Lansman Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA)

0
441

Li fè 9h nan maten. Nou samdi 9 desanm 2023, nou nan Anba Rezen Resto, rue Gabart, komin Petyonvil. Pèsonn pa djige solèy la. Petyonvil ap mache mache l kè kal. Epoutan, gen yon istwa ki pral kòmanse. Yon lòt fenèt ki pral louvri : prezantasyon ofisyèl Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA).

Se nan yon ansyen abitasyon sikriyè, yon batiman ki la depi 1851, ki kenbe kadans li, malgre kay sa resevwa anpil pataswèl anba men yon tan k ap chanje tanzantan, famiy Pradel Délatour di yo fenk kare karese eritaj nòb sila, se la SAKLA jwenn premye batèm sosyal li.

Pou lanse seremoni an, apre kèk tan atant, alapapòt, Gardoph ST JEAN ak Ralph Kenderson CADET woule tapi wouj pou swete envite yo byenvini epi mande yo chante ansanm ak tout ekip SAKLA im nasyonal peyi a. San pèdi tan, Delege òganizasyon an, Gardoph ST JEAN, prezante istorisite SAKLA ki pran nesans, selon Responsab la, depi lè yo te nan inivèsite. Premye grenn nan t apral kòmanse boujonnen nan ane 2019 lè deba yo te kòmanse sou lakilti, sosyete, idantite, solidarite, òganizasyon ak evenman kiltirèl. E se «nan objektif non sèlman pou ankouraje kreyasyon plis aktivite kiltirèl nan peyi a, men tou, konble vid nan kesyon sila ki koz nou wè nesesite pou kreye SAKLA.» Selon Gardoph. Pi lwen, pou Prezidant SAKLA, Djénane LOUICIUS, nan mo sikonstans li, fè konnen «SAKLA gen misyon bay kilti peyi Ayiti jarèt. Fè pwomosyon valè, tradisyon, idantite, zèv kreyatè ayisyen yo, elatriye. Epi nou vle toujou rete djougan, rete soude pou atenn objektif yo, pouse limit yo. E malgre difikilte, nou p ap kanpe nan wout.» Pou Prezidant lan, SAKLA dwe fè bagay yo diferan pou ede nan konstwi yon sosyete ki pi jis, pi ekitab. Yon sosyete ki ka rive yon jou pou li gade tèt li nan miwa epi pou li fyè de sa li wè a.  

Se yon gwoup jèn fanm ak jèn gason ki parèt ak anpil chalè sou vizaj yo ki lanse Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA). Anba kredo, «Amitié, Solidarité, Identité», sa ki pran fòm twa wòch dife ki se fondman SAKLA, nouvo komite a pwomèt pou fè sa li kapab pou bay kilti ayisyen an bourad nan valorize sa tè Dessalines nan genyen kòm idantite, kilti, richès patrimonyal, zèv atistik, elatriye. SAKLA kwè nan Amitye, Solidarite ak Idantite pou atenn objektif asosyasyon an. Solidarite enpòtan anpil pou bati yon sosyete ekilibre. Amitye sa jwenn sous li depi lè yo te etidyan. Apre lekòl, yo rete solid. Pi devan, malgre okipasyon chak manm, yo chache diferan mannyè pou solidifye amitye sila yon fason pou yo travay ansanm pou bonè sa yo pi renmen an, Ayiti. Se yon  cheminman enteresan. Yon bèl esperyans ki ka sèvi leson sa ki dèyè. Li pa fasil pou jwenn sa.  Souvan apre lekòl, apre inivèsite, chak moun al fè wout yo. Nan ka SAKLA, yo di fòk yo vanse ansanm. Ochan pou sa!

SAKLA kwè nan reyalite lakou, nan savwafè ki jwenn fondas nan mitan peyizànri ayisyen an. Se petèt pou sa menm gen sak nan non regwoupman an. Oui. Nan SAKLA, nou wè sak (djakout) ki senbolize kèk pratik kiltirèl ki marande ak kotidyen pèp ayisyen an. Sa ki lese anpil moun kwè, mesyedam SAKLA yo parèt an granmoun ak djakout yo plen grennen. Sak oubyen djakout senbolize lespwa nan kay la sitou lè manman oubyen papa ap rantre ak sak la plen. Lè papa sot nan jaden, reflèks tout moun se al nan sak la. Menm jan djakout Kouzen Zaka gen reprezantasyon pa li. San konte espresyon lakayannou, yon varyasyon rejyonal(Nò) ki antre nan kesyon an. SAKLA, yon non ki charye yon bann senbolis. Yon òganizasyon ki dwe pote lespwa.

Nan okazyon lansman Sant kiltirèl Lakayannou, anpil bèl mizik ki benyen nan kilti ayisyen an te karesere zòrey envite yo. Yon lòt bò, se vwa Wadley ZÉPHIRIN powèt-dizè ki te envite asistans lan nan yon bèl vwayaj atravè tèks divès otè ayisyen. Yon anbyans ki te pote yon lòt koulè nan lansman ofisyèl SAKLA. Pou moun ki la, se te rejwisans total. Kèk envite remakab te reponn prezan : Madam Gertrude SEJOUR (Manman atis Tifane) k ap dirije Fondation Maurice Sixto, komedyen Wally (ki entèpretre trè byen Maurice Sixto), Taïsha SEJOUR, elatriye.

Men lis moun ki nan Komite direktè Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA):

  1. Djénane LOUICIUS (Prezidant)
  2. Ricardo BIEN-AIMÉ (Sekretè jeneral)
  3. Gardoph ST JEAN (Delege)
  4. Christelle OSNÉ (Konseyè Rezous zimèn)
  5. William OCCIUS (Konseye finansye)

Nan do komite sila, gen yon ekip ki kanpe tòf pou ede SAKLA ranpli misyon li: Roosevelt AUGUSTIN, Ralph Kenderson CADET, James ENGÉ, Peterson SYLVAIN, Jonathan SYLVESTRE, Ralph Andy SANTANA, Jocelyn CASIMIR, Vaska Lenz LUBIN, pou nou site sa yo sèlman. Yon ekip kad ki gen fòmasyon nan divès domèn : Sosyoloji, Dwa, Kontabilite, Diplomasi, Edikasyon, Fotografi, elatriye. Yon bèl koleksyon lespri ki ka fè yon nouvo jou leve sou Ayiti, si yo rete solid jan kredo yo a di sa.

Annatandan SAKLA kòmanse louvri zèl li byen gran pou ede Ayisyen konprann enpòtans kilti li ka jwe nan tout pwosesis tranfòmasyon sosyal ak ekonomik, ekip k ap dirije òganizasyon an voye di nou, demen ka pi bèl. Kidonk, bat pou nou la, paske ak SAKLA, se sa ka la ka wè l.

Pou jwenn Sant kiltirèl Lakayannou (SAKLA):

Telefòn / WhatsApp): +5094061 60 16

Imel : infosakla@gmail.com

Oubyen pase nan adrès sa :  #56, rue Acacia prolongée, Christ-Roi, Pòtoprens, Ayiti

Iléus PAPILLON

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.