Yon ti chans pou jenn yo!

0
856

Onorab mèt peyi yo , mwen salye nou . Mwen pa te dwe ekri nou  poun pa panse Mwen vin flate’ n  men pou janm endinye e fristre mwen oblije paske jiskaprezan nou poko jape sa vle di nou gen yon tikras mounite toujou nap eseye konprann Mwen. Mwen mande nou yon ti chans:

Pou ti pèp ki nan katye popilè yo , ki redi jou ak nwit pou klise yon ti kwen pou yo te rete ki Jodi a ap dòmi sou plas piblik  nan seren pafwa ki tranpe ak lapli.

Pou tout lekòl , inivèsite ak tout lòt enstitisyon  ki oblije femen pòt pou zak briganday.

Pou tout antreprenè ak biznismann  ki malgre toujou vle envesti nan peyi a men kidnapin ak sòm lajan nou chwazi ransone yo fè yo oblije pati.

Pou etidyan ki toujou kwè ledikasyon se kle ki toujou brave danje , pèdi nwit ak anpil lòt sakrifis , kap panse kòman pou yo lage pye yo.

Mwen mande nou yon ti chans pou tout Moun ki viktim ensekirite ak vyolans . Nan vwa yo: « Nou bouke , nou pa kapab ankò, nou vle viv ».

Kounya kesyon pa Mwen pou nou san chèche pitye nou:

Kisa nou vle fè ak peyi a?

Kaporal ak zam yo ki pye ak tèt revandikasyon nou yo?

Pèp la bouke , Yon ti Souf .

Mwen pa vle ofanse Bondye , men chak jou Map di li mèsi paske li proteje kont bandi gouvènmantal yo…kounya e moun ki nan lari yo yo pa pitit Bondye eske se priye Mwen priye pase yo? Se pou Mwen moutre nou Moun ki poko viktim yo se mèt peyi ki poko vle.

Eskizem si Mwen ouvri parantéz sa nan lèt la  rezon an se paskem konnen li ap piblik e moun ki konsène ap jwenn li.

Pou Mwen fini, Mwen konnen nou toujou di nap travay pou pèp, se pa menas, si nou kontinye travay konsa,  pèp sa gen pou remèsye nou e se jou sa Map tann. Avan tout sa rive Mwen mande nou ankò yon ti chans.

Perkens Rolf JULIEN

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.