25 septembre 2025
Oganizasyon Konbit deklare fòk Ariel demisyone pou lajistis ka fè travay li san kè sote
Actualités Kreyòl Société

Oganizasyon Konbit deklare fòk Ariel demisyone pou lajistis ka fè travay li san kè sote

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo | Fòk Ariel demisyone pou lajistis ka fè travay li san kè sote

Konbit Oganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo ap suiv ak je li byen kale, ankèt k ap mennen sou dosye Jovenel Moise la ak divès lòt ankèt k ap make pa sou plas sou krim san ak krim finansye ki fèt sou rejim PHTK diferan vèsyon yo . Se vre Jovenel Moise se yon asasen ki te toujou fèmen je li sou masak ki t ap fèt nan katye popilè yo ak krim ki t ap fèt kont divès pèsonalite politik, entèlektyèl, jounalis ak lòt sitwayen nan sosyete a. Men sa pa vle di pou limyè pa fèt sou dosye li a. Nou nan KONBIT la, nou te batay kont Jovenel, men nou pat batay pou se asasen ki ranplase asasen. 

KONBIT la aprann jij Walter ki sou dosye Jovenel la mande PM defakto Aryel Henry ak plizyè minis ak direktè jeneral nan pouvwa defakto a pou yo vin bay esplikasyon sou asasina Jovenel Moise la. KONBIT la swete envitasyon sa yo se pa yon teyat anplis pou eseye blanchi sèten moun ki gen non yo site nan dosye a. Nou deja konstate gen plizyè moun ki soti nan kabinè enstriksyon ki vin santi yo pi konfòtab apre yo soti devan jij la. 

Nan sans sa a, KONBIT la mande demisyon gouvènman defakto Ariel Henry a, pou fasilite bonjan dewoulman diferan ankèt k ap fèt sou krim finansye ak krim san ki fèt sou diferan vèsyon pouvwa PHTK yo. KONBIT la kwè, pa gen okenn posiblite pou gen yon jistis k ap fè travay li kòrèkteman lè se kriminèl, mafya ak dilè dwòg ki pran leta a annotaj. Se pou sa, demisyon oubyen depa Aryel Henry ak ekip li a, se yon kondisyon endispansab pou dosye jistis yo vanse epi pou kriz la rezoud. Pagen okenn moun ki gen enterè nan siye yon branch bwa li chita sou li. Se nan sans sa a, KONBIT la pa kwè nan pawòl k ap di Ariel Henry dwe fè pati solisyon kriz la. Solisyon kriz la se demisyon oubyen dechoukaj pouvwa Kò Gwoup-Ariel-Mateli-SDP-Fizyon an.  

Se pou tout rezon sa yo, KONBIT la ap kontinye mande popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, kontinye kenbe mouvman bwa kale a epi kontinye mobilize pou nou jwenn depa pouvwa Kò Gwoup, PHTK ak alye yo. 

Pou KONBIT la

                    Josué MERILIEN                                                                                Guy NUMA

                    Patrick JOSEPH                                                                                Jean Paul BASTIEN

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.