25 septembre 2025
Ayiti nan ke kamyonèt la : pandan Jamayik ap ba li leson, Sierra Leone fèk antre nan konsèy sekirite nasyonzini
Actualités Kreyòl Société

Ayiti nan ke kamyonèt la : pandan Jamayik ap ba li leson, Sierra Leone fèk antre nan konsèy sekirite nasyonzini

Madi 13 jen 2023 ((rezonodwes.com))–

Ayiti soti wo pou l tonbe trè ba. An 1804 tout nwa nan mond lan ak peyi ki te sou kontwòl esklavajis yo te toujou wè nan Ayiti yon modèl , yon refij ,yon sanktyè sitou yon limyè ki kapab gide yo sou wout libète ak lavi miyò.

Jodi a ak anpil endinyasyon se nan youn nan peyi ki plis danjere nan karayib la, politisyen Ayiti ap reyini pou diskite de avni peyi a de pwoblèm ensekerite a.

Nan dènye ane yo, selon estatistik yo jamayik se youn nan peyi ki gen plis ensekerite nan zòn nan , ane 2022 a plis pase mil moun tonbe anba  vyolans gang kap opere nan plizyè vil.

Jodi a se peyi sa yo kap jwe wòl medyatè nan kriz Ayiti a, kap bay aktè nou yo leson sou kijan pou yo jere peyi yo.

Mwen wont ,mwen endinye kòm jèn kap etidye nan  peyi etranje men ki ta toujou vle rete fyè de peyi li akoz de listwa peyi l ak sa li te toujou reprezante nan mond sa.

Nan tout sa yo , sa ki pi imilyan toujou e ki ta dwe fòse aktè yo pran konsyans , Sierra Leone yon ti peyi an afrik la ki te konnen kriz menm jan ak ayiti koumansman ane 90 yo ,jodi a entegre konsèy sekirite Nasyon zini.

Ann pa bliye konsèy sa se pi gwo enstans desizyon nan òganizasyon an kote se aktè sa yo kap deside sou lapè ak sekirite nan mond lan.

Menm jan ak Ayiti,  te gen fòs ONU ki te debake nan peyi sa men diferans lan malgre tout goumen , apati ane 2000 yo aktè politik peyi sa deside jwenn yon antant, yo chanje trajektwa peyi yo .

Kote pa nou ,nou menm an Ayiti nou kontinye ap benyen nan labou a, nou kontinye nan menm erè yo jiskaske etranje ap pasen nan tenten, tout ti peyi jodi a ki ta dwe ap reflechi sou pwoblèm pa yo ap ban nou leson.

Jodi a , sa nou dwe konnen ,kriz ayisyèn nan kapab sèvi opòtinite pou anpil ti peyi jan l konn toujou ye . Se sak fè anpil ti peyi ap deklare chak jou yo pare pou fè pati yon fòs entènasyonal an  Ayiti pandan yo pa gen ekspètiz pou sa.

Nan zafè rezoud kriz selon rechèch yo , gen plizyè bagay ki ka motive yon peyi : enterè ekonomik ( twoup yo , pwofesyonèl yo resevwa  kontribisyon ONU ) enterè estratejik ( yo itilize espas yap entèvni an kòm tèren eksperimantasyon) , politik etranjè ( yap montre yo kapab jwe yon wòl nan gouvènans mondyal la) .

Nan sans sa , nou dwe rete vijilan ak tout manèv kap fèt nan entènasyonal la pou eseye jwenn yon solisyon kosmetik ak kriz la , ki pap ka eden rezoud pwoblèm yo definitivman.

Ayiti bezwen yon lòt modèl kowoperasyon ak entènasyonal la , nasyon zini ak gwo peyi yo konnen trè byen ki meyè fason yo kapab ede Ayiti. Inisyativ nan gwo otèl nan peyi etranje ki koute gwo lajan sa yo pat janm bay rezilta dep an 91.

Mathias DEVERT

Politologue

Spécialiste des Relations Internationales

mathiasdevert@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.