Dimanch 25 jen 2023 ((rezonodwes.com))–
Nan lane 2017, Rhod D’jyvens Telemaque (D-FI) epi Jean Phillipe Antoine (Filip) deside kreye yon label ki rele Evazyon Mizik. Misyon yo se ofri yon kad kote yon seri jenn talan ka jwenn mwayen pou devlope epi pwodui mizik nan lapè. Yo te komanse travay ak Evenie Rose Thafaina Saint-Louis (TaFa). Se konsa ekip la ap grandi pandan y ap pwodui yon seri mizik kalite. 24 desanm 2021, ekip la sòti yon pwojè kolektif ki te rele « Let the story begin”.
Menm jan ak tout ekip, gen moun k ap kite, konsa tou genyen tou k ap vini ogmante lis la. Jounen jodi a, Evazyon Mizik gen anpil talan ladan tankou: Stan, Jo-J, Opak, 2Senk, Penonb, Dark, Winnie, Wellborn, KenFS, Krispek, elt. Nan lane 2022, STAN sòti yon pwojè ki te rele BLACK AND WHITE (BLCKNWHT), Pwojè sa te fè anpil siksè sitou mizik ki rele M PARE a. Nan lane 2023, OPAK sòti yon doub Extended Play (EP) ki rele KONTRAS. Kèk mwa aprè, nan dat 7 me 2023 a, Louis Phene Dorvil ki gen non atis li KRISPEK nèg bèf la sòti yon 2e EP ki rele GID, aprè premye EP a ki te rele « Œil du Tigre (ODT) ». GID gen sou li 7 mizik. Li trete yon seri sijè ki gen rapò ak kouraj, desepsyon, reyisit, travay, onètete, jesyon, pasyans, entèlijans, konviksyon, echèk, antreprenerya, detèminasyon, lanmou, viv ansanm, elt.
Nan kad travay sa, nou envite ou dekouvri nan chak mizik yon seri PUNCHLINE ki enteresan, ki ka ede ou reflechi, analize, konprann yon seri sitiyasyon k ap travèse ou nan lavi a, sitou nan moman difisil sa n ap viv nan peyi a kote gen yon seri fenomèn ki marye sitou ak malsite ki antreve tout posibilite viv nan lapè, kote byennèt kolektif te dwe gide moun k ap deside pou nou yo. Men lis mizik yo :
- LA LA LA
- M fèt nan fanmi pòv
M grandi ladan
E san dout si m pa fon rele sou kò m m ka mouri ladan
- Nan zye avni m dlo komanse kaye
M komanse fè fas ak sa k ta dwe dewoute m…
Enfliyans move zanmi, move lavi, sa yo t ap dechouke m
Bref, moral mwen te pi gran ke sa yo
M te fè ansòt ke MOMAN PRATIK yo pi gran ke STAGE yo
- Se vre m rete SOYÈT, men m mache ak fyète m dèyè m
Sa fè 28 ans yo pako janm rele BARE VÒLÈ dèyè m
- Pafwa anpil nan nou fè erè twoke diyite n
Kont kèk byen materyèl ki p ap lontan pati kite n
San n pa reyalize ke nanm nan enpòtan ke kò a
Si konsyans ou pa trankil, ou pa yon mèd, menmke ou gen lò a
- Kòman ou ta vle w ap viv isit pou ou pa soufri
Lè gen yon lòt pati ki bezwen sechrès ou pou jwenn sous li
- PLAN B feat. ZOMÒ
- Fanmi, lè ou pi detèmine pou ou tonbe w ap jwenn pi gwo glisman
Fè jounen san manje te konn ban m dyare ak vomisman
Men se sa yo k te toujou motive m
E m te konn di yon jou m ap di : « sa te difisil men m rive. »
- SAN REGRÈ
- Cheri ou degrade kè m men ou pa brize l (M REFÈ)
Ou just montre m sa k lanmou, ou fè yon mal pou yon byen (SAN REGRÈ)
- Tout sa k rive an mal, g on bon rezon
Une mauvaise expérience pour une bonne leçon
- VERITE
- Se paske m pa vle gade dèyè ki fè lè VICE kesyone m
m kite ONÈTETE pale pou mwen
- Menm lanmò pa pi gran ke VERITE
84 mil mansonj pa vo yon verite
- Pa gen moso verite
Depi ou kache yon pati, ou bay manti
- Ou mèt fè 50 000 ans ap repete yon mansonj li p ap transfòme an verite
Y ap demaske ou kon CLOCHARD nan kare VIP
- TRVD ft. Stan & D-FI POWÈT REVOLTE
- Temps perdu ne se rattrape jamais
e se tan k pran lavi, je m’en bats les couilles
Vie perdue ne se rattrape jamais
Pouki yon bagay si presye konsa dwe efemè ?
- M pè mache sou tè pou tranbleman l pa touye m
M pa t ap ka suspendu dans les airs koz nenpòt bal ka touye m
paske lòm pa janm sispann tire anlè, clic et boom
y ap touye ou pou pran byen ou kòmsi lè yo mouri yo p ap kite yonn
- Mwen fimen sigarèt pou touye stress mwen
li touye sante m
pafwa m pa konn si m vivan si m mò, yo tou 2 sanble m
kòman m ka santi m SAFE nan yon mond k ap detui
di m, pou premye fwa nan vi m m manke apeti
- Chine, Russie, France, USA, Angleterre, Allemagne, l’Italie, etc.
Grande puissance yo gen twòp kesyon pou yo reponn sou byennèt
- YO P AP KONPRANN
- Lè ou malere, panse an grannèg
Men fò ou aji an malere
Certes, papiyon p ap janm èg
Men yo chak gen yon jan yo ka ere
Gen plizyè lòt fason ou ka manje pen an si l pa ta bere
Se pa 3 ni 4 manyè, konsa bagay yo ye
- Pi souvan anpil nan nou echwe se paske n pa gon chwa,
Nou pa konn STABLE, nou pa gon direksyon, vi a pa konsa
Se vre fò n gen anbisyon men fò n konn jan pou n mezire l
- Nou tout fèt pou n souri
Konsa ou ka soufri tou
- Vi a gen haut e l gen bas
men devan moun piga ou soumis
- Si ou wè jou ou la pako rive petèt ke lè a pako lè ou
Se motivasyon ou pou ou mete deyò, se pa kòlè ou
- Fò ou reflechi byen
Gen erè ou fè ki fè ou kimen
E pa ret sou moun ki pa janm admèt anyen ou fè ki byen
- Y ap demonte ou menmsi ou twò fèb
Demontre yo ou se pwofèt
Pwomèt yo w ap reyisi e mete grenn koz fò ou fè l
- Moun ki rive nan lavi yo se swa destine ou swa ou travay
Petèt ou ou ka oryante destine ou tou, alò pa bay vag
- Pa machande diyite ou frè m, li pa ka vann
- GID ft. KENFS
- Ou dwe konn lè pou ou avanse, pou ralanti ak lè pou ou kanpe
Lè pou ou met LÒT an avan, koz se pa sèl ou k konte
2 zorèy, yon bouch, 2 je
Sispann pale lè pou ou tande
Obsève, lè ou konn analize ou p ap twonpe
- Si ou bite, avan ou tonbe tou prepare leve ou
E selon antouraj ou, mande yon pwòch ou pou l prepare l ede ou
Metrize ògèy ou byen
Yon moun ki rekonèt fòs li sèlman pi fèb ke yon lòt ki konn feblès li byen
- Aksepte ke si ou gen yon perèz se nomal
koz menm sa k pi pi fò yo konn pè
Men lè ou venk li listwa a g on moral
- Premye ranfò ou se fòs ou
Naje pou ou sòti dabò avan ou mande syèl kot Jezi ye
- Tiens bon sur ta branche
si pwojè ou tomber à l’eau, jis fè yo fè laplanch
- M selebre chak viktwa m
M pa bezwen gwo rekò
(KenFS)
- Fèmen zye ou, pa bat kò ou lè kè ou se gid ou
E ou pa bezwen li nan lòt liv lè prensip ou se bib ou
(KenFS)
Boutofen nou we EP a prezante yon seri eksperyans kote solidarite, travay, lanmou ak disiplin tounen poto piyon pou ede jwenn reyisit nan lavi a. Se yon travay ki reyalize nan yon kontèks difisil kote gen yon gwo difikilte pou moun jen nan peyi a paske nou pa jwenn tout ankadreman ak resous nesesè pou n rive granmoun tet nou.
Kensly-Carl Olibrice