25 septembre 2025
Mesaj Komisyon Dyalòg Rekonsiliasyon ak Konsyantizasyon pou Sove Latibonit pou katèl meri komin deptman an
Actualités Kreyòl Société

Mesaj Komisyon Dyalòg Rekonsiliasyon ak Konsyantizasyon pou Sove Latibonit pou katèl meri komin deptman an

Nòt piblik adrese ak ajan enterimè depatman latibonit yo sou pwoblèm ensekirite a

Komisyon Dyalòg Rekonsilyasyon ak Konsyantizasyon pou Sove Latibonit (KDRKSL), konstate ke sityasyon ensekirite gang ame nan depatman an ap agrave chak jou kote gang yo vin plis an konfyans e yo vin ap pran kontwòl plis tèritwa. Yon sityasyon ki  fòse anpil moun deplase ale nan plizyè lòt kominn e nou konstate ke kominn sa yo ki deja pat gen enfrastrikti ki ka reponn ak bezwen moun yo, ki vin plis vilnerab e komanse anrejistre lòt fòm ensekirite.

  Pou rezon sa yo,  komisyon an ap raple tout ajan enterimè yo, ke yon majistra se premye responsab sekirite kominn li, lapolis ak lajistis pa sèl enstitisyon ki konsène nan rezoud pwoblèm ensekirite a,  se tout aktè yo ki dwe  jwe wòl yo  poun ka jwenn solisyon dirab la,  nan sans sa meri yo pa ka rete bwa kwaze fas ak pwoblèm ensekirite a nan latibonit, komisyon an ankouraje tout meri yo nan latibonit pou yo travay nan tèt kole ak lapolis ak lajistis pou garanti sekirite popilasyon an nan pran bon jan mezi ki kapap kontribye nan fè prevansyon pou anpeche ke vin genyen plis fwaye  gang kap vin detwi plis kominote.

Komisyon an swete Ajan enterimè yo nan tout kominn yo nan latibonit ap pote kolaborasyon yo pou ede pwoteje vi ak byen popilasyon an nan tout depatman an, komisyon an swete ke responsab meri yo ap fè swivi yo rapid  pou evite ke sitiyasyon ensekirite a pa vin plis dejenere nan depatmant latibonit .

Pou komisyon :             HORACE  Bertide                                    DESVARIEUX Simone

             NORGAISSE Ravel                                                                                             ORIVAL Reynald

                                                                                                                                                                                                        SIMEON Frantz

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.