2 juillet 2024
Garry Conille, dezyèm dòktè nan twa zan ki nome Chèf Gouvènman Ayiti, peyi ki toujou sou kabann lopital, di li « onore anpil » pou chwa yo fè de li
Actualités Élections Insécurité|Kidnapping Kreyòl Pages d'Histoire d'Haiti Société

Garry Conille, dezyèm dòktè nan twa zan ki nome Chèf Gouvènman Ayiti, peyi ki toujou sou kabann lopital, di li « onore anpil » pou chwa yo fè de li

Eske Dr Conille ap pran yon pòtfèy ministeryèl pou’l pa fè menm erè 2011 lan ankò?

Nan yon twit ki parèt mèkredi maten bonè bonè sou kont pèsonèl X li (Tweeter), Dr Garry Conille fè premye reaksyon’l. Li remèsye CPT ou KPT a pou chwa’l yo fè – (sou 68 kandida) – pou dirije pwochen gouvènman an kap vinn ranplase « ekip enkonpetan ak pouryanis ak kowonpi« , selon anpil sitwayen, ke Dr Ariel Henry ap dirije jouk jodi-a san l pa bay pyès rezilta.

« Mwen santi m onore anpil dèske Konsèy Prezidansyèl la chwazi mwen kòm nouvo Premye Minis Ayiti« , se sa mouche Conille ki nan la kontantman ekri, e li « pwofite di mèsi anpil a tout òganizasyon nan sosyete sivil la, pati politik yo, ak manm dyaspora a ki pwopoze non mwen pami lòt kandida nan pwosesis la« .

Pou fini ansyen PM nan kòmansman gouvènman Tèt kale 1, bandi legal Michel Martelly ak Laurent Lamothe ki « inisye peyi a nan la twoublay ak òganize gang epi kraze atè plat tout lajan Petro Caribe a« , selon plizè rapò Kou dè Kont ak ONU, « ansanm, nou pral travay pou yon demen miyò pou tout pitit nasyon nou an ».

Nap souliye ke CPT a ki te gentan fè chwa yon lòt PM nan mèkredi te oblije fè bak sou desizyon ti koulout lè yo rann kont finalman ke « valèt pa mèt » e ke men ki bay pouvwa a ka retire’l ankò si w wap fè wòklò.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.