« Les Herbes en Folie » | Envitasyon pou patisipe nan ekspozisyon vant pwodwi natirèl pou la sante

0
1109

ENVITASYON POU PATISIPE NAN EKSPOZISYON VANT PWODWI NATIRÈL POU LA SANTE

Kolektif la nan Rechèch, Sperimental, ak Pwodiksyon nan Medsin Tradisyonèl (CREP-MT) envite tout moun ki ap vann pwodwi natirèl pou la sante yo antre an kontak avèk komite kontwòl kalite a.

Nan sans sa a yo envite ou patisipe nan premye Edisyon « Les herbes en folie » k ap fèt nan dat 27 jen an, nan kad jounen nasyonal medsin tradisyonèl la.

Nan menm jou a, kolektif la ap lanse ajans pwodwi natirèl pou la sante an Ayiti. Apre komite kontwòl la valide pwodwi ou yo, ajans lan pral achte yo nan men w epi yo pral tou mete yo sou lis ofisyèl Doktè fèy ayisyen yo.

Se yon garanti pou popilasyon an ki gen konfyans nan pwodwi yo ap konsome a, menm jan tou pou pwodiktè yo ki gen garanti ke pwodwi yo pase « test phytosanitaire ».

Rele Doktè Eboris Berthony Jean Charles nan nimewo sa a: +509 31 02 5934, si ou reponn a egzijans yo.

Medsin konvansyonèl la gen « Agence de produits pharmaceutiques », Medsin tradisyonèl la gen « Agence de Produits de Santé Naturels ».

Adrès kolektif la:
Kolektif CREP-MT. 20, Bois verna Tel: 31025934
Imèl: collectifmedecinetradition@gmail.com

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.