25 septembre 2025
Tout revèy make 4trè
Actualités Kreyòl Société

Tout revèy make 4trè

Tout revèy make 4trè

Lè l fè l sa

Tout revèy tris

Se pa yon sekrè pou kè ki sèk

Lili

Ak yon ponyen zetwal nan vwa w

Ou travèse lonbraj ou san rale lari

Li fè 4trè

Se lè tout revèy renmen pote

Depi l fè lè sa kounye a

Peyi a fou

Palè Nasyonal ap fimen foli

Lari pot limyè l yon bò

Tout klòch legliz fatige

Li fè 4trè

Lè l fè lè sa 

Pèsonn pa konnen konbyen vil ki kouche nan vwa w

Lili

Tout timoun konnen

Ak yon rado solèy nan plamen w

Ou janbe matchatcha

Ane 1980 p ap di n kantite dlo je ki vale rèv

Epi jodi a men je w men je letènite

Ou vire do w ale

Ou kite yon lanmè ap woule nan somèy nou

Nou pa gen pou n di w mèsi

Misyon w fenk damare

Poudayè gen yon moso zile ak tout rès kriye k ap kouri toujou

Lili

Si gen demen

Ak de men n n a plante flè Fòdimanch

Iléus PAPILLON

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.