Latibonit 21 novanm 2023
Mesye Ariel HENRY, Premye Minis, Chef CSPN, Minis enteryè ak Kolektivite Teritoryal
Mesye Frantz ELBE, DG a.i PNH
Mesye DCPA – PNH,
Mesye Paul MENARD, DDA – PNH
Mesye Michel Patrick BOIVERT, Minis Ekonomi ak Finans,
Madam Emeline MICHEL, Minis Jistis ak Sekirite Piblik
Mesye Enold JOSEPH, Minis Defans
.
Objè: Mete mwayen ki nesesè disponib pou lapolis ak komisè gouvèlman yo kraze gwoup gang yo nan latibonit pou sove popilasyon an ki an detrès.
Medam/Mesye ;
Komisyon Dyalòg Rekonsilyasyon e Konsyantizasyon pou Sove Latibonite (KDRKSL) salye nou e pwofite fe nou konnen ke se ak kè sere ke lap konstate, aprè lanmò 6 polisye yo kite tonbe anba bal bandi san fwa ni lwa nan latibonit yo koz yo pat jwenn ranfò lapolis nan jou kite 25 janvye 2023, ke sitiyasyon insekirite a vi’n pi grav jodia.
KDRKSL konstate tou ke gang yo vi’n pi an konfyans nan latibonit e popilasyon an vin plis an difikilte. Popilasyon an pa janm sispann sibi tout kalite vyolans, malgre chanjman plizyè direktè depatmantal o nivo lapolis la, komisè polis jiridiksyon yo e plizyè chanjman tou o nivo komisè gouvèlman yo. Okontrè gang yo vin okipe plis tèritwa, malgre lapolis vin genyen 3 blende nan Vale Latibonit ak prezans plizyè inite espesyalize tankou : UTAG nan Verrettes, Udmo nan PatChwal e Pont Sonde, BIM nan Lestè, BI e Udmo nan Gonaives. Ki rezon ki koz yo paka stope gang yo nan Vale a ?, ki rezilta travay yo ak 3 blende sa yo ? Eske se sekirize kamyon machandiz selman ki misyon yo nan Vale a ?
Si gwoup rezistans yo anpeche gang yo rantre nan kominote pa yo, kote rapò nasyonzini rekonèt rezilta travay yo kòm gwoup oto defans, pou ki rezon pou lapolis ki legal e ki genyen monopòl vyolans la paka anpeche gang yo kontinye detwi lavi moun ak byen moun nan vale a e menm repran kontwòl komisaria yo tankou Tirivye latibonit e Lyankou ?.
Jodia eske pwoblèm ensekirite nan depatman latibonit la lye sèlman avek pwoblèm mwayen o byen volonte ki pa genyen pou pote rezilta?.
KDRKSL konsyan ke sitiyasyon ki genyen la se atravè yon priz de konsyans kolektiv pou sove latibonit kise poumon peyi a e Ayiti e sitou se nan yon travay sere ant Lapolis ak Popilasyon ke pwoblèm sa a ka rezoud. Se pou sa Sosyete Sivil Latibonit la deside e motive pou akonpanye fòs lòd yo atravè Direksyon Depatmantal Lapolis la ak Komisè Gouvèlman yo pou pwoblèm ensekirite a nan latibonit ka rezoud.
KDRKSL pran plezi pou enfòme nou ke, Kelkeswa operasyon lapolis nan latibonit ap fè pou kraze baz gang yo e kelkeswa kantite jou sa ka dire, Sosyete Sivil latibonit la déjà mobilize pou pote sipò pa yo pou reponn ak bezwen sa yo tankou:
– kabiran
– Finanse prim pou polisye yo kap nan operasyon yo
– Manje e dlo pou polisye yo
– Gwo limyè light power,
Sosyete sivil latibonit la komanse chita pale ak plizye responsab institisyon piblik nan depatman an pou yo ka mobilize: (i) anbilans ak medsen lopital piblik yo pou domaj kolateral ki kapab genyen, (ii) materyèl TPTC e ODVA yo si se nesesè. Fòs rezistans yo ak popilasyon an ap kontinye rete mobilize lakay yo pou anpeche deplasman gang yo pandan lapolis ap fè operasyon yo nan baz bandi san fwa ni lwa yo.
Sosyete sivil la pa bezwen konnen okenn detay sou estrateji e plan operasyon lapolis ap fè pou evite enfiltrasyon nan kad operasyon yo.
Sosyete Sivil latibonit la pwofite mande gouvèlman an, pou yo bay DDA- PNH la Paul MENARD ak komisè gouvèlman yo mwayen pou yo ka satisfè popilasyon an nan kad misyon yo kise pwoteje vi ak byen popilasyon an ki an detrès latibonit, bay mwayen pou yo kraze gwoup gang yo, pou dwa moun latobonit ka respekte kote bandi san fwa ni lwa chak jou ap detwi lavi yo ak byen yo. Mwayen yo se:
– Mete yon kantite polisye disponib pou ranfòse DDA,
– Mete mwayen lojistik disponib zam ak minisyon e matryèl roulan pou DDA
– Mete mwayen pou ranfòse sèvis ransèyman la Polis la nan Depatman an pou lapolis la ka konnen pi byen tout mouvman gang yo nan Latibonit.
Sosyete Sivil latibonit la mande pou lapolis repran kontwòl tout komisarya nan latibonit yo ki sou kontwòl gang yo pou ka konsolide sekirite popilasyon an, tankou :
1- Komisarya Tirivyè latibonit
2- Baz militè Nwayo a ki nan premye seksyon Tirivyè latibonit nan lokalite lambert ki kole ak baz teoris savien yo.
3- Komisarya Lyankou
Sosyete Sivil latibonit la mande otorite Lapolis la tou pwofite mete yon sou komisarya nan baraj Canot kote genyen batiman ki la pou sa déjà, sa ap pemet Lapolis sekirize pi gwo baraj irigasyon ki genyen nan peyi a apre Pelig men sa ap pemet sitou yon pi bon kontwòl rout ki soti Ti Rivyè Latibonit rive Vèrèt.
KDRKSL swete Gouvèlman aji rapid pou sove depatman latibonit ki an detrès anba bandi san fwa ni lwa yo pou moun kap dòmi nan lari yo ka tounen lakay yo pou peryòd Nwèl la.
Pou Komisyon an : Bertide HORACE Simone DESVARIEUX Frantz SIMEON