Si jodi a n devye nou ka korije sa

1
1102

Iléus Papillon

Alòske anpil melomàn jete kò yo sou kèk lòt tit tankou « Le Plein », « Abracadabra », « Ati sole », « Nikita », Sanpousan », « Dlo dous » pou nou site sila yo sèlman, sou premye albòm ZAFÈM nan, Lalin Ak Solèy, L.A.S, men, pi lwen, gen yon chedèv konpozisyon ki kache kò li sou plak sila, se li ki plis atire atansyon nou. N ap pale de « M p ap fè silans. » Règinald CANGÉ depoze vwa sou li. Se mizik sa menm ki pral fè objè papye sila.

Se vre tout 16 moso sou albòm sa se pyès mètrès, men kontni « M p ap fè silans » lan envite nou frennen sèk sou albòm nan pou di kèk koze.

Mayestwo Dener CÉÏDE kanpe an byen wouye byen koupe, prese raple nou, « si jodi a n devye, nou ka korije sa. » Li pa twò ta pou nou di sètase. E nou gen obligasyon fè sa paske « Gen lòt je k ap gade n. » Nou pa pou kò nou sou latè. Nou dwe sispann konpòtman tankou mal bourik ki anndan yon magazen poslèn. Dener di nou « Ann evite plis dega. » Oui, nou te aprann sa depi nou tou piti, se sèl enbesil ak Bondje ki p ap janm chanje. Ò, nou pa Bondje. Rete pou nou konnen si n ap mouri enbesil. Gen twòp lòt je k ap gade nou. Nou dwe evite twòp dega. Nou dwe sispann suiv mach lafimen. Sispann mode lang nou. Nou dwe sispann koupe branch ki kenbe nou an. Nou dwe aprann de erè nou pou nou pi byen konstwi fiti nou. E, sonje, jenerasyon k ap vini yo pral poze nou kesyon.

Sepandan, malgre tout palavire nasyon nou an ap ranmase anba men politisyen ki mare sosis yo ak blòk kominote entènasyonal rasis la mete ak boujwazi mafya k ap koupe rache san gade dèyè, Dener CÉÏDE di nou chaje richès toujou ki enspire lanmou… Chak komin, chak sit natirèl, chak moniman istorik ak patrimonyal se yon sous richès pou nou valorize epi sovgade pou demen ka pi bèl.

Pawolye a raple nou, pou moun ki gen memwa kout yo, lòt ki manje manje bliye yo, « peyi sa gen listwa l, yon patrimwàn ki fè l sa li ye a. » Souvan chaje moun ki rive sou pouvwa an Hayti nan nenpòt kondisyon: swa nan eleksyon grenn soulye oubyen lòt makòklen vye fòs plake sou pouvwa, yo pa gen okenn dimansyon pou yo konnen enpòtans istorik ak valè sivilizasyonèl peyi sa. Yo pa rive travay pou chanje kondisyon sosyal egzistans pèp sa.

Lè yon sosyete rive nan sitiyasyon makawon konsa, li bezwen vwa pou kriye doulè ak lapèn li.

E se pou sa menm, ZAFÈM kòmanse tèks la pou di nou pa dwe fè silans lè se nou ki vwa k pou pale. Mete sou sa, nou gen yon jenès ki chaje foug, pwomès ak talan… Jèn yo dwe pran responsibilite yo. Jèn yo dwe mete brenn, mete konesans ak kran pou yo remete peyi sa kanpe pandan y ap reyalize rèv pèsonèl yo. Nou dwe sispann mete lespwa nou sou lòtbò dlo pandan etranje ap anvayi zile a. Se pitit peyi a ki dwe rebati li.

Boutofen, kreyasyon gwoup ZAFÈM se deja yon sous espwa ak enspirasyon pou peyi sa ki fin degrenggole. Fondasyon ZAFÈM kreye anpil kontantman. E se yonn nan ra fòmasyon ki pran nesans nou pa tande vwa ki di se yon djaz an plis. Non. Nou santi te gen yon bezwen pou gwoup sa. Pi lwen, fizyon Réginald-Dener sa, selon nou menm, se yonn nan pi bèl moman nan istwa mizik peyi nou an Hayti. Se de (2) mizisyen fètefouni ki kwaze entèlijans yo ansanm pou pote plezi pandan y ap atire atansyon nou nesesite pou nou pran responsablite nou kòm pèp…

Bravo Dener pou tit sa, kout plim frètkach sa, « M p ap fè silans », se yonn nan pi gwo kado ou te ka fè nou. Ewa Réginald pou vwa w n ap chache nan ki bout pou nou kòmanse soti ladan li.

Bon konba ZAFÈM!

Iléus PAPILLON

Mastè nan Patrimwàn

paplus12@gmail.com

1 COMMENT

  1. Wi. Nous kapab korije sa eksepte nou denye depi…plis ke 200 zan! Pouki nou pat korije sa depi lontan? Se ka ki keksyon pou nou poze et repons la kapab ede nou. Map ba’w yon ti poul: 99% elev ki denye se sot you sot.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.