Dòk Arnousse Beaulière | « Kwè m si n vle »

0
350

Kwè m si n vle

28 janvier 2023

Kwè m si n vle

Nèboule m

Vyèj pete je m

M sèmante

Sèt fwa

Swasanndisèt fwa

Sèt fwa

Ayiti pa dwe peri

Ayiti pa ka peri

Ayiti p ap fout peri

Yon jou

Kou jodi

Tout salopri yo

Yo tout

Alawonnbadè

Ras yo

Konniflèt yo

Zagribay

Parèy yo

San manman

Parèy yo

Yo tout nèt

Gen pou peye

Chè

Byen chè

Tout kalte mal

Sa yo

Tout kalte vye zak

Sa yo

Yo fè

Bèl ti peyi

Nou an

Y ap fout

Peye sa

Chè

Byen chè

Kan menm

Yon jou

Kou jodi

Vle pa vle

Wè pa wè

Antèman

Pou katrè

Tonnè

Peyi a

Paka

Ret konsa

Peyi a

Pa fout ka

Ret konsa

Tonnas

Si se pa jodi

Se va demen

Foumi va pote

Nouvèl

Pou sila yo

Ki pap gen chans

Wè bèl mèvèy sa

Ayiti pa dwe peri

Ayiti pa ka peri

Ayiti p ap fout peri

Sonje byen

M te di n sa

Yon jou

M konnen

Gen moun

K ap pran m

Pou moun

Fou wi

Men lè w

Renmen peyi w

Lè w ap batay

Pou lavi miyò lakay

Se pa sèlman fou

Ou fou ankò

Ou anraje menm

Bon jan lanmou

Pou peyi w

Lanmou doudou

Pou peyi w

Pa gen limit

Ditou

Rale plim nou

Make l

Pa rate l

Pa lage l

Kenbe l

Di

Di

Rèd

Rèd

Fèm

Fèm

Yon jou

Kou jodi

Nou gen

Pou selebre

Ankò

Jou sa a

Va vini

Jou sa a

Lavi ka vin

Pi bèl ankò

Pou tout

Pitit peyi a

Sila yo ki andedan

Kou lòt yo ki andeyò

Lòt bò dlo

Ayiti pa dwe peri

Ayiti pa ka peri

Ayiti p ap fout peri

Sa a se rèl

Yon pitit peyi a

K ap soufri

Pou li

Nan peyi lòt bò dlo

Ki pa janm bliye

Kote l sòti

Ki konnen klè

Peyi moun

Pa peyi l

Ki fèk kare batay

Jis limyè

Rive blayi

Sou peyi d Ayiti

Yon lòt fwa ankò

Sou bèl ti peyi

Papa Desalin

Te mouri

Kite pou nou

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.