Jedi 4 out 2023 ((rezonodwes.com))–
Jou lendi 31 jiyè 2023 a, Lilianne Pierre – Paul, yonn nan jounalis ki pi popilè nan peyi Ayiti, fè vwèl pou peyi san chapo. Yon nouvèl boulvèsan ki pote lapenn, chòk, etònman, refleksyon, men tou reyaksyon bò kote divès pèsonalite ak enstitisyon ki mete chapo ba devan travay remakab jounalis senyò a nan inivè medyatik ayisyen an depi plizyè deseni. Pami latriye enstitisyon sa yo, nou jwenn Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki te onore ko-fondatris Radyo Kiskeya a ak yon plak donè an 2020. Nan yon nòt li pibliye sou rezo li yo, AKA a limen pwojektè sou travay wòdpòte Lilianne ki te toujou mete lang kreyòl nan mitan aktivite l kòm jounalis ki t ap mennen yon konba rèdchèch pou demokrasi ak respè dwa moun an peyi a.
Lilianne Pierre – Paul te yon gran defansè lang kreyòl ayisyen
« Akademi Kreyòl Ayisyen aprann ak anpil lapenn nouvèl lanmò jounalis Lilianne Pierre – Paul lendi 31 jiyè 2023 a. Lilianne Pierre – Paul, ki travèse ak 70 lane sou tèt li, te yon gwo defansè lang keyòl ayisyen an . Yon poto mitan nan kesyon radyodifizyon an Ayiti. Pandan tout tan li t ap egzèse pwofesyon li kòm jounalis, Lilianne te toujou mete lang kreyòl la, ki se lang majorite a, devan. Li te angaje li jan li kapab pou fè respekte dwa lenguistik pèp ayisyen an epi goumen pou libète lapawòl rete vivan. Se yon pèsonaj ki jwe yon wòl fondamantal nan batay pou tabli demokrasi nan peyi a. Se te yon fanm vanyan ki te pran responsabilite sitwayen li nan goumen pou chak grenn Ayisyen kapab jwi libète lapawòl li kòmsadwa », nou t ap site Akademi Kreyòl Ayisyen.
Erezman, Akademi Kreyòl Ayisyen te gentan salye travay Lilianne Pierre – Paul ak yon mak donè depi nan vivan l. Se te nan okazyon pi gwo selebrasyon entènasyonal lang ak kilti kreyòl yo. Nan nòt AKA a, nou li : « Nan dat 28 oktòb, nan okazyon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, nan Palè minisipal, Akademi Kreyòl Ayisyen te remèt bay jounalis la yon Plak donè ak merit, yon fason pou li te di Lilianne mèsi pou bèl kontribisyon li pote nan ede nou konsève eritaj sa a ki se lang kreyòl ayisyen an ».
Lilianne Pierre – Paul rete yon ikòn, yon modèl fanm ki pa t kite angajman ak konba li brannen malgre kontèks sosyopolitik yo pa t toujou favorab pou sa. Se te yon jounalis konsyan ki te kwè efò pou tabli demokrasi nan peyi a ak efò pou lang kreyòl la jwenn plas li kòmsadwa dwe fè yon sèl. Bon travèse grandèt !
Anivince Anervé Jean Baptiste

