1 décembre 2025
Limyè wouj
Actualités Culture Pages d'Histoire d'Haiti Société

Limyè wouj

Tristès

se son lòlòj

ki souflete m douvanjou

pou leve m

nan dòmi.

Soufrans

se pen kotidyen

ki koule nan tout trip

ak tout venn

ki nan kòm.

Trayizon

se zami m,

se fanmi m

ki avè m toulejou

sou menm atèmiyò.

Rayisans

se dra blan

ki sou tèt landòmi

pou m`kouri

gwo lannwit.

Dezespwa

se lonbray

sou bwa kokolo tèt mwen

tankou karanklou

k ap paweze

nan dengonn ti poulèt.

Imilyasyon

Se tas kafecho

ki boule m jouk nan mwèl

Pou dlo

koule nan zye m.

Grèg lavi m chaje twou,

pou flenm

fofile tout boulin,

rive jouk nan gòj.

Siwomyèl tounen goyin

pou fann fwa m

san konprann

Kout kiyè m tounen pikan

pou

lalwèt mwen

dechire pakanpak

jouk nan lenfini…

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.