ECCREDHH rann Gouvènman sa responsab zak vyolans kap fèt sou popilasyon sivil nan Site Solèy

0
655

<< Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH esprime preyokipasyon l sou zak vyolans kap fèt sou popilasyon sivil nan Site Soley ak zòn ki Viwonnen l yo epi Rann Gouvènman sa responsab >>

Depi 2 jou gwo tansyon lapèrèz tabli sou sou Site Soley, Douya, Sat, Vensan,  Tènwa,  Blancha, Divivye,  Fontèn,  Pyè 6, Fourjy, Leurbourg,  Maren apre Lanmò chef Gang isca. Gwo latwoublay eklate,  Zam ap tire nan tout zòn nou sot site la yo depi jou sa.

Gwoup ak zam ap Simen dèy ak laterè sou popilasyon sila ki pa janm kapab viv yon klima lapè. Tansyon gwoup ame sila yo gentan pote ale lavi plizye ayisyen epi plizye kay pase Anba flanm dife. Gwoup ame yo bay piga lè yo vle, yo kidnape ak Sasinen moun yo vle, yo san krent. Anba zye Leta moun ap Sasinen, Anba zye Leta popilasyon ap maspinen epi Matirize.

Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH rete Kwè gwoup ki pote Zam yo pa t’ap gen tout pisans sa yo, tout fòs frap sa yo ak tout pouvwa sa yo si Leta pat Makonnen sosis li ak yo. Se Leta sa Ariel Henry ap dirije. Leta k’ap souse san pèp, leta k’ap Sasinen pep, leta k’ap planifye lanmò pèp. E se yon wont pou tout fanm ak gason ki fè pati pouvwa sanginè sa kap kontinye pilonnen dwa moun.

Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH konstate Ariel Henry fè Dwa moun tounen twal mouye pou l pilonnen e se pou sa ECCREDHH mande pou plent kontinye depoze kont pouvwa sa espesyalman kont Ariel Henry paske yon Jou Lajistis ap reprann eskanp figi l, lap sispans anba grif piyajè ak konplotè e menm si lòtè zak kriminel sila yo ta gentan fè vwèl pou peyi san chapo, zosman yo ap trennen devan tribinal pou kondanasyon.

Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH egzije mezi pran prese prese pou tabli klima lapè nan kominote yo..

Pou Otantifikasyon:
Me Louimann MACEUS,av, Sekretè jeneral ECCREDHH
Me Gesnel PIERRE, Av. Kowòdonatè jeneral ECCREDHH

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.