8 octobre 2026
AYITI KOUPE FACHE – KWONIK #18
Actualités Société

AYITI KOUPE FACHE – KWONIK #18

Ayiti Koupe Fache ap salye tipeyzan nan nòdès yo sitou nan plenn Maribawou nan zòn Wanament pou kouraj, antouzyasm ak detèminasyon yo lan konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la. Konstriksyon kanal sa a, se dwa legal peyizan ayisyen pou yo jwenn dlo pou wouze jaden yo. Kidonk gouvènman ak boujwazi dominiken pa gen okenn dwa foure bouch yo, ni di kwakseswa sou kesyon konstriksyon kanal la. Prezidan dominiken Abinadè sòti pou li kraponnen moun lan zòn lan. Li voye lame sou fwontyè a, li fèmen fwontyè. Se yon enpètinans pèmèt! Men nou konnen tout sa se bobin, se kòlè krapo. Kanal la ap konstwi wè pa wè, vle pa vle!  KANAL PAP KANPE (KPK)!

Fòk nou raple jounen jodi a, si se tipeyizan nan Wanament ki blije ap mobilize pou konstwi yon kanal pou wouze plenn Maribawou, se rezilta politik reyaksyonè Leta ayisyen depi konbyen lane ki te toujou chita sou kraze tout pwodiksyon nasyonal. Kidonk, yo louvri vant peyi a bay konpayi miltinasyonal piye, kote zòn trè fètil ki kapab pwodui manje, yo koule beton sou yo pou vin fè yo tounen zòn franch ak faktori/izin soutretans jan sa defini nan plan neyoliberal la. Oubyen yo sezi tè tipeyizan pou konstwi kay prive, oubyen pou vann, oubyen pou lwe, nan gagòt espekilasyon. 

Pandan grangou ap mare vant plis pase mwatye popilasyon ayisyen an,  apeprè 6 milyon moun, tipeyizan nan plèn Maribawou sonnen kòn lanbi rezistans lan pou jwenn dlo pou wouze bout tè ki rete nan plenn lan pou relanse pwodiksyon agrikòl nan depatman Nòdès la.  

Ayiti Koupe Fache sipòte rezistans sa a pandan Leta ak boujwazi ayisyen an chita sou vyolans gang pou bloke tout mobilizasyon klas popilè yo nan sant vil yo tankou nan Potoprens ak Latibonit. Men, fòk nou fè atansyon ak politisyen vye rat do kale k ap vin pran woulib sou do nou. Depi kanal la koumanse konstwi, avan yon bat je, nou wè yon pakèt politisyen atoufè, ak opòtinis koumanse vin lan zòn lan. Y ap fè gwo deklarasyon kòmkwa yo la pou defann enterè peyi, y ap defann dwa pèp, elatriye… Politisyen sa yo te toujou mare sosis yo ak boujwa yo, ak grandon yo, ak pouvwa Leta a pou kraze tout pwodiksyon tipeyizan, vòlò tè tipeyizan pou fè zòn franch, bay konpayi miltinasyonal pou eksplwate min. Kreyon klas popilè yo ak tipeyizan yo pa gen gòm!  

Fòk nou poze tèt nou kesyon: Kanal sa a, se lan enterè ki moun lap fèt? Se w kesyon ki enpòtan ANPIL! Fòk nou klè, solidarite ak tipeyzan ak klas popilè yo pou konstwi kanal la se yon siyal pou mete enterè klas popilè ak tipeyizan nan wonn sant la,  opremye plan. Jounen jodi a, anpil moun ap pale de souvrènte alimantè. Nou tout konnen, kesyon otosifizans alimantè, kidonk pou nou kiltive manje, pou vant nou pa depann de peyi etranje, se pa ni grandon, ni boujwa enpòtatè, ni leta boujwa ayisyen an k ap ba nou sa. Se poutèt sa, batay pou otosifizans alimantè dwe chita sou batay pou klas popilè yo ak tipeyizan yo kraze rejim ekonomik ak politik pezesouse a. Batay pou pran kontwòl dlo ak tè k ap fè pwodiksyon nan enterè tipeyizan se premye faz nan batay pou konstwi yon peyi granmoun nan zafè lamanjay. 

Alòs jounen jodi a, si n ap goumen pou kanal, pou nou jwenn dlo pou wouze jaden nou, fòk kanal dlo sa a al wouze tè tipeyizan yo. Fòk se òganizasyon otonòm tipeyizan ki gen kontwòl kanal dlo a.

An nou klè, fòk nou rasanble ak gonfle fòs nou, fòk nou òganize nou, pou nou di byen fò: se nou tipeyizan ki travay tè, se nou tipeyizan ki bay peyi a manje, se nou tipeyizan ki pou kontwole kanal dlo a, se nou tipeyizan ki pou mèt tè a! Se la tout sans konstriksyon kanal dlo nan Rivyè Masak la chita.                                Batay la fenk koumanse!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.