25 septembre 2025
Komite 7 Fevriye 2024 | « PA RETE JOU ANKÒ ! : Akò 21 desanm lan ekspire e tout Ayisyen dwe revolte kont awogans Ariel Henry »
Actualités Cas d'assassinat Corruption Esclavage Insécurité|Kidnapping Kreyòl Pages d'Histoire d'Haiti PHTK autorise l'occupation du pays Société

Komite 7 Fevriye 2024 | « PA RETE JOU ANKÒ ! : Akò 21 desanm lan ekspire e tout Ayisyen dwe revolte kont awogans Ariel Henry »

PA RETE JOU ANKÒ!

Nou rantre nan faz pote boure. Tout ayisyen revolte kont awogans Ariel Henry ki fin kraze peyi a.

Akò 21 Desanm 2022 an te fikse manda premye minis ilegal la pou 7 Fevriye 2024. A minwi aswè a n ap rantre nan yon lòt tanporalite politik. Leve kanpe a jeneral, toupatou se manifestasyon pou Ariel ale. Anpil moun etone pou yon chèf gouvènman pwovizwa apre 30 mwa tonbe fè represyon, touye moun pou I kenbe yon pouvwa li pa gen manda pou li. Ariel Henry fè chwa afwontman, chwa represyon n ap pran responsablite n.

Nou rantre nan faz pote boure. Tout ayisyen revolte kont awogans Ariel Henry ki fin kraze peyi a.

Le droit est de notre côté. N ap mande polisye nou yo akonpaye pèp la k ap egzije Ariel Henry remèt yon pouvwa li pa t ba li. Se yon revandikasyon lejitim.

N ap raple w Ariel Henry kèlkeswa jan sa fini an w ap pote responsablite penal tout zak kriminèl ou yo kont pèp ayisyen an.

Pou Komite 7 Fevriye 2024
Hugue Célestin

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.