Tanpèt Franklin sou Dominikani. Alèt jòn pou Ayiti, met bab nou alatranp

0
955

Pòtoprens, madi 22 Dawout 2023:. Tanpèt twopikal FRANKLIN ap kontinye deplase sou Lanmè Karayib la. Pou kounya, li lokalize nan zòn Sid Santo Domingo. Gen posiblite pou l atenn kot Nò Ayiti apati demen mèkredi a.

Selon dènye previzyon yo, tanpèt FRANKLIN ap travèse rejyon Sid la nan jounen mèkredi a. Pandan pasaj li, tanpèt twopikal FRANKLIN ap charye gwo van ak lapli sou tout peyi a.

Pwoteksyon sivil ansanm ak Inite Idwometeyowolojik toujou kenbe alèt vijilans jòn sou tout peyi a akoz risk inondasyon ak glisman teren ki ka frape kèk zòn.

Sistèm Nasyonal Jesyon Risk ak Dezas la kontinye mande tout popilasyon an suiv nouvèl pandan pasaj tanpèt twopikal sila.

– Kontinye koute bilten meteyo yo, ansanm ak tout enfòmasyon ofisyèl medya ak enstitisyon yo ap pataje.
– Pa pran lanmè pou anpil tan
– Fè rezèv manje ak materyèl enpòtan.
– Evite ale bò dlo ak flan mòn pandan tanpèt twopikal la ap pase.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap kontinye swiv jan sitiyasyon an ap evolye epi li garanti popilasyon an l ap kontinye kanpe bò kote l nan bon tan tankou nan sitiyasyon difisil yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.