Yon omaj byen merite pou yon potorik fanm
31 Jiyè, menm jan ak tout moun mwen aprann lanmo Lilyann Pyè Pôl.
Lanmo sezi Lilianne nan moman li tap prapare pou al prezante jounal 4 katrè ki se yon jounal randevou pou tout Aysyen depi l fe 4 katrè nan apre midi.
Lilianne fèt nan vil Tigwav nan ane 1953.Kidonk Lilianne kite nou ak 70 rekot kafe.
Men kiyès Lilianne te ye vreman?
Tout moun konnen ke Lilianne pase anviwon 35 lane nan lavi l ap goumen pou lalwa dyol boujonnen nan tè peyi Dayiti.Depi l te jenn tifi, li chwazi konba l ,li ofri lavi l an sakrifis fas ak rejim asasen Divalye yo.
Se pa tout moun ki te ka rive kanpe kont Divalye .Depi w te fesa,se tankou anteman w chante deja san w poko mouri.An bon kreyol ,fok ou ta gen grenn nan boudaw selman pou w ta afronte yon rejim ki te gen pratik antre kay sitwayen pran yo al touye ,yon rejim ki te konn kidnape kadav nan sèkèy (nan zafe Kleman Jimel nan ane 1959).
Daprè Wikipedya,pouvwa Duvalier yo asasinen anviwon 30 mil kretyen vivan an Ayiti.Sila yo ki te gen chans, pati an ekzil,sinon yo te arete yo epi pedi yo nan prizon Fodimanch,yon prizon ki te egal ego ak chanm gaz Itlè te kreye pou touye moun pa anpil pa paket.kazenn Desalin limenm se te kote pou kraze zo moun .Si w ta soti vivan ou paka fouti tounen nomal anko.
Malgre tout aksyon krabinay ak maspinay sa yo Lilyann te konn tande e te wè ak de nawèl ,li te deside chwazi fe yon metye ki danjere anpil nan peryod Tonton makout yo ki pat manje anyen frèt.Pouvwa diktati a te komsidere metye jounalis tankou mouvman kamoken ki te kont gouvenman an.Sa vle di Duvalier te wè jounalis tankou lennmi nimewo en pouvwa yo.
Lillyann pat selman yon jounalis,se te yon militan,se te yon fanm total kapital ki te deside mete pwop lavil an danje pou sove yon sosyete.
Lilyann se te yon Marijann .
Lilyann se te yon Sanite Belè.
Lilyann pat pe tet pou vale kô
Nan tikout deklarasyon Mavèl Danden,konpayon polka jounalis la, li di ke Lilyann te gen abitid fe sekrè sou maladi li.Temperaman sa pa etonem pou pesonalite moun tankou Lilianne.
Mpa konn si Lillianne te soufwi yon maladi kelkonk nan sante fizik li ke l tap kache jan kolèg li Mavèl fe konprann,men li difisil pou l pata sa paske Lilyann te viktim anpil de zak kabrinay ak maspinay nan fizik li sou Duvalye,men pi gwo doulè ,pi gwo blese Lilyann tap viv ak li nan nanm li ,se mak imilyasyon li te subi nan experyans prizon.Mwen tap gade yon kout entèview l tap baw nan yon dokimantè kote li te gen difikilte pou kache dlo nan zye l le jounalis la te mande l pou pale de experyans li te viv nan prizon nan moman yo te arete l la.
Lilyann tap viv ak anpil doulè nan nanm li nan plizyè nivo :
Premyèman, Lilyann te viktim kadejak nan prizon.Lè yon fanm viktim de jan de zak sa yo,se pi gwo imilyasyon li te ka konnen.Sa make nanm li pou lavi.Nan lang save,yo rele sa strès pos-tromatik.Lilyann tap soufwi anpil nan nanm li.Se youn nan rezon Lilyann pat danse kole ak okenn pouvwa ki ta gen tandans diktati.
Dezyèmman,Lilyann tap viv ak anpil desepsyon lè l gade li sibi tout doulè sa yo preske pou gran mèsi.Paske menmsi Divalye pa la anko,men reyalite ki vinn aprè yo se yon veritab dekourajman ak desepsyon.Mtap li sou wikipedia biografi Lilyann kote yo mensyone ke yon ansyen prezidan (ki te toujou reklame tèt li kom makout) te fe kanaval sou li ki te rele « bal bannann » pou te pase Lilyann nan rizib ,moke l nan yon langaj seksyèl devègonde.. Podyab Ayiti!
Twazyèmman,anpil moun nan sosyet Aysyenn nan pat ni konnen ni konprann Lilyann .Mwen obsève avek anpil desepsyon kijan nouvèl generasyon jenès la, akoz lekol ki pa fe travay li, devlope yon espri devalorizan ak meprizan pou Lilyann Pyè Pol sitou pou fason li te konn kritike kek pratik politik an Ayiti.Gen komantè mwen li sou fesbouk ki moutre ke gen moun ki rejwi ,sote ponpe ak lajwa de lanmo jounalis la tankou yon viktwa.Se byen domaj ke sosyete Ayisyenn nan poko devlope nan nivo sivilizasyon pou aprann apresye vale moun.
Pwa doule sa yo Lilyann tap supote a te vinn depase fôs ak kouraj li e finalaman li tonbe.Li tonbe nan mitan konba li te toujou ap mennen.Malgre laj li a 70 rekot kafe sou tet li, Lilyann te toujou rete viv ak espwa ke Ayiti ke l te sakrifye tan l,diyite l, tout lavi l ap chanje pou lavi boujonnen pou tout Aysyen,men domaj,Lilyann kite deye l yon peyi ki pa ni dirije ni administre (pou reprann pawol yon ansyen PM).Yon peyi ki nan ensètitid total kapital .Yon peyi ki tounen yon eskandal,yon lobèy!
Map fè nou konnen ke Lilyann te youn nan ra jounalis ki te valorize lang kreyol nan domenn jounalis an Ayiti.Jounal katrè pat selman yon randevou,se te yon espas revolisyon sosyal kote lang kreyol la te rive antre nan salon tout moun alwonnbadè nan vwa potorik fanm sa.
Eske LiLi travay pou granmèsi? Mpa konnen!
Antouka,li deja pa ti.Li fe sa la Nati te ba l fè .Li ale! Li kite nou nan pale anpil.
Na demele gèt nou,paske mwen konnen nou gen ti pwoblèm sa.Se lè pabon pa la nou konn pa bon te bon!
Mwen retire chapo m byen ba devan kadav gwo kokenn fanm sa ki te rele Lilyann Pyè Pôl
Jodel Coupet
Avoka