25 septembre 2025
Betiz nan lang kreyòl ayisyen an, prèv vivan seksis nan sosyete a
Actualités Kreyòl Société

Betiz nan lang kreyòl ayisyen an, prèv vivan seksis nan sosyete a

Kanpe nan nenpòt kafou nan lari Pòtoprens osnon nenpòt espas piblik an Ayiti, tankou : mache piblik, estasyon kamyonèt oubyen moto, plas piblik, elatriye, ou p ap pa tande yon betiz pati, ki nan pi fò ka atake Fanm, se kapab seksyalite fanm nan, pèsonalite l, kò l, elatriye. Entèlokitè yo menm monte plizyè kategori jouman pou denigre kò fanm, gen betiz pou atake pa egzanp rantre vajinal fanm nan, si nou site jouman tankou : tou fon, bouda santi, bouda eko … Gen lòt ki devalorize klitoris Fanm nan, tankou : krèk soude, krèk som 119, krèk dawomen … Kon sa tou, gen kèk lòt gwo mo entèlokitè yo konn plis itilize nan enonsyayson yo swa pou louvri yon echanj osnon pou fèmen li, sa yon espesyalis tankou Goffman (1967 : pp. 21-24) rele « Échanges Confirmatifs ». Tout kreyolofòn Ayisyen konnen depi yon Ayisyen ap joure avè w li poko di w konangyèt manman w l poko fini, oubyen gen kèk mo itilizatè yo anplwaye tou pou louvri yon sèn betiz, tankou : gad’on kaka, gad’on chawony, gad’on malpwopte …

Yon ti opsèvasyon anpirik nan kèk mache piblik te ede n konprann reyalite a pi byen, kote nou te tanmen yon ti enntèvyou avèk kèk machann, potè ak moun ki vin achte. Nan ti echanj sa a tout korespondan yo te dakò pou di nou betiz yo itilize pou denigre Fanm yo sonnen pi byen, yo ale ak Fanm nan menm, kòmkwa lè nan yon echanj ou di yon fanm Bouzen santi pa egzanp, li tonbe daplon e li ale ak fanm nan paske se fanm ki bouzen. Pi lwen, gen kèk lòt ki di ala verite pa gen gwo betiz pou di gason, pa gen betiz sal, pike pou di gason, paske yo pa ale ak gason an, kèk betiz ou ka di gason se : vòlè, masisi, kourèd, … sa yo pa sonnen fò. Tout enfòmatè yo te dakò pou di pa gen okenn betiz vrèman ki denigre sèks gason, kòmkidire entimite gason entouchab, sen kòm lasent vyèj, respektab, onorab (eksepte yon korespondan ki te di nou yo di zozo mayas, sa a nou konsidere tankou yon idyolèk nan lang nan). Gen yon chèchè Fanm ki travay sou reyalite sa a ki konkli pou di : « mo ki pi sal yo, pi pike yo lye ak seksyalite Fanm » Moise C. (2011). Pi devan, Larchet (2018) di : « betiz seksis yo revele kijan moun yo konstwi idantite jan yo, sa a ki ede n konprann fason moun yo panse e viv idantite yo kòm moun selon fason yo defini e konstwi tou de sèks yo sou baz kategorizasyon jan yo (Les injures sexistes questionnent à cet égard la construction de l’identité de genre entendue comme la façon dont les êtres humains pensent et ressentent leur identité individuelle en regard des deux sexes définis et construits par l’ordre du genre ) (Tradiksyon konsèp yo pa estandan puiske pako gen yon kategori tèminoloji ki monte pou sèvi kòm ekivalan pou domèn sa a). 

  • Kategori jouman ki konstwi apati vèb ki gen rapò ak fè bagay (verbes sexualisés) 

Jouman ki konstwi apati vèb ki gen rapò ak fè bagay yo atake senpman seksyalite fanm. Si nou pran pa egzanp mo tankou : konyen sou recho, kreve san senyen, ti pèdi, konyen pou dechay, … jouman sa yo se fanm ak tifi yo di yo, se seksyalite medam yo yo atake, pa genyen okenn ekivalan pou di gason. Kreve san senyen siyifi yon tifi adolesan ki gen premye rapò seksyèl li e ki pa bay san, lojikman sa a vle di li nòmal pou senyen apre premye rapò a, nan ka kontrè ou te gen esperyans seksyèl avan sa a ki tou fè w vin pase kòm yon tifi ki pa merite respè. Konyen pou dechay bò pa l enplike materyalizasyon kò fanm, si w ap konyen fòk ou sòti ak yon bagay materyèl se pa sèlman dechay la, sa a ki nòmal nan rapò seksyèl la, gason pa konyen pou dechay Fanm. 

  • Kategori ki prezante fanm nan nan rapò li ak diferan patenè

Pou kategori sa a nou ka konsidere yon betiz tankou Bouzen kòm baz la. Gen plizyè mo sal pou di fanm ki deside jwi seksyalite yo yon fason emansipe, lib e libè, lasosyete pa wè bagay sa a ak bon je ditou. Yon fanm ki dakò gen rapò seksyèl ak plizyè gason osnon plizyè fwa (atansyon la a nou p ap pale de Travayè Seksyèl yo) oubyen yon fanm ki genyen yon patenè li pi gran pase l ap jwenn anpil frap, gwo mo pike pou denigre l, tankou : mamnan rat, ansyen fòd twa pedal, 4X4, piten, ratchyè fè, … Lokitè yo menm itilize diminitif « ti » pou joure tifi yo, yo di yo : ti rat, ti piten, ti bouzen dèyè manman, elatriye. 

Gen plizyè eleman nou jwenn nan tout lang sou latè, betiz fè pati youn nan yo ki egziste nan lang moun pale, nou ka menm konprann ni tankou Universaux du Langage, sa a lenguis yo konsidere kòm reyalite komen nan tout lang. Menm jan gen fason pou nou esprime tan, pou nou esprime lanmou, pou nou esprime lojik, se menm jan an tou itilizatè tout lang sou latè gen fason pou yo esteryorize emosyon negatif yo, tankou : kòlè, layèn, desepsyon, trayizon, .. Se ak lang nan e nan lang nan nou viv, nou egziste atravè li, li reflete tout sa nou ye, tout jan nou konprann lavi e tout jan nou konprann lòt la. Se pa pou san rezon ki fè gen tout yon kategori betiz pou di Fanm an kreyòl ayisyen e ki pa gen okenn ekivalan pou di gason, osnon ki pa egziste ditou nan imajinè moun yo, sa a montre klè kou dlo kòk jan nou se yon pèp ki seksis, sa a montre tou konpreyansyon nou kòm pèp de fanm, de kò fanm, de sekysalite fanm. Li pwouve reprezantasyon debalanse nou fe sosyalman, kiltirèlman ak lenguistikman de fanm. E jou nou ap kòmanse pwone, re-edike e konstwi yon sosyete ki chita sou respè, tolerans ak egalite youn ak lòt eleman lenguistik sa yo ap diminye osnon disparèt otomatikman nan lang nan. 

Lang yon pèp se miwa otantik pou montre jan li konprann monn nan.

Emsline Azor
Lisansye an Syans Lang

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.