FÒS REFLEKSYON AK AKSYON SOU KOZE KAY AK ALIMANTASYON (FRAKKA)
Nòt sou kriz alimantè k ap brase bil peyi a
Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) ap suiv ak anpil tèt chaje, kriz alimantè k ap brase bil peyi a. Nan rapò Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA an franse) mete deyò nan koumansman ane 2023 a, li anonse gen 4,9 milyon moun ki nan gwo pwoblèm pou yo manje. Sa vle di, preske mwatye popilasyon an nan ensekirite alimantè, yo paka manje. Se nan kontèks sa a, Nasyonzini anonse nan mwa jen an, l ap chache lajan bò kote bayè entènasyonal yo pou ede Ayiti.
Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) ap fè tout moun konnen, sitiyasyon gravman grav n ap viv jounen jodi a nan zafè lamanjay :
- Se rezilta sistèm gwo vale piti a ak politik neyoliberal yo k ap aplike nan peyi a depi nan lane 1980 yo. Se bayè fon yo, FMI, gwo miltinasyonal yo ak enperyalis meriken ki te foure manje ranje sa a nan gòj pèp la. Politik neyoliberal la lakoz pwodiksyon lokal la bese plat atè. Jounen jodi a anviwon 80 pou san diri nou konsome nan peyi a soti lòtbò dlo.
- Se rezilta gansterizasyon peyi a ki lakoz anpil peyizan paka pwodui manje epi manje yo rive pwodui yo gen gwo difikilte pou yo travèse wout nasyonal yo. Gen kote se gang ki rekòlte jaden peyizan yo. Tout moun konnen, fenomèn gang nan, se boujwa ak politisyen malveyan k ap alimante li anba benediksyon enperyalis meriken ki fè wout pou zam yo pase san tèt chaje.
- Se rezilta monte gaz la k ap fèt tanzantan sou lòd FMI ki espesyalize nan donnen lamizè nan mond lan. Chak fwa gaz la monte, pri tout pwodui yo monte san gade dèyè
- Se rezilta kòripsyon ki blayi nan tout kò sosyete a. Malgre dega Bill Clinton, lòt mafya entènasyonal ak mafya lokal yo fè nan lajan CIRH la, malgre gagòt lajan petwokaribe a ak gagòt ki fèt nan bidjè peyi a chak lane, vòlè yo toujou ap paweze san kè sote.
Nan sans sa a, FRAKKA kwè kriz alimantè a paka rezoud nan pote kèk sak manje pèpè nan peyi a. Toutan peyi a nan sitiyasyon depandans li ye a nan nivo ekonomik ak politik, kriz la pap rezoud. Kriz manje a marande ak kriz global la. Pou kriz alimantè a rezoud :
- Fòk peyi a gen nan tèt li yon leta ak dirijan responsab ki pa mele ak zak kòripsyon
- Fòk nou bay politik neyoliberal la k ap donnen mizè nan mond lan yon bwa long kenbe
- Fòk tè a nan men peyizan yo pou yo travay epi yo dwe jwenn bonjan ankadreman ekonomik ak teknik pou travay tè a nan bon kondisyon
- Fòk gen bonjan sekirite nan peyi a epi fòk wout nasyonal yo debloke pou manje ka sikile
Nan sans sa a, yon leta responsab ak tout aktè entènasyonal ki vle ede Ayiti tout bon, ta dwe sitou ede Ayiti soti nan sitiyasyon depandans li ye a. Remèd chwal FMI ak Bank Mondyal yo, se plis grangou, mizè ak ensekirite y ap pote nan peyi a.
Pou FRAKKA
Tina Daniel / 37764763 Philippe François / 48275885