Regroupement Education Pour Toutes et Tous
Delma, 8 septanm 2023
Nòt nan okazyon Jounen entènasyonal alfabetizasyon
« Pwomosyon alfabetizasyon pou yon mond ki nan tranzisyon: Mete fondasyon pou yon sosyete dirab ak pou lapè », se anba tèm sa jounen entènasyonal alfabetizasyon ap selebre 8 septanm sa selon INESC)-NasyonZini. Na peyi nou an, Ayiti, jounen sa ap rive nan yon kontèks difisil kote bandi ak zam ap mete moun deyò lakay yo nan peyi a, patikikleman nan Kapital peyi a, nan depatman lwes ak nan depatman latibonit. Leta pa fè anyen serye pou garanti sekirite moun nan peyi a.
Sitiyasyon fét ekspre sa a, pa rive ni tou pa p rive anpeche n kontinye lite pou dwa nou genyen pou tout jenn moun ak tout granmoun alfabitize nan peyi a tout bon vre.
Nan peyi DAyiti, jouk jounen jodi a, se preske 40 % jenn ak granmoun ki analfabet, anviwon 39 % (35,7% gason ak et 42, 7 % fanm). Pousantaj analfabet sa yo depase pousantaj analfabet nan peyi Amerik Latin ak Karayib ki se an mwayenn 10%. Se yon enjistis. Se tou yon eskandal.
Anplis sa, alfabetizasyon an selman li, ekri, ak kalkile a, dwe evolye nan sans edikasyon fondamantal jèn ak granmoun epi kontinye tout tan moun nan ap viv.
Nan Jounen sa a, Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) swete yon jou peyi a va genyen kondisyon ak otorite nan leta ki pran bon jan dispozisyon pou devlope tou bon vre jèn ak granmoun nan peyi a.
REPT renouvle volonte l pou l kontinye mobilize pou alfabetizasyon nan kad edikasyon jèn ak granmoun rive devlope nan tout peyi a. Sa se jistis ak réspė dwa moun genyen pou jwenn ledikasyon.
William Thėlusmond
Direktė Egzekitif REPT
Tel.: (509) 3122-6920
Imel: wthelusmond@gmail.com