25 septembre 2025
Ayiti | Priz sou Kriz
Actualités Culture Insécurité|Kidnapping Kreyòl Société

Ayiti | Priz sou Kriz

Priz sou kriz

Kriz sou kriz

Abolotcho
pran tiz
nan kriz

Twa wa pè las

Atoufè
pran priz
sou kriz

Kriz sou kriz

Raketè
pran lamiz
ak lariz

Kat las datou

Tout Lidè
Gwo chemiz
sou shobiz

Kriz sou kriz

Labank
mete kriz
nan deviz

Kent tonbe sou flòsh

Oligak
pran franchiz
sou legliz

Kriz sou kriz

Malere friz

Manifestan
pran kriz

Gwo palto
pran sipriz

Dan Yoo

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.