« Analiz vyolans nan relasyon ant patnè entim”, Pwofesè Hancy PIERRE

0
597

Relasyon ant patnè entim se yon relasyon entim ant patnè pou nou pi byen di l.Kidonk se relasyon an ki entim anplis nou jwenn plizyè nivo entimite tankou yon premye kontak (yon konesans),yon relasyon konsa konsa ki sou lèzèl epi yon relasyon ki rive lwen.Twazyèm nivo relasyon an ap plis enterese nou; sila mande echanj, atachman ak lanmou.Nan sans sa entimite a konsidere yonn ak lòt nan yon relasyon sere ki chita sou enplikasyon nan sa yo menm ap panse (Levinger ak Snock (1972), Fischer ki site yo (Fischer,1987:37-38).Yon nivo relasyon  entim ant patnè jan li sere a èske l gen plas pou vyolans.Vyolans yon patnè entim anbrase plizyè zak pou kontwòl seksyèl, sikolojik, fizik, ekonomik ak lòt ankò kont fanm ak ti jenn san konsantman yo nan menas yon patnè ou byen yon ansyen patnè “ (OMS, 2017), se Rodnez ki site definisyon sa (Rodnez,2019:5).Nou  pap di plis, entèvenan anvan an deja pale sou vyolans li menm.

Nan analiz nou jounen jodi a li ta bon pou nou konsidere mak fabrik relasyon an li menm epi anviwonman relasyon sila.An nou gade mak fabrik relasyon entim yo.Konsa  sikològ Fischer panse :”relasyon entim yo enpòtan anpil, yo ale lwen men tou yo frajil nan rapò ak lòt la”(ibid, p 42).Anpil etid montre, nan koumansman relasyon yo gen tandans pou yo sèlman pozitif men l ap pase nan yon lòt moman kote gen kritik ak kontwòl sou konduit patnè a.Nou kapab konstate deja jèm vyolans nan relasyon sa a.Devlopman relasyon an chita tou sou konfli; plis li pi sere gen tandans pou nou pa konsidere diferans yo ak pèsòn lòt la (ibid, p 39).

Anpil Kritik nou jwenn se presyon pou lòt la menm jan avèk ou san wete san mete.Diferans pèsonèl li pa dwe manifeste nan sans sa.Se yon fòm vyolans atitid sa ye.Rechèch yo demontre plis relasyon ap mache nou ka jwenn kominikasyon yo bese menm aktivite fè sèks tou.Aprè 8 lane se yon moman kritik (ibid, p 40).Sa pa vle di se ra se ta.Nan fen analiz la n ap eseye gade solisyon rechanj pou evite vyolans nan relasyon entim ant patnè.

Kounye a , an nou gade jan anviwonman an jwe sou relasyon entim ant patnè yo.Kouman vyolans la manifeste l.Eksperyans relasyon anvan yo nan fanmi konte anpil pou konprann relasyon entim patnè yo ap viv chak jou.Mank atansyon nan anfans yon moun se yon kòz relasyon chirepit ak vyolans pi devan nan la vi youn moun.”Yon anfans kontrarye kapab gen yon efè pi lwen nan pèsonalite yon endividi, nan konpetans sosyal li ak kapasite l pou fè fas kare ak jere relasyon entim li”( Howe,1997:117).Gen yon lòt fenomèn pou nou lonje dwèt sou li ki se “relasyon depandans ak lòt la(co-dépendant, nan lang franse).Se sila yo ki enterese bay lòt la atansyon depase san li pa atann li jwenn afeksyon nan atansyon an retou.Se yon mank lanmou endividi a nan anfans li ki mande anpil bezwen sekirite ak atansyon. Atitid sa se yonn nan sous vyolans nan relasyon entim ant patnè (ibid, p 180).Pou nou ka analize vyolans n ap pale a, Howe fè konnen :”yon bon pati konpòtman ki menase epi vyolan se yon tanta pou kontwole lòt la epi anpeche l kite fwaye a” ( ibid, p 183).

Sa k dwe fèt? Kesyon sa pa gen yon sèl repons.Pwoblèm vyolans nan relasyon entim ant patnè se yon gwo mòso.Nou jwenn anpil kòz , sa ki nan sistèm la, kòz ekonomik epi devlopman sikososyal yon endividi depi anfans li.M ap ban nou reflechi sou pwoblèm sa nan jounen entènasyonal Eliminasyon Vyolans kont fanm ak ti fi (25 novanm 2023)  ak sou fason pou jwenn mwayen pou evite move ajisman sa yo menm rive elimine yo.Annatandan,nou ta renmen lonje dwèt sou enpòtans wòl kominikasyon nan relasyon ant patnè.Konsa Gottman (1979), se Fischer ki site l (1987) :”patnè ere yo manifeste menm nan sitiyasyon dezakò nan yon diskisyon , yon atitid aksepte pozisyon patnè li a.Men, patnè ki pa viv ere yo gen yon defisi kominikasyon yo menm nan pa aksepte ditou pozisyon lòt patnè a”.

Pwofesè Hancy PIERRE, Travayè sosyal.

Pòtoprens,23 novanm 2023.

Dokiman pou konsilte

-David HOWE (1997), la teoria del vinculo afectivo para la practica del trabajo social,Paidos, Buenos Aires. 283 p.

-Gustave-Nicolas FISCHER (1987) Les concepts fondamentaux de la psychologie sociale, Bordas , Paris.209 p.

-Naama RODNEZ (2019), “ Etude descriptive des initiatives de soutien aux femmes victimes de violence conjugale développées par l’Association des Femmes pour le Développement de Beaumont ,AFDB”,Mémoire de licence en Service Social, Université d’Etat d’Haiti.Non publié.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.