Lèt tou louvri pou pèp Ayisyen an

0
583

LÈT TOU LOUVRI POU PÈP AYISYEN AN 

Réf : #00013. 

                        Petyonvil Ayiti, jou ki 03 septanb 2023, 

Pati politik #MOUHVHE ki se Mouvman kap chache pyese ak kole Ayisyen kap viv Ayiti ak lòtbò dlo yo, (Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’Etranger) salye laprès an jeneral e sitou pèp Ayisyen an patikilye e santi li toumante ak endinye pou jan lap gade kalamite, sitiyasyon peyi a, moun ladan l kap depafini nan yon ensekirite jeneral ke dirijan leta yo planifye nan gwo konplisite ak yon ban’n enstitisyon nasyonal tankou entènasyonal ki sou lobedjans 3 gwo anbasad nan kapital peyi a.  

Atitid demeplè kitel mache sa pa gadem otorite defakto ki kidnape pouvwa politik la afiche depi plis ke 2 lane, sa ki lakòz pati politik MOUHVHE pap sispan’n mete dlo nan bouch li nan kontinye denonse ak mete toutouni otorite kriminèl sila yo ki ap kase men ak kou nou nan jwi lajan tax nou ak pouvwa e ki mete ak anbasad etazini, anbasad lafrans, anbasad canada, Coregroup, Binuh, boujwazi sankoutchya ak ti mesye a sapat nan geto yo ki anpeche van lavi, chanjman ak devlopman global soufle sou peyi a, pou tout pitit li yo alawonbadè kapab rale yon souf, viv nan lapè ak kè poze. 

Pati a ap kontinye kesyone zonbifikasyon, lachte ak reziyasyon pèp sila a jounen jodi a. Pèp vanyan sa a ki te fè listwa a, nasyon Ayisyèn eksepsyonèl sa a ki te batay jiskobou nan Grenadye Alaso sa ki mouri zafè a yo a; pèp sila a ki te fè 1986 la ka aksepte pwòp dirijan lakay li yo mete ak yon ti gwoup zwit trèt, kriminèl, pitit ak pitit pitit Konze ke nou tout konnen kote yo rete pèmèt yo ap fè dlo koule nan zye nou chak jou. Yo mete ak enperyalis, kolon entènasyonal la, pou yo fè nou kouri kite peyi a nèt tankou Chadiran e si nou pa vle e ap fè wòklò pran pòz nasyonalis nou, yo sèmante 7 fwa 77 fwa pou yo voye chase nou lakay nou, touye nou ak boule nou tou vivan. 

Nan yon nòt pou laprès #0003 li te sòti e te ran’n piblik 11 dawou 2021 an avan menm kriminèl sa yo te ofisyalize nan pouvwa a ak gouvènman defakto yo a, pati #MOUHVHE te alète nou, kale zye nou sou chimen gwo malè pandye mesye dam eskanmòte sa yo pral mennen bak peyi a si nou pa mete kanpe pito yon Konsèy Nasyonal Souveren (KNS) kap gen pou misyon remete peyi a sou ray 7 fevriye 2026 ak 7 gwo chantye. Nap raple nou li pa jan’m two ta pou nou ratrape tout tan nou pèdi deja yo depi 7 fevriye 2022.  

Atik 149 konstitisyon an paka aplike ni bay woulib ankò. Moun nan pouvwa ki la yo se sou akò akròkò zanmitay kòkòday yo chita, yo pap janm ni aplike, ni respekte sa yo di, sa yo siyen paske objektif yo se fè tan pase pou moun entènasyonal yo jiskaske yo fè 5 kan e plis nan boul figi ak 2 nawè nou nan separe ak fè kado tout richès peyi a genyen. Se pa san rezon gen yon gwo towo gwonde ki nan fè machin elektrik enterese ak peyi nou konsa. 

Malfektè defakto ki la yo pa ka apran’n nou ni pwouve nou anyen ankò. Yo de movèz fwa, djakout yo vid, yo san gou, yo ekspire depase limit yo. Nou pa ka kite yo fini ak nou nèt ale. An’n gonfle ponyèt nou, mache sou yo pou’n depoze yo e jete yo nan poubèl listwa.  

Pati politik #MOUHVHE di nou #ReveyeNou, #KaleJeNou ! Ann sispan’n sèvi yo mouton pèp Ayisyen ke yap mennen labatwa chak jou.  

Se pou sa pati #MOUHVHE ap kontinye pou’l di nou :  

*AN NOU ENPOZE EKZEKITIF AYISYEN PA NOU PÈP AYISYEN*  

Yo te fè TWIT pou yo an 2021, an nou fè X pou moun pa nou an 2023.  

An nou mete kanpe ak enpoze prese prese Konsèy Nasyonal Souveren KNS la. 

Yon konsèy ekzekitif ak 15 manb ki sòti nan tout depatman peyi a ak nan dyaspora. 1 manb nan chak depatman peyi a ak 1 manb nan 5 gran aglomerasyon dyaspora a kap ba nou 10+5 =15 Patriyòt Ayisyen Vanyan, Konsekan ki pap trayi, ki pap nan rans, ni mache tèt bese devan kolon ak enperyalis. 15 Desalinien zye yo byen kale e ki pap nan konbèlann ak tete lang ak pyès moun ak enstitisyon ki pap vle respekte lwa, lòd ak règ ki etabli yo pou bon fonksyonman viv ansanm lan.  

Si nou pa pran kontwòl peyi nou pou nou ka deside ak kiyès nap rezanmi, 90% nan nou ap gentan fini pati ou peri.  

Men misyon KNS la : 

1) Mete an mòd poz konstitisyon nou an ki pa janm aplike ni respekte a. Netwaye ak ranfòse lapolis, lame, meri yo ladwan ak pran kontwòl total peyi a pou pèmèt sekirite, lavi, byen ak biznis repran’n nan tout kwen nan peyi a.  

2) Ranfòse relasyon jewopolitik Ayiti ak peyi tankou Chine, Venezwela, Kiba, Koredinò, Risi elatriye…  

3) Rewè ak reyevalye relasyon peyi Dayiti ak peyi tankou Etazini, Vatikan, Kolonbi, Sendomeng, Kanada, Frans, peyi Kògwoup yo, òganism tankou OEA, ONI, Binuh elatriye…  

4) Fonde linite Ayisyèn nan atravè yon akò global de gouvènans kap otodetèmine konviksyon ak chwa sistèm politik nasyon an pou pran vwa estabilite ak devlopman. 

5) Nasyonalize tout byen ak biznis prive kowonpi demeplè yo, espyon ak trèt nan peyi a.  

6) Konvoke Dyalòg ak Deba Nasyonal la pou nou kapab elabore ak adopte yon nouvèl konstitisyon enklisif nan referandòm.  

7) Òganize remèt pouvwa a nan rezolisyon ki sòti nan Dyalòg ak Deba Nasyonal la 7 fevriye 2026.  

Nap raple pou tout moun ke pati #MOUHVHE ap toujou rete akwoche ak ideyal zanzèt yo, sa vle di kreye tout kondisyon pou emèjans yon peyi ak yon nasyon #Lib, #Souveren, #Endepandan, #Pwospè, #Egalitè. Yon Leta Fò pou tout pitit li yo ; yon Nasyon ki te fè listwa e ki dwe rete yon vrè modèl #Libète, #Egalite ak #Fratènite pou tout pèp kap soufri e ke kolon ak enperyalis ap peze kou sou latè.  

Van souverènte kap soufle an Afrik jounen jodi a la se tokèt la li ye paske chay lou ak kou fatal la pou ranvèse nèt ak demantibile plat atè sistèm modèn kolon enperyalis ak esklavajis yo ap jwi depi 1825 la se Ayiti kap potel.  

Bat chen an tan’n mèt li e pa di nou pat konnen. 

Ayiti pap peri ! Ayiti pap mouri !  

Viv #MOUHVHE, Viv Pèp Ayisyen, Viv Ayiti !                                                                                        

Pou Konsèy pati a :  

Ing. Hermain LOUIS                    M. Edwin D’HAÏTI                    Me. Gesner NOZIL 
Coordonnateur Général                          Président                         Secrétaire Général

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.