Mario Joseph : Lèt tou louvri pou Mesye Eric W. Stromayer

0
251

BUREAU DES AVOCATS INTERNATIONAUX

#3, 2eme rue Lavaud

B.P. 19048

Port-au-Prince, Haïti

Tel : +5092943-2106/07 Email : avokahaiti@gol.com

Pòtoprens, mèkredi 21 fevriye 2024

Lèt tou louvri

Mesye Eric William STROMAYER

Chaje Dafè nan Anbasad Ameriken an Ayiti.

Boulva 15 Oktòb

Pòtoprens, Ayiti

Nan Anbasad li.-

“Kreyòl pale, kreyòl konprann”

Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI), atravè Mèt Mario JOSEPH, Avoka nan Bawo Pòtoprens, ki gen pou misyon prensipal goumen pou dwa fondalnatal sila ki pi nan bezwen k ap viv nan katye defavorize ak seksyon kominal yo ak objektif pou akonpanye viktim vyolasyon dwa moun, fanm ak tifi ki viktim kadejak ak agresyon seksyèl, viktim teworis Leta, viktim kolera Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon an Ayiti (MINISTA), viktim masak yo tankou masak Raboto, Lasalin ak lòt vyolasyon dwa moun, denonse epi kondane ak tout fòs li konpòtman w, Mesye Eric William STROMAYER, kòm Chaje Dafè nan Anbasad Ameriken an Ayiti, nan enjerans ou panse w ka toujou fè nan zafè entèn peyi a. An menm tan, ou pase anba pye Konvansyon Vyèn yo (Conventions de Vienne) ki tabli rapò diplomatik ant Leta yo epi defini konpòtman Reprezantan yon peyi nan lòt peyi ki resevwa l la.

Reyèlman se vre, Mesye Eric William STROMAYER, Chaje Dafè nan Anbasad Ameriken an Ayiti, lè w di “Kreyòl pale, kreyòl konprann” se yon fòm lòd ou pase ak

esklav mantal Lèzetazini yo. Antouka, Ayiti se yon peyi ki chaje ak Pwovèb (Pawòl Granmoun), se pa sèlman: “Kreyòl pale, kreyòl konprann’’, gen yon lòt ki di: “Jomou jwenn bon tè li kouri lwen”. Peyi w, Lèzetazini, Mesye STROMAYER, depi anvan menm lokipasyon (28 jiyè 1915 – 1e dawout 1934) ap fè rayisab epi enjerans nan zafè peyi Ayiti. Nan dènye 30 lane sa yo, apre Lèzetazini fin danse Tango ak Duvalier yo (Papa ak Baby Dòk), peyi w, pozisyone l tankou yon lidè pati politik an Ayiti, li mete Prezidan li wete Prezidan (koudeta, kidnaping 1991, 2004). Nan dènye deklarasyon w yo nan dat 2 epi 6 fevriye 2024 nan Radyo “Sans Fin” ak Radyo “Caraïbes”, ou deklare: “eleksyon se meyè fason pou ranplase gouvènman sa ki la”. Sa vle di, se Premye Minis defakto ilegal la, Ariel HENRY, ki jounen jodi a san manda, san lejitimite, se li menm lè l vle k ap fè eleksyon? Mesye STROMAYER, nan de (2) entèvyou sa yo ou di tou se pèp ayisyen w ap sipòte, epoutan se enjerans, se vyolasyon Dwa Entènasyonal w ap apiye, se sitou Konvansyon Vyèn yo (Conventions de Vienne) peyi siyen, w ap sakrifye. Pandan w t ap fè deklarasyon sa yo nan radyo, pèp ayisyen an nan tout rakwen peyi a : Pòtoprens, Jeremi, Gonayiv, Okay, Okap, Wanament, Plato Santral, Fò Libète, Tigwav, Pòdepè elatriye, ap revandike depa Ariel HENRY kòm restavèk, esklav mantal, pou enkonpetans, kòripsyon, vyolasyon Dwa Moun. Lèzetazini gen sosyològ ak oligak pou idantifye konze yo, jounen jodi a, se Ariel HENRY k ap fè djòb sal la, obeyi ak lòd li, menm jan ak Jij Enstriksyon, Wesner Walter VOLTAIRE, an aprè li fin pran dikte Miyami, li mache al tande Ariel HENRY nan Biwo l, se pou l pa t enkilpe nan asasinay Jovenel MOISE la. Konsa tou, yo pa bezwen respekte lalwa ak prensip enstriksyon ( mise en accusation). Tout monn lan konnen, se yon « tweet », ansyèn Reprezantan Nasyonzini an, Madanm Meager LA LIME (Amerikèn), te fè pou l di se Ariel HENRY ki Premye Minis san l pa gade Kontitisyon ayisyèn nan, san konsansis, san Pati Politik yo, san konsilte Pèp la, san respè pou Chat Nasyonzini an (LONI) ki pale sou Dwa Pèp yo.

Pou Lèzetazini «Chat Nasyonzini se papye, bayonèt se fè », men BAI ap fè w sonje sa ki di nan preyanbil Chat sa a: « Nous , peuples des Nations Unies, résolus à préserver les générations futures du fléau de la guerre qui deux fois en l’espace d’une vie humaine a infligé à l’humanité d’indicibles souffrances, à proclamer à nouveau notre foi dans les droits fondamentaux de l’homme, dans la dignité et la valeur de la personne humaine,

dans l’égalité de droits des hommes et des femmes, ainsi que des nations, grandes et petites, à créer les conditions nécessaires au maintien de la justice et du respect des obligations nées des traités et autres sources du droit international, à favoriser le progrès social et instaurer de meilleures conditions de vie dans une liberté plus grande ». Men li klè pou tout moun pou Chat LONI an, Konvansyon Vyèn yo, Konvansyon sou Dwa Sivil ak Politik (PIDCP) ak Dwa moun respekte se kòman enterè Lèzetazini balanse, tankou ka Venezyela ak Arabi Sawoudit la se de (2) egzanp ki demontre aklè fòs kote Lèzetazini nan kesyon dwa moun.

Kounye a, Mesye Chaje Dafè, ou ka di se paske pa gen enstitisyon ki fè peyi w ap sipòte Ariel HENRY, men ou pa ka di pa t gen enstitisyon paske se anba je anbasad ameriken, “Core Group”, LONI, Gouvènman Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) yo (tout vèsyon yo mete ansanm), pandan 14 lane, kraze tout entitisyon replibiken yo nan pa janm òganize eleksyon. Sa a, ou pa fouti di l nan radyo yo. Se plan Lèzetazini pou chanje Konstitisyon 1987 la epi fè eleksyon san patisipasyon Pèp ayisyen an pou Anthony BLINKEN, menm jan ak Hilarry Rodham CLINTON, mete bandi legal, maryonèt, esklav mantal, kòwonpi, eskamòtè Prezidan. Lè sa a Lèzetazini ap favorize miltinasyonal ameriken, kanadyen, fransè achte tè kote gen resous natirèl anba tè yo, patikilyèman kote ki gen min lò, iradyòm, petwòl, kobal…

BAI, MOLEGHAF ak alye yo ap denonse koze enjerans Lèzetazini an lontan lontan, men se entèvyou w yo, 2 ak 6 fevriye 2024 nan Radyo “Sans Fin” epi nan Radyo “Caraïbes”, ki kontinye choke Pèp ayisyen an. Ayiti se yon peyi ki souvren, ki gen dwa grandèt majè l, se mòd dirijan li yo tankou Ariel, ki gen konpòtman esklav mantal, restavèk, soufnantchou, ki pa gen kolòn vètebral, ki vle konpòte l an diktatè ki pèmèt ou pale konsa san l pa deklare w « persona non grata », “Kreyòl pale, kreyòl konprann”.

BAI ap fè w sonje, Mesye STROMAYER, Lèzetazini pa t janm zanmi peyi Ayiti vre depi endepandans li nan lane 1804. Pou memwa w, pou laverite ak pou listwa, Lèzetazini, vwazen nou, rekonèt endepandans nou jouk nan lane 1862, apre Larisi (1821) ak Vatikan (1860), poutan nan lane 1804 nou te de (2) peyi endepandan nan lamerik la (Lèzetazini (jiyè 1776) ; Ayiti (janvye 1804), menm si fòk nou presize pou ou Lèzetazini te toujou gen

esklav lakay li. Nan lane 1826, nan Kongrè Panama, Lèzetazini, peyi w, fè tout sa l kapab pou Ayiti pa patisipe nan Kongrè sa a. Nan lane 1914, « Manu militari », Lèzetazini fè dappiyanp epi pote ale rezèv lò nou ki te nan Bank Santral peyi a, joukounye a yo pa janm restitiye Ayiti rezèv lò sa oswa kòb li ta vo jounen jodi a. Sòti nan lane 1915 pou rive nan lane 1934 (19 lane), Lèzetazini okipe Ayiti epi mete Pèp la nan lesklavaj. Pandan 19 lane sa yo, Lèzetazini te fè Pèp ayisyen an monte lesyèl pa do ak tretman inimen ak kriyèl anba men solda ameriken nan fòse yo travay san peye (kòve), yo fè egzekite sou plas piblik sila yo k ap fè rezistans. Solda ameriken yo rapousib epi asasinen tout Kako ki t ap reziste anba Fòs lokipasyon an, tankou Charlemagne PERALTE, Benoît BATRAVILLE ak tout lòt sa ki tonbe yo nou pa ka ni nou pa dwe bliye yo… Pandan lokipasyon sa, Lètazini ratibwaze kouvèti vejetal peyi a pou yo plante pye bwa ki pou detwi tè ki ka bay manje yo.

Mesye STROMAYER, kilè Lèzetazini ap remèt Ayiti, peyi li di li renmen an, Lanavaz ? Paske si Lèzetazini te zanmi Ayiti vre, li t ap restitiye li rezèv lò a, remèt Lanavaz, ki se yon zile ki se pou Ayiti, epi repare l pou tan lokipasyon an. Se Konze yo ak yon kolòn esklav mantal ki pèmèt ou tabli ejemoni w konsa sou Ayiti.

Nan menm sans sa a, Mesye STROMAYER, BAI ap raple w tou apre Lèzetazini fin kraze peyi a epi piye tout resous li yo, nan lane 1934, apre anpil rezistans ak anpil kadav, li kite Ayiti ak yon lame kraze zo anba kontwòl “Central Intelligence Agency” (CIA) pou fè koudeta. Kidonk, tout gouvènman ki pa vle fè kat (4) volonte Lèzetazini pran koudeta ; de (2) eleksyon ak manda Prezidan ARISTIDE yo epi de (2) eleksyon ak manda Prezidan PREVAL yo, se de (2) bon egzanp ki ilistre konpòtman demeplè, ipokrit, jenosidè Lèzetazini anvè Ayiti. Nou konprann aklè enjerans, ejemoni, malveyans, piyajè, rasis, kriminèl se mak fabrik relasyon Lèzetazini tabli ak Ayiti, depi «ti konkonm t ap goumen ak berejèn». Se sitou rasin enstabilite politik ak sosyal peyi a nan sipòte diktatè, òganize epi negosye nan enpinite zak malvèsasyon tankou kòripsyon, vyolasyon dwa moun, dilapidasyon lajan Leta. Nou dakò tou gen anpil ayisyen ki ede Lèzetazini atravè CIA akonpli misyon kriminèl, sinik, rasis, piyajè nan peyi a, yo rele ayisyen sa yo konze, machann peyi, esklav salon, oligak kòwonpi, men se pa tout ayisyen tou ki dakò avèk ajisman Lèzetazini nan pa respekte konvansyon ak prensip Dwa Entènasyonal yo. Se ak

peyi Lèzetazini vle Ayiti dwe gen relasyon diplomatik. Men verite istorik la : « Bay kou bliye, pote mak sonje ».

Mesye Chaje Dafè, Eric William STROMAYER, Ayiti tankou Lèzetazini siyen Konvansyon Vyèn yo (Conventions de Vienne) ki tabli relasyon diplomatik ant Leta yo. Menmsi, yon jounalis pa ta konnen Prensip Dwa Entènasyonal yo, ki gen rapò ak Konvansyon Vyèn yo, ta poze yon Anbasadè oswa yon Chaje Dafè yon kesyon ki gen pou wè ak zafè entèn peyi kote l akredite a, li ta dwe fèmen bouch li ; men si l ta gen pou reponn, li ta dwe fèt avèk tak epi elegans. Nan menm sans sa a, eleksyon se yon kesyon entèn ki gen pou wè ak souverènte yon peyi, yon etranje, kèlkeswa tit li ta genyen an, pa gen dwa foure bouch li nan koze sa a, se sa yo rele « Dwa pou otodetèminsayon chak Pèp genyen » (Droit à l’autodétermination des Peuples). Men nou konnen tou Lèzetazini se yon peyi enperyalis, ejemonik ki konprann li se jandam monn lan, ki ka tabli baz militè l toupatou epi foure bouch li nan tout sa ki pa konsène l. Mesye STROMAYER, monn lan ap chanje, jodi a monn lan vin miltipolè. Kidonk, pale nan radyo pou enfliyanse lopinyon piblik sou kilè ak ki kote Lèzetazini vle pou gen eleksyon pa ladann ankò. Resous peyi yo se pou pèp yo, li pa pou okenn lòt peyi. Fè lagè, kreye gang pou kreye entabilite p ap alamòd ankò.

BAI ap fè w sonje, Mesye Chaje Dafè, ou te di nan entèvyou w yo, ou te an Ayiti nan lane 1990, 1991, kidonk ou sonje tout sa ki te pase tankou enjerans ansyen Prezidan Jimmy CARTER nan eleksyon 16 desanm 1990 yo. Pou nou pa twò long, nan lane 2011, BAI ap raple w tou enjerans Hilarry Rodham CLINTON, Sekretè Deta ameriken epi Edmond MULLER, Reprezantan Sekretè Jeneral LONI nan epòk sa a, nan fè presyon, entimidasyon ak tout kalte menas sou ansyen Prezidan René Garcia PRÉVAL pou te mete kandida Michel Joseph MARTELLY nan dezyèm tou eleksyon yo alòske rezilta Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a te plase li nan senkyèm pozisyon. Se ankò yon kou Ayiti pran. Kidonk, kesyon an se pa enterè Pèp ayisyen an vre men se pito enterè l, Lèzetazini ap defann nan peyi a epi l ap toujou fè plis pou l tabli ejemoni li an Ayiti. Se rezon sa ki fè depi apre 1986, li pase yon lòt vitès : lòd li te konn ap pase an kachèt ak esklav mantal li yo nan peyi a, patikilyèman sa yo ki anndan Leta a, kounye a li fè l piblikman nan radyo.

“Kreyòl ap pale fòk kreyòl konprann”

Mesye STROMAYER, poukisa lè Pèp ayisyen an ap egzèse dwa libète piblik li, jan atik 28 Konstitisyon ayisyèn 1987 la, atik 21 ak 22 PIDCP ak atik 19, 20 epi 21 Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo mande sa, pou pwoteste kont enjerans ak ejemoni peyi w nan zafè entèn peyi l, sendika anbasadè yo ki akredite an Ayiti, tout politisyen san kolòn vètebral yo rele “Core Group”, ou pa janm tande vwa l ? Ou pito pale pou konze yo, pou boujwazi revandèz la ak Oligak yo, pou PHTK, pou tout sa yo ki vann peyi a ak gang nan konplisite peyi ki kite zam ak minisyon rive jwen gang yo, nan lide pou anpeche manifestasyon kont yon Premye Minis Madanm LA LIME te mete pou sèvi Lèzetazini. Pandan Pèp la ap mande yon tranzisyon koupe fache ak yon ansyen sistèm, ki tabli an Ayiti depi 1806, ki mennen Ayiti anba lokipasyon peyi w depi jiyè 1915 pou rive jouk jounen jodia, Premye Minis defakto ilegal la ap ede w tabli ejemoni Lèzetazini k ap chache peyi pou manniganse yon lòt fòm okipasyon san l pa parèt figi l aklè. Fòs miltinasyonal la si l rive vini, li pra l ranfòse kapasite gang yo pou pèmèt yon lòt Premye Minis defakto ilegal chanje Konstitisyon 1987 la pou ranplase l pa yon lòt ki deja taye tankou yon «rendengòt kalanm planm» pou monte yon KEP ki pra l òganize yon eleksyon bout mamit. Konsa, Lèzetazini pra l enpoze yon lòt maryonèt pou twonpe vijillans popilasyon an k ap revandike yon Tranzisyon koupe fache. Kidonk, Mesye Chaje Dafè, ou petèt pale kreyòl Pèp ayisyen an men ou pa konprann kreyòl li an.

Mesye STROMAYER, Lèzetazini kondwi Ariel HENRY tankou bèf y ap mennen labatwa pou fè l mande LONI voye yon Fòs miltinasyonal degize, san l pa parèt tèt li, pou pote Kolera ankò nan peyi a san reparasyon viktim Kolera MINISTA yo, alòske peyi w la konnen trè byen Konstitisyon 1987 la pa bay menm yon Premye Minis legal atribisyon pou mande deplwaman yon Misyon pou Lapè alewè pou Ariel HENRY ki ilegal, ki pa gen kalite ak lejitimite. Sa montre aklè se Lètazini ak LONI ki te chwazi l. Anplis sou pwen sa a, Konstitisyon an klè sou kijan pou sa fèt. Kidonk, se Premye Minis defakto ilegal la ak Oligak yo k ap jere miltinasyonal ameriken yo an Ayiti, Lèzetazini ap sipòte men se pa Pèp ayisyen an. Mesye Chaje Dafè, menm Bouki fè filozofi jounen jodi a alewè pou Politik.

Se pa lè Ayiti mouri tankou Georges FLOYD pou Lèzetazini retire jenou l sou kou l ; retire l depi jodia.

«Kreyòl pale, Kreyòl konprann»!

Boutofen, Mesye Chaje Dafè, BAI ranfòse pozisyon l ki se denonse epi kondane ak tout fòs li konpòtman ejemonik peyi w, Lèzetazini, nan fè enjerans nan zafè entèn Ayiti depi apre lendepandans jouk jounen jodia ak vyolasyon Prensip Dwa Entènasyonal yo, patikilyèman Konvansyon Vyèn yo ki tabli rapò diplomatik ant Leta yo epi defini konpòtman Reprezantan yon lòt peyi nan peyi ki resevwa l la. Anplis, si yon ti minorite zwit, tankou Oligak kòwonpi yo mele ak politisyen zèfeyis, dakò fè djòb sal esklav mantal, soufnantchou, konze pou defann enterè peyi w an Ayiti, se pa tout Pèp ayisyen an ki dakò enjerans peyi w ; kidonk, Lèzetazini pa ka detèmine volonte Pèp la pou anpeche l viv an libète, egalite ak fratènite, jan Prensip Dwa pou Otodetèminsayon Pèp yo rekonèt yo genyen. Jounen jodi a monn monopolè a rive nan bout li menm jan ak sistèm peze souse a ki tabli an Ayiti depi apre lanmò Jean-Jacques DESSALINES.

Lonè ak respè.-

Mario JOSEPH, Avoka

Biwo Avoka Entènasyonal yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.