Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun :  »Repons k ap bon peyi a pa nan men etranje ni li pa p vini avèk fòs militè etranje »

0
432

Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) denonse sitiyasyon ensekirite malouk peyi a ap fè fas dènyè jou sa yo. Nou endiye lè n gade kòman bandi ak zam rantre nan Kafou Fèy touye, boule epi vyole fanm. Sitiyasyon malouk sa lakòz plizyè milye moun nan Kafou Fèy pami yo tifi ak tigason lage nan dòmi nan lari. Bandi san fwa ni Iwa pouse yo san yo pa rive pran menm rad pou mete sou yo. 

Nan rantre nò Pòtoprens, patikilyèman nan zòn Kanaran, Rosanbè ak Lilavwa, se menm sitiyasyon an kote se bal k ap chante depi kèk jou. Sa ki lakòz tou anpil moun kòmanse kite lakay yo. SOS pa janm sispann lanse pou pote sekou. REPT gen gwo tèt chaje fas ak sitiyasyon latwoublay sa k ap nwi rantre lekòl la ki plis toujou.. 

REPT di otorite ki nan leta, li pa aseptab pou popilasyon ap viv konsa alòske Leta dwe popilasyon bon jan sekirite. Fòk gouvenman ki la ak lapolis nasyonal jwenn bon jan mwayen nan peyi a pou konbat bandi k ap toumante popilasyon an lannwit kou lajounen. Popilasyon an fatige nan viktim anba men gang ak nan kouri pou gang. 

Nou menm nan REPT nou rete atache avèk lide pou se gouvenman an, lapolis ak Leta ayisyen an jeneral ki pou pran dispozisyon pou kwape zak vyolans k ap fèt toupatou sou tèritwa nasyonal la. Repons k ap bon peyi a pa nan men etranje ni li pa p vini avèk fòs militè etranje. 

REPT di Leta pran responsabilite li pou li mete sekirite nan peyi a pou pèmèt timoun yo kapab ale lekòl san kè sote epi moun ka sikile lib e libè. Se yon dwa popilasyon an genyen, sispann pase I anba pye. 

REPT ap voye senpati I epi eksprime solidarite I ak tout moun ki viktim nan zak vyolans nèg zam nan peyi a pandan I ap mande kontinye mobilize nan lide pou fè tande vwa yo ak pou fè respekte dwa yo. 

Athélusma 

William Thélusmond 

Direktė Egzekitif REPT 

Tel.: (509) 3122-6920 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.