa KPT a revele jodi-a nan yon nòt pou laprès?

KONSÈY PREZIDANSYÈL LA VIZITE TRAVAY KONSTRIKSYON BAZ FÒS MILTINASYONAL LA….

Kominike

Manm Konsey prezidansyèl yo te vizite, mèkredi 29 me 2024 la, travay konstriksyon baz Fòs miltinasyonal la nan zòn èpòt la. Konseye yo te vle wè epi evalye eta avansman travay kap fet nan espas la pou akeyi rive fòs entènasyonal la kap gen pou deplwaye pou sipòte PNH nan batay pou retabli sekirite anndan peyi a.

Vizit sa a se te okazyon pou responsab konstriksyon yo te pote bon jan eksplikasyon sou dewoulman travay yo ak dat limit pou tout konstriksyon fini. Se te moman tou pou responsab chantye a te montre kijan espas la òganize pou resevwa ajan fòs entènasyonal la nan bonjan kondisyon.

Nan sans saa konseye te vizite Dòtwa, sant medikal, Kafeterya ak anpil lòt espas ki pral sèvi solda etranje yo.

Nap raple 9 mamb ki nan tèt konsèy prezidansyèl la pwomèt pou kontinye travay pou retabli yon klima lapè tout kote nan peyi a.

Nan deklarasyon li fè nan dat 18 me a, Prezidan konsèy la, Edgard Leblanc Fils garanti popilasyon an, ekip CPT nan tèt peyi a, ap rejwen tout teritwa pedi yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.