Pozisyon Plizyè pati politik ak òganizasyon siyatè akò 30 dawout la sou represyon politik gang PHTK / Kò Gwoup ak lapolis la ap fè sou popilasyon Kafoufèy la

0
553

Kominike

Pozisyon Plizyè pati politik ak òganizasyon siyatè akò 30 dawout la sou represyon politik gang PHTK / Kò Gwoup ak lapolis la ap fè sou popilasyon Kafoufèy la

Noumenm, òganizasyon politik, pati politik ak òganizasyon sosyal ki siyen akò 30 dawout la ki pote non Akò Montana, leve vwa nou byen wo pou nou denonse ak tout fòs nou, masak, zak asasinay ak vyòl gang telegide PHTK / Kò Gwoup yo pa sispann fè sou popilasyon nan zòn metwopolitèn nan, espesyalman nan Kafou fèy kote anpil konpatriyòt oblije kouri kite kay yo anba bal asansen. Sa ki pi estomake nou, se konpòtman konplis ak sinik pouvwa Kò Gwoup / PHTK/ Ariel Henry a ki kite gang yo ap mache touye, vyole, boule kay moun san kè sote nan kafou fèy, Taba, Latibonit ak anpil lòt zòn nan peyi a. N ap di yo nou konprann, pwojè gangsterize peyi a, li rantre nan kad yon pwojè global pou mete pèp la deyò sèn politik la pou pèmèt pwojè dominasyon, okipasyon ak piyaj richès peyi a fè wout li san pwoblèm, ak konplisite sèten aktè lokal. Se pou sa, tout restavèk lokal k ap dirije leta a, sila yo ki nan boujwazi a ak nan sektè politik la, toujou fè yon sèl ak mafya entènasyonal yo kont pèp la. Paske sa ki enterese yo se souse zo pa yo nan piyaj k ap fèt la. 

Noumenm òganizasyon siyatè akò Montana ki siyen kominike sa, pwofite okazyon sa a pou voye senpati  nou bay tout moun nan peyi a ki viktim zak kriminèl tankou : asasinay kolektif ak vyòl k ap fèt nan katye popilè yo, espesyalman  nan kalfou fèy ki sibi anpil atak gang yo. Fanm, gason, timoun ak vyeya blije  kite lakay yo sèlman ak rad sou yo pou sove po yo anba zak kriminèl gang yo. N ap voye senpati nou tou bay fanmi, zanmi ak kolaboratè selèb jounalis, konbatan Liliane Pierre Paul epi Saico Sévère, Sekretè Jeneral Platfòm Sosyete Sivil Montana ki pèdi lavi li nan lannuit 15 dawout ki sot pase a anba yon emoraji serebral. Nou pataje lapenn yon fanmi ki pèdi 7 moun nan yon sèl jou anba zam rejim kriminèl PHTK/ Kògwoup la nan kafou fèy. Sitiyasyon kawo n ap viv nan peyi a pandan 10 dènye lane yo pote anpil moun ale, sitou sila yo ki gen pwoblèm kè ak tansyon akote dividal moun k ap tonbe anba bal asasen. Tout moun sa yo, se fèzè kawo yo ki asasinen yo.  Òganizasyon ak pati politik ki siyen kominike sa ap mande pèp la rete vijilan, rejim kriminèl PHTK/Kògwoup la ap simen laterè nan tout zòn, tout katye ak vil yo pou jistifye yon entèvansyon militè etranje nan peyi a pou yo kontinye vòlè tout richès nou genyen nan peyi a, patikilyèman richès nou gen anba tè a. 

Pou tout rezon sa yo, noumenm òganizasyon siyatè akò 30 dawout / Montana : 

1) N ap kontinye denonse ak tout fòs nou represyon pouvwa Kò Gwoup / PHTK/ Ariel la ap voye lapolis al fè sou popilasyon an chak fwa yo manifeste kont masak, asasina ak vyòl gang yo ap fè sou yo. Nan dènye moman sa yo, ni gang ni lapolis pa sispann fè popilasyon Kafoufèy la monte yon masuife

2) Nou mande pou diferan enstans nan akò Montana a chita prese prese ak diferan aktè ki anndan ak deyò akò a   pou jwenn ansanm wout ki kapab pèmèt nou rezoud kriz politik ki donnen ensekirite pwograme n ap viv la a.

3 ) Nou mande tout popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, pou pote kole ak popilasyon Kalfou fèy la epi ak tout lòt zòn k ap mobilize kont ensekirite pwograme a ak pouvwa kriminèl PHTK / Kò Gwoup la ak tout konze k ap sipòte yo.

Aba tout tantativ pou ranfòse okipasyon nan peyi a !

Viv lit pèp la !

Viv yon tranzisyon koupe fache !

Oganizasyon ki siyen yo se :

  • Pati Popilè Nasyonal (PPN) / Kenny Bernadin
  • Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè yo / Josué Mérilien
  • Kòwòt Patriyotik / Francisco Alcide
  • AMC-Haiti / Witchner Ormeus
  • Blòk Defansè Akò Montana  (BDA) / Louis Jeune Jn Raymond
  • Sèk Gregory Saintilaire / Cilien Luxénat 
  • Latibonit Kanpe Pou Ayiti (LAKAY) / Rigaud Vélumat 
  • ZOULA / Pierre Dieudoné Delice 
  • Plateforme D’Organisations Pour l’Ideal Boisrond Tonerre (P.O.I.B.T) / Hugues-Kapè Mondesir ak James Francisque
  • FOS-N-157 / Saint-Louis Kesnail Joseph
  • Mouvman Ayiti Kanpe (MAK) / Frandy Jasmin
  • Platfòn Nouvèl Ayiti (PNA) / Valery Coquillon
  • Fanm Vanyan / Francia Félix 
  • Mouvman des Démocrates Natiaunaux (MDN) / Absolus D’johnson 
  • Inisyativ Sitwayen Pou Sove Ayiti (ISPA) / Iswick Théophin 
  • Organisation Des Droits Humains Pour la Gestion des Ressources Humaines (ODDGHEREH) / Antoine Wilphis
  • Fòs Delma 32 / Clerveaux Fritznel 

Pou otantifikasyon 

Josue Merilien (36670798)                              Francisco Alcide (34287478/ 43990078)

Kenny Bernadin ( 37066372 )

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.