Soti 29 me pou rive 2 jen 2023, Regwoupman Edikasyon Pou Tout Moun (REPT) te patisipe nan reyalize Semèn Aksyon Mondyal pou Edikasyon (SAME) 2023, Kanpay Mondyal Pou Ledikasyon ak manm li yo, tankou REPT òganize chak ane depi 20 tan. Tèm ane sa se te « Envesti pou yon mond jis : Ann dekolonize finansman edikasyon depi kounye a. »
Nan divès aktivite REPT te òganize, nou te wè :
1.- Nesesite pou richès ak bidjè peyi a byen kontwole ak byen jere
2.- Nesesite pou mande gouvènman ki la a pou li kanpe sou previzyon li fè pou l redwi bidjè pou ledikasyon an pou lane 2023-2024 pou l tonbe pi ba pase 11.2% ki deja pa menm sifi pou rezoud pwoblèm edikasyon nan peyi a.
3.- Nesesite pou mande gouvènman ki la a, pou l ògmante bidjè edikasyon nasyonal ki reprezante kounya sèlman 11.2 % nan bidjè nasyonal 2022-2023 a, pou l pase nan 15% – 20% jan Leta ayisyen te pran angajman pou fè sa onivo entènasyonal.
4.- Nesesite pou plis pase 3 milya goud peyi a ap peye chak ane sou dèt, sèvi pito pou mete yo sou bidjè edikasyon piblik nan peyi a.
Nou wè tou fondamantalman, nesesite pou peyi a genyen :
1.- Yon Leta ak gouvènman responsab ki granmoun tèt li epi k ap pran desizyon pou devlope ekonomi peyi a nan divès domèn tankou nan agrikilti ak lòt pwodiksyon nasyonal, pou jwenn lajan pou satisfè bezwen popilasyon an.
Edikasyon se yonn nan premye bezwen yo. Konsa ap genyen plis moun k ap travay, k ap touche, k ap rantre bon lajan.
2.- Yon Leta ak gouvènman responsab ki granmoun tèt li dwe pran dispozisyon pou devlope jistis fiskal nan peyi a pou ògmante, kontwole ak byen jere lajan Leta ap rantre,. L ap ka fè sa avèk mezi tankou:
– Mezi pou devlope enpo ki pa gaye sou tout popilasyon (enpo plon gaye) men enpo selon valè byen ak l richès:
– Mezi kont fwod ak evazyon fiskal
– Mezi pou sispann fè kado franchiz pasi pala.
REPT ak lòt òganizasyon epi moun ki te patisipe nan Semèn Aksyon Mondyal pou Ledikasyon 2023 an, pran angajman pou kontinye lite pou Leta ayisyen itilize lajan ki nesesè pou reyalizasyon dwa ledikasyon, dwa tout moun genyen pou jwenn bon kalte edikason piblik, gratis, san fòs kote epi ki fèt nan sans pou transfòme peyi a pou nou tout viv byen.
William Thélusmond
Dirèktè Egzekitif
REPT